Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Lamentations 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I am the man who has seen affliction under the rod of his wrath. Mwen se moun ki te wè afliksyon akoz baton kòlè Li a.
2 He has driven me away and made me walk in darkness without any light. Li te mennen mwen, e te fè m mache nan tenèb, pa nan limyè.
3 Surely against me he turns his hand again and again, all day long. Anverite, li te vire men L kont mwen plizyè fwa, tout jounen an.
4 He has worn away my flesh and my skin; he has broken my bones. Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen, Li te kase zo m yo.
5 He has besieged me and surrounded me with bitterness and hardship. Li te jennen mwen e te antoure m ak ametim ak difikilte.
6 He has made me dwell in darkness like those long dead. Nan kote ki fènwa, li te fè m abite, tankou sila ki fin mouri lontan yo.
7 He has walled me in so I cannot escape; he has weighed down my chains. Li te antoure m anndan pou m pa ka sòti. Li te fè chenn mwen an byen lou.
8 Even when I call out and cry for help, he shuts out my prayer. Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.
9 He has blocked my ways with cut stones; he has made my paths crooked. Li te bloke wout mwen yo ak wòch taye. Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.
10 He is a bear lying in wait for me, a lion in hiding. Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann, tankou yon lyon nan kote an kachèt.
11 He drove me off my path and tore me to pieces; he has made me desolate. Li te detounen tout chemen mwen yo e Li te chire mwen an mòso; Li te fè m vin dezole nèt.
12 He bent his bow and set me as the target for his arrow. Li te koube banza Li, e Li te chwazi m kon pwen final pou flèch Li.
13 He drove the arrows of his quiver into my vitals. Li te fè flèch nan fouwo L yo antre nan ren mwen.
14 I have become the laughingstock of all my people, their mocking song all day long. Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an, chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.
15 He has filled me with bitterness; he has sated me with bitterness. Li te plen mwen ak anmetim. Li te fè m sou ak dlo absent.
16 He has made my teeth grind on gravel, and made me cower in the dust. Li te kase dan m ak gravye. Li fè m kache nan pousyè.
17 My soul has lost all peace; I have forgotten what happiness is. Nanm mwen p ap jwenn lapè ankò. Bonè vin bliye pou mwen.
18 So I say, "My endurance has perished, and so has my hope from our Father." Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri, ansanm ak espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”
19 Remember my affliction and my wandering, the bitterness and the gall! Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an; dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.
20 My soul continually remembers it and is bowed down within me. Anverite, nanm mwen sonje yo. Li vin koube anndan mwen.
21 But this I call to mind, and therefore I have hope: Men sa mwen sonje nan tèt mwen; pou sa, mwen gen espwa.
22 The covenant love of our Father never ceases; his mercies never come to an end; Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann, paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 they are new every morning; great is your faithfulness. Yo renouvle chak maten. Gran se fidelite Ou.
24 "Our Father is all I need," says my soul, "therefore I will hope in him." “SENYÈ a se pòsyon mwen.” Se sa nanm mwen di m. Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
25 Our Father is good to those who wait for him, to the soul who seeks him. SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo, a moun ki chache Li a.
26 It is good to wait quietly for the salvation of our Father. Se bon pou yon nonm gen espwa, e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
27 It is good for a man to bear the yoke in his youth. Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.
28 Let him sit alone in silence when it is laid on him; Kite li chita apa pou kont li, e rete an silans, akoz Li te poze sa sou li.
29 let him put his mouth in the dust—there may yet be hope; Kite li mete bouch li nan pousyè, si se konsa, pou l ka gen espwa.
30 let him give his cheek to the one who strikes, and be filled with insults. Kite li lonje machwè li, bay sila k ap frape l la. Kite li ranpli ak repwòch.
31 For the Sovereign Father will not abandon forever. Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.
32 Though he causes grief, he will have compassion according to the abundance of his covenant love; Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive; alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.
33 for he does not willingly afflict or grieve people. Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije, oswa pou atriste fis a lòm yo.
