Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jude 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jude, servant of Jesus Christ and brother of James, to those called, loved in our Father and kept for Jesus Christ: Jude, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, epi frè la a Jacques, ekri a sa yo ki rele sen nan Bondye, Papa a, epi ki konsève pou Jésus Kri.
2 May mercy, peace, and love be multiplied to you. Ke mizerikòd la, lapè, ak lamou kapab ogmante anvè nou.
3 Beloved, though eager to write about our shared salvation, I had to write urging you to fight for the faith once for all given to the holy ones. Byeneme yo, pandan mwen t ap fè tout efò pou ekri nou selon delivrans ke nou pataje ansanm, mwen te sanse ke m te bezwen ekri nou epi plede avèk nou ke nou lite fò pou lafwa ki te delivre yon fwa pou tout a sen yo.
4 For some have slipped in unnoticed, long ago marked out for this judgment—godless people who twist our Father's grace into a license for lust, and deny our only Master and Lord, Jesus Christ. Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.
5 Now I want to remind you, though you already know all this, that Jesus, having saved a people out of the land of Egypt, afterward destroyed those who did not believe. Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.
6 The angels who didn't keep their own position but left their proper home, he has kept in eternal chains, under deep darkness, for judgment on the great day. Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandonnen pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman a nan gran jou a.
7 Likewise Sodom, Gomorrah, and the nearby towns, given to sexual sin and pursuit of unnatural flesh, stand as an example, suffering the punishment of eternal fire. Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, se prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl a.
8 Yet these dreamers likewise pollute their flesh, reject authority, and insult glorious ones. Malgre sa, moun sa yo fè menm bagay la. Ak rèv ke yo fè, yo defile lachè a, rejete otorite a, epi meprize zanj majestik yo.
9 But Michael the archangel, contending with the devil, argued about Moses' body, not daring to bring an insulting judgment against him, but said, "May our Father rebuke you." Men lakanj Michel, lè li te dispite avèk dyab la, epi te despite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononse yon jijman cho, men te di “Ke Bondye bay ou repwòch.”
10 But these people insult whatever they don't understand; what they do understand by instinct, like unreasoning animals, destroys them. Men moun sa yo meprize sa ke yo pa menm konprann. Konsa, se pa bagay yo ke yo konnen pa lensten, kon bèt ki pa ka menm rezonen, ke yo vin detwi.
11 Woe to them! They took Cain's path, rushed for pay into Balaam's error, and died in Korah's revolt. Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.
12 These are hidden reefs at your love feasts, feasting with you without fear, feeding only themselves—dry clouds blown by wind, fruitless autumn trees, twice dead, uprooted. Moun sa yo se resif yo k ap kashe nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm;
13 Wild waves of the sea, foaming up their own shame; wandering stars, for whom deepest darkness is kept forever. volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite lenpirite yo; zetwal erann pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.
14 Enoch, the seventh from Adam, prophesied about these also: "Look, our Lord Jesus came with ten thousands of his holy ones, Epi selon sa yo tou Énoch nan setyèm jenerasyon Adam, te fè pwofesi e te di “Byen gade, Senyè a te vini avèk anpil milye yo a moun sen pa Li yo,
15 to execute judgment on all and to convict every person of all the ungodly deeds they have committed in such an ungodly way, and of all the harsh things that ungodly sinners have spoken against him." pou egzekite jijman sou tout, epi pou fè rann kont a tout enkwayan yo avèk zak enpi pa yo, ke yo t ap fè nan yon jan ki san respè Bondye, epi tout move bagay ke pechè yo san fwa te pale kont Li.”
16 These grumble and complain, chasing their own desires; their mouths boast, and they flatter people for gain. Sa yo se moun k ap plenyen fò nan gòj, k ap toujou twouve fòt, epi k ap swiv pwòp lanvi lachè pa yo. Yo pale avèk awogans, flatè moun, pou yo kapab gen yon avantaj.
17 But you, beloved, remember what our Lord Jesus Christ's apostles said beforehand. Men nou, byeneme yo dwe sonje pawòl yo ki te pale oparavan pa apot a Senyè nou yo, Jésus Kri
18 How they told you: "In the last time there will be mockers, following their own godless desires." ke yo t ap di a nou ke “Nan dènye tan, ap gen mokè yo, k ap swiv pwòp lanvi pa yo san fwa nan Bondye.”
19 These are the ones who cause divisions, worldly people, devoid of the Spirit. Se sa yo ki lakòz a divizyon yo, moun k ap reflechi kon lemonn lan, ki san Lespri a.
20 But you, beloved, building yourselves up in your most holy faith and praying in the Holy Spirit. Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an.
21 Keep yourselves in the love of our Father, waiting for the mercy of our Lord Jesus Christ, leading to eternal life. Kenbe nou menm nan lamou Bondye, epi toujou tan swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.
22 And have mercy on those who doubt; Fè mizerikòd sou kèk k ap doute,
23 save some by seizing them from the fire; show others mercy in fear, hating even the garment stained by their sin. sove lòt. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.
24 Now to him able to keep you from stumbling and set you blameless before his glory with great joy, Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fòt avèk gran jwa,
25 to our Father alone, our Savior, through Jesus Christ our Lord, be glory, majesty, dominion, and authority, before all time and now and forever. Amen. a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]