Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Lamentations 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Remember, our Father, what has happened to us; look and see our disgrace. Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an. Gade pou wè repwòch nou.
2 Our inheritance has been turned over to strangers, our homes to foreigners. Eritaj nou te bay kon don a etranje yo, kay nou yo a moun nou pa konnen.
3 We have become orphans, fatherless; our mothers are like widows. Nou te devni òfelen san papa. Manman nou yo tankou vèv.
4 We pay for our own water to drink; even firewood costs us money. Nou oblije achte dlo pou nou bwè. Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
5 Our pursuers are at our necks; we are worn out and given no rest. Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou. Nou vin bouke nèt. Nanpwen repo pou nou.
6 We submitted to Egypt and Assyria just to get enough bread. Nou te vin soumèt devan Egypte ak Assyrie pou nou jwenn ase pen.
7 Our ancestors sinned, and are no more; and we bear their punishment. Papa zansèt nou yo te peche, men yo pa la ankò; se nou menm ki te pote inikite pa yo.
8 Slaves rule over us; there is no one to free us from their grip. Se esklav yo k ap domine sou nou; nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
9 We risk our lives to get our bread, because of the sword in the wilderness. Nou riske lavi nou pou jwenn pen akoz nepe nan dezè a.
10 Our skin is hot as an oven, scorched by the burning heat of famine. Po nou vin kwit tankou yon fou, akoz gwo chalè grangou a.
11 Women are violated in Zion, virgins in the cities of Judah. Yo te ravaje tout fanm Sion yo; vyèj lavil a Juda yo.
12 Princes are hung up by their hands; the elders receive no respect. Prens yo te pann pa men yo; ansyen yo te vin pa respekte.
13 Young men toil at the millstones; boys stagger under loads of wood. Jennonm yo te fòse travay devan moulen an e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
14 The elders have left the city gate, the young men their music. Ansyen yo ale kite pòtay la; jennonm yo ale kite mizik yo.
15 The joy of our hearts has ceased; our dancing has turned to mourning. Jwa nan kè nou vin sispann; danse vin ranplase pa fè dèy.
16 The crown has fallen from our head. Woe to us, for we have sinned! Kouwòn nan soti sou tèt nou; malè a nou menm, paske nou te peche!
17 Because of this our heart has grown faint; because of these things our eyes have grown dim. Akoz sa, kè nou febli; akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
18 For Mount Zion lies desolate; jackals prowl over it. Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt, rena yo fè patwouj ladann.
19 You, our Father, are enthroned forever; your throne endures from generation to generation. Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan; twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
20 Why do you forget us forever, forsake us for so many days? Poukisa Ou bliye nou jis pou tout tan? Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
21 Restore us to yourself, our Father, and we will return; renew our days as they once were, Restore nou a Ou menm O SENYÈ, pou nou ka vin restore. Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
22 unless you have utterly rejected us, and are angry with us beyond measure. Men Ou deja fin rejte nou nèt. Ou rete byen fache nèt ak nou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]