34 To crush underfoot all the prisoners of the earth, Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond la,
35 to deny a man justice in the sight of the Most High, pou retire jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,
36 to deprive a man of justice in his case—the Sovereign Father does not approve. pou fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li, sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.
37 Who has spoken and it came to pass, unless the Sovereign Father has commanded it? Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?
38 Is it not from the mouth of the Most High that both calamity and good come? Èske sa ki bon ak sa ki mal pa soti nan bouch a Pi Wo a?
39 Why should a living man complain about the punishment for his sins? Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen, yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?
40 Let us examine and test our ways, and return to our Father! Annou egzamine e sonde wout nou yo pou nou retounen kote SENYÈ a.
41 Let us lift up our hearts and our hands to our Father in heaven: Annou leve kè nou ak men nou vè Bondye nan syèl la;
42 "We have sinned and rebelled, and you have not forgiven. Nou te peche e nou te fè rebèl; Ou pa t padone.
43 You have wrapped yourself in anger and pursued us, killing without pity; Ou te kouvri nou ak kòlè e te kouri dèyè nou. Ou te touye. Ou pa t gen pitye menm.
44 you have wrapped yourself with a cloud so that no prayer can pass through. Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè, pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.
45 You have made us scum and refuse among the peoples. Ou fè nou kon poupou bèt ak fatra ki rejte nan mitan lòt nasyon yo.
46 All our enemies open their mouths against us; Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.
47 panic and pitfall have come upon us, devastation and destruction." Sezisman ak pyèj tonbe sou nou, ravaj ak destriksyon.
48 My eyes flow with streams of water over the destruction of my people. Zye m koule nèt ak flèv dlo akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
49 My eyes will flow without ceasing, without respite, Zye m koule san sès, san rete menm pou yon ti moman,
50 until our Father looks down and sees from heaven. jiskaske SENYÈ a gade anba soti nan wotè syèl la pou wè.
51 My eyes bring grief to my soul at the fate of all the daughters of my city. Zye m pote doulè rive nan nanm mwen, akoz tout fi nan vil mwen.
52 I have been hunted like a bird by those who were my enemies without cause; Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo. Se lènmi m san koz.
53 they flung me alive into a pit and cast stones on me; Yo te fè m rete an silans nan twou fòs la e te poze yon wòch sou mwen.
54 water closed over my head; I said, "I am lost." Dlo yo te koule depase tèt mwen. Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!
55 I called on your name, my Father, from the depths of the pit; Mwen te rele non Ou, O SENYÈ, depi nan twou fòs pi ba a.
56 you heard my plea: "Do not turn a deaf ear to my cry for help!" Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriyè mwen an.
57 You came near on the day I called on you; you said, "Do not fear!" Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a. Ou te di: “Pa pè!”
58 You have taken up my cause, Sovereign Father; you have redeemed my life. O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an. Ou te rachte lavi mwen.
59 You have seen the wrong done to me, my Father; judge my cause. O SENYÈ, Ou te wè jan m oprime. Jije ka m nan.
60 You have seen all their vengeance, all their plots against me. Ou te wè tout vanjans pa yo; tout manèv yo kont mwen.
61 You have heard their taunts, my Father, all their plots against me, Ou te tande repwòch yo, O SENYÈ, tout manèv yo kont mwen.
62 the lips and thoughts of my assailants against me all day long. Lèv a sila k ap atake m yo ak konplo yo kont mwen tout lajounen.
63 Watch their every move; I am the object of their mocking song. Gade jan yo chita ak jan yo leve; se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.
64 You will repay them, my Father, according to the work of their hands. Ou va rekonpanse yo, O SENYÈ, selon zèv men yo.
65 You will give them hardness of heart; your curse will be on them. Ou va bay yo yon kè ki di; madichon pa yo va sou yo.
66 You will pursue them in anger and destroy them from under the heavens of our Father. Ou va kouri dèyè yo nan kòlè Ou e detwi yo soti anba syèl SENYÈ a!
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]