Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 29 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

Yon sòm David

1Bay a SENYÈ a, O Fis a moun pwisan yo,bay a SENYÈ a, glwa avèk gwo fòs.

2Bay a SENYÈ a, glwa ke non Li merite a.Adore SENYÈ a avèk tout sa ki sen.

3Vwa SENYÈ a sou dlo yo.Bondye glwa la fè tonnè gwonde, eklate.SENYÈ a sou anpil dlo.

4Vwa SENYÈ a gen gwo fòs.Vwa SENYÈ a ranpli ak majeste.

5Vwa SENYÈ a fann bwa sèd yo.Wi, SENYÈ a fann an mòso bwa sèd Liban yo.

6Li fè Liban sote. Li ponpe tankou yon ti bèf, eSirion tankou yon jèn bèf mawon.

7Vwa SENYÈ a koupe fè flanm dife.

8Vwa SENYÈ a souke savann nan.Vwa SENYÈ a souke savann Kadès la.

9Vwa SENYÈ a fè bich la fè pitit.Li fè forè a vin toutouni.Nan tanp Li a, tout moun ki la yo rele: “Glwa”!

10SENYÈ a te chita kon Wa nan gran inondasyon an.Wi, SENYÈ a chita kon Wa jis pou tout tan.

11SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]