Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Psalms 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My Father is my light and my salvation—whom should I fear? My Father is the stronghold of my life—of whom should I be afraid? SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?
2 When evildoers close in on me to devour my flesh—my adversaries and my foes—they are the ones who stumble and fall. Lè malfektè yo te rive sou mwen pou yo ta devore chè m, advèsè mwen yo ak lènmi m yo te chape tonbe.
3 Though an army should camp against me, my heart will not fear; though war should rise up against me, even then I will be confident. Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè. Malgre lagè leve kont mwen, malgre sa, m ap gen konfyans.
4 One thing I have asked of my Father, this is what I seek: that I may dwell in his house all the days of my life, to gaze on his beauty and to seek him in his temple. Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
5 For he will hide me in his shelter when trouble comes; he will conceal me under the cover of his tent; he will set me high upon a rock. Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch.
6 And now my head will be lifted high above my enemies surrounding me, and I will offer sacrifices in his tent with shouts of joy; I will sing and make music to my Father. Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
7 Hear my voice, my Father, when I cry out; be gracious to me and answer me. Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m. Fè m gras e reponn mwen.
8 My heart says of you, "Seek his face." Your face, my Father, do I seek. Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”, kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ, se li mwen va chache.”
9 Do not hide your face from me; do not turn your servant away in anger—you have been my help. Do not abandon me or forsake me, my Father, my salvation. Pa kache figi Ou de mwen. Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou. Se Ou ki konn sekou mwen. Pa abandone mwen, ni kite m sèl, O Bondye delivrans mwen an.
10 Though my father and my mother forsake me, my Father will take me in. Paske papa m ak manman m te abandone mwen, Men SENYÈ a va ranmase mwen.
11 Teach me your way, my Father, and lead me on a level path because of those who lie in wait for me. Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
12 Do not hand me over to the will of my adversaries, for false witnesses have risen against me, breathing out violence. Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo, paske fo temwen yo vin leve kont mwen, sila k ap respire vyolans yo.
13 I am certain of this: I will see the goodness of my Father in the land of the living. Mwen toujou gen konfyans sa a: ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.
14 Wait for our Father; be strong, and let your heart take courage; wait for our Father. Tann SENYÈ a. Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj. Wi, tann SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]