Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Lamentations 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 How the Sovereign Father in his anger has shrouded daughter Zion in a cloud! He has hurled down from heaven to earth the splendor of Israel; he has not remembered his footstool in the day of his anger. Gade kijan Senyè a te kouvri fi a Sion an ak yon nwaj nan kòlè li! Li te jete soti nan syèl la, jis rive atè glwa Israël la. Li pa t menm sonje machpye pa L la, nan jou kòlè Li.
2 The Sovereign Father has swallowed up without mercy all the dwellings of Jacob; in his wrath he has torn down the strongholds of daughter Judah. He has brought down to the ground in dishonor her kingdom and its rulers. Senyè a te vale tout nèt. Li pa t epanye tout abitasyon Jacob yo. Nan gwo chalè Li, Li te jete sitadèl fi a Juda a. Li te bese yo nèt jis rive atè. Li te pwofane wayòm nan ak tout prens li yo.
3 In fierce anger he has stripped Israel of all her strength; he has withdrawn his right hand and left them exposed to the enemy. He has burned in Jacob like a flaming fire that consumes on every side. Nan gwo chalè, Li te koupe tout fòs Israël la. Li te retire men dwat Li soti devan lènmi an. Konsa, Li te brile Jacob tankou flanm dife ki konsome toupatou.
4 He has bent his bow like an enemy, his right hand poised like a foe; and he has killed all who were lovely to see. In the tent of daughter Zion he has poured out his fury like fire. Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.
5 The Sovereign Father has become like an enemy; he has swallowed up Israel. He has swallowed up all her palaces and laid in ruins her strongholds, and he has heaped mourning and lamentation on daughter Judah. Senyè a vin tankou yon lènmi. Li te vale Israël nèt. Li te vale tout palè li yo. Li te detwi sitadèl li yo. Li te miltipliye doulè yo ak plent yo nan fi a Juda yo.
6 He has stripped his shelter like a garden, he has ruined his appointed place. Our Father has made Zion forget appointed feast and sabbath, and in his fierce anger he has spurned king and priest. Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an, konsi se yon tonèl jaden. Li te detwi kote ke Li menm te deziye pou asanble yo. SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo, e Li te meprize ni wa a, ni prèt la nan gwo kòlè Li a.
7 The Sovereign Father has rejected his altar, disowned his sanctuary; he has handed over to the enemy the walls of her palaces. They raised a shout in the house of our Father as on a day of festival. Senyè a te rejte lotèl Li a. Li te abandone sanktyè Li a. Li te livre nan men lènmi an, miray a palè li yo. Yo te fè yon bri nan kay SENYÈ a, konsi li ta nan yon jou fèt deziye.
8 Our Father determined to lay in ruins the wall of daughter Zion. He stretched out the measuring line; he did not hold back his hand from destroying. He made rampart and wall lament; together they fell to ruin. SENYÈ a te pran desizyon pou detwi miray a fi a Sion an. Li te lonje yon lign. Li pa t ralanti men l nan destriksyon. Li te fè ni ranpa, ni miray la plen tristès; y ap kriye ansanm.
9 Her gates have sunk into the ground; he has ruined and broken her bars. Her king and her princes are among the nations; the law is no more, and her prophets find no vision from our Father. Pòtay li yo te fonse antre nan tè, Li te detwi e kraze fè fòje a. Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo; lalwa, nanpwen ankò. Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.
10 The elders of daughter Zion sit on the ground in silence; they have thrown dust on their heads and put on mourning clothes. The young women of Jerusalem have bowed their heads to the ground. Ansyen a fi a Sion yo chita atè. Yo rete an silans. Yo te jete pousyè sou tèt yo. Yo abiye yo ak twal sak. Vyèj Jérusalem yo fin bese tèt yo jis a tè a.
11 My eyes are worn out from weeping; my stomach churns; my heart is poured out on the ground because of the destruction of the daughter of my people, as children and infants faint in the streets of the city. Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.
12 They cry to their mothers, "Where is bread and wine?" as they faint like the wounded in the streets of the city, as their life is poured out in their mothers' arms. Yo mande manman yo: “Kote sereyal ak diven an?” Konsa, yo fennen tankou yon nonm ki blese nan lari vil yo, pandan lavi yo menm vin vide nan sen manman yo.
13 What can I say for you, to what can I compare you, daughter Jerusalem? What can I liken to you, that I may comfort you, virgin daughter Zion? For your ruin is vast as the sea; who can heal you? Kisa pou m ta di ou? A kilès pou m ta konpare ou, O fi Jérusalem nan? A kisa pou m ta di ou sanble pandan mwen ap mennen rekonfò bay ou a, O fi vyèj a Sion an? Paske destriksyon ou an vast tankou lanmè. Se kilès ki ka geri ou?
14 Your prophets have seen for you false and deceptive visions; they did not expose your guilt to restore your fortunes, but have seen for you oracles that are false and misleading. Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.
15 All who pass by clap their hands at you; they hiss and shake their heads at daughter Jerusalem: "Is this the city that was called the perfection of beauty, the joy of all the earth?" Tout moun ki pase akote chemen an bat men yo pou moke ou. Yo sifle anlè kon koulèv sou fi Jérusalem nan, epi yo di: “Men èske se vil sa a yo te konn rele ‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”
16 All your enemies open their mouths against you; they hiss and gnash their teeth and cry, "We have swallowed her! This is the day we longed for; we have found it, we have seen it!" Tout lènmi ou yo te louvri bouch yo laj kont ou. Yo sifle anlè kon koulèv. Yo fwote dan yo. Yo di: “Nou te vale l nèt! Anverite, se jou sa ke nou t ap tann nan. Nou gen tan jwenn li. Nou gen tan wè l.”
17 Our Father has done what he purposed; he has carried out his word which he commanded long ago. He has torn down without pity; he has let the enemy gloat over you and raised up the power of your foes. SENYÈ a te acheve objektif Li; Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li te kòmande soti nan jou ansyen yo. Li te jete ba, Li pat fè pitye. Li te fè lènmi an rejwi sou ou. Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.
18 The people's heart cried out to the Sovereign Father. Wall of daughter Zion, let tears stream down like a torrent day and night! Give yourself no rest, your eyes no relief. Kè yo te kriye fò a Senyè a. O miray a fi Sion an, kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit. Pa aksepte okenn soulajman; 'Pa kite zye ou pran repo.
19 Arise, cry out in the night at the start of each night watch! Pour out your heart like water before the Sovereign Father! Lift your hands to him for the lives of your children, who faint from hunger at every street corner. Leve, kriye fò nan nwit lan, nan kòmansman vèy nwit lan! Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a. Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.
20 Look, our Father, and consider: whom have you ever treated like this? Should women eat their offspring, the children they have cradled? Should priest and prophet be killed in the sanctuary of the Sovereign Father? Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?
21 Young and old lie on the ground in the streets; my young women and my young men have fallen by the sword. You have killed them in the day of your anger, slaughtering without pity. Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.
22 You summoned, as to a festival day, terrors on every side; and on the day of our Father's anger no one escaped or survived. My enemy has destroyed those I cradled and raised. Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli, gwo laperèz mwen yo tout kote. Nanpwen moun ki te chape sòti vivan nan jou kòlè SENYÈ a. Sila ke m te fè e leve yo, lènmi m te anile yo nèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]