Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Lamentations 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 How the gold has grown dim, how the purest gold is changed! The sacred stones lie scattered at every street corner. A la briyans lò a vin bese! Lò pi a pa menm ankò! Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.
2 The precious children of Zion, once worth their weight in fine gold, how they are now counted as clay pots, the work of a potter's hands! Pyè presye a fis a Sion yo; ki gen valè kon lò fen, gade kijan yo konsidere kon veso tè, travay a potye a!
3 Even jackals offer the breast and nurse their young, but the daughter of my people has turned cruel, like ostriches in the wilderness. Menm chen mawon yo konn bay tete; yo kite pitit yo souse yo. Men fi a pèp mwen an te vin mechan kon yon otrich nan dezè.
4 The tongue of the nursing infant sticks to the roof of its mouth from thirst; the children beg for bread, but no one gives them a piece. Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo, tèlman yo swaf; ti piti yo mande pen, men pèsòn pa kase bay yo.
5 Those who once feasted on delicacies now lie desolate in the streets; those who grew up wearing fine purple now cling to ash heaps. Sila ki te konn manje ti manje delika yo, vin abandone nan lari. Sila ki te leve nan abiman an mov yo ap degaje yo chèche kaka bèf.
6 The guilt of the daughter of my people is greater than the sin of Sodom, which was overthrown in a moment, though no human hand was laid against her. Paske inikite a fi a pèp mwen an pi gwo ke peche Sodome, ki te boulvèse nan yon moman, san pa t gen men ki boulvèse l.
7 Her princes were purer than snow, whiter than milk; their bodies more rosy than coral, their form like sapphire. Prens li yo te pi pwòp ke lanèj. Yo te pi blan ke lèt. Yo te pi wouj pase koray. Yo te poli tankou pyè safì.
8 Now their appearance is blacker than soot; they go unrecognized in the streets. Their skin has shriveled on their bones; it has dried up like wood. Aparans yo koulye a pi nwa ke poud chabon. Yo pa menm rekonèt yo nan lari. Chè yo vin kole sou zo yo. Li fennen nèt. Li vin tankou bwa.
9 Those slain by the sword were better off than those slain by hunger, who wasted away, pierced through with hunger for lack of food from the fields. Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo, ke sila ki touye ak grangou yo; paske yo vin chagren e epwize akoz mank fwi chan an.
10 The hands of compassionate women boiled their own children; they became their food when the daughter of my people was destroyed. Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo te bouyi pwòp pitit yo. Yo te devni manje pou yo, akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
11 Our Father gave full vent to his wrath; he poured out his burning anger and kindled a fire in Zion that consumed her foundations. SENYÈ a te acheve gwo kòlè Li a. Li te vide gwo kòlè Li a. Li te limen yon dife nan Sion, ki te manje tout fondasyon Li yo.
12 The kings of the earth did not believe, nor did anyone living on earth, that an enemy or a foe could enter the gates of Jerusalem. Wa latè yo pa t kwè, ni okenn abitan nan mond lan, ke advèsè ak ènmi an ta ka antre nan pòtay Jérusalem nan.
13 It was for the sins of her prophets and the crimes of her priests, who shed in her midst the blood of the righteous. Akoz peche a pwofèt li yo ak inikite a prèt li yo, ki te vèse nan mitan li san a moun ladwati yo.
14 They wandered blind through the streets, defiled with blood, so that no one could touch their garments. Yo egare e avèg nan lari yo. Yo te vin souye ak san, jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.
15 "Away! Unclean!" people cried at them. "Away! Away! Do not touch!" So they fled and wandered, and among the nations it was said, "They can stay here no longer." “Sòti! Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm. “Sòti, sòti, pa touche!” Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou. Pami nasyon yo, yo te di: “Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.
16 Our Father's presence has scattered them; he will look on them no longer. No honor was shown to the priests, no favor to the elders. Prezans a SENYÈ a te gaye yo. Li p ap kontinye bay yo swen. Yo pa t onore prèt yo, Yo pa t respekte ansyen yo.
17 Our eyes grew weary watching in vain for help; from our watchtowers we watched for a nation that could not save. Malgre sa, zye nou febli. Chache sekou te vin initil. Nan chache, nou te chache pou yon nasyon ki pa t ka sove.
18 They stalked our steps so we could not walk in our streets. Our end drew near, our days were numbered, for our end had come. Konsa, yo te fè lachas dèyè nou jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo. Lafen nou vin pwòch. Jou nou yo fin ranpli, paske dènye moman nou vin rive.
19 Our pursuers were swifter than eagles in the sky; they chased us over the mountains and lay in wait for us in the wilderness. Sila ki te kouri dèyè nou yo te pi vit pase èg k ap volè anlè. Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo. Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.
20 Our very life-breath, our Father's anointed, was captured in their pits—the one of whom we said, "Under his shadow we will live among the nations." Souf lè ki nan nen nou, nou menm ki onksyone de SENYÈ a, te vin kaptire nan twou fòs yo, de sila nou te konn di: “Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.
21 Rejoice and be glad, daughter of Edom, you who live in the land of Uz; but the cup of his anger will come to you as well—you will become drunk and strip yourself bare. Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom nan, ki rete nan peyi Uts la. Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou. Ou va vin sou. Ou va vin toutouni.
22 Your punishment is complete, daughter of Zion; he will not prolong your exile. But your guilt, daughter of Edom, he will punish; he will lay bare your sins. Pinisyon pou inikite nou yo fin konplete, O fi a Sion an. Li p ap ekzile nou ankò. Li va pini inikite nou an, O fi Edom an. Li va fè parèt tout peche ou yo!
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]