Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Lamentations 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 How lonely sits the city that once was full of people! She has become like a widow, she who was great among the nations. She who was a princess among the provinces has become a forced laborer. A la sèl, vil ki te konn plen moun nan chita sèl! Li vin tankou yon vèv ki te konn byen pwisan pami nasyon yo! Sila ki te konn yon fanm byen gran pami nasyon yo! Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo, Koulye a, se travo fòse li oblije fè!
2 Bitterly she weeps in the night, tears on her cheeks. Among all her lovers she has no one to comfort her; all her friends have betrayed her, they have become her enemies. Li kriye byen anmè nan nwit lan. Dlo zye li kouri desann figi l. Pami tout sila ki te renmen l yo, nanpwen moun ki pou bay li rekonfò. Tout zanmi li yo fè l trèt; yo te tounen lènmi l.
3 Judah has gone into exile under affliction and harsh servitude; she lives among the nations but finds no resting place. All her pursuers have overtaken her in the midst of her distress. Juda antre an egzil anba gwo opresyon; anba esklavaj byen di. Li demere pami nasyon yo; pou repo, nanpwen. Tout sila k ap pesekite l yo, fin sezi li nan mitan gwo twoub li.
4 The roads to Zion mourn, for no one comes to the appointed feasts. All her gates are desolate, her priests groan, her young women grieve, and she herself is in bitter anguish. Chemen Sion yo ap fè dèy; pèsòn pa rive nan fèt li yo. Tout pòtay li yo vin dezole. Prèt li yo ap plenn nan gòj, vyèj li yo vin aflije, e li menm, li vin anmè.
5 Her foes have become her masters, her enemies are at ease, for our Father has afflicted her because of her many rebellions. Her children have gone away, led captive before the enemy. Advèsè li yo te vin mèt li. Lènmi li yo ap byen reyisi; paske SENYÈ a te koze doulè l, akoz gwo kantite transgresyon li yo. Pitit li yo se prizonye devan advèsè yo.
6 All her majesty has departed from the daughter of Zion. Her princes have become like deer that find no pasture; they flee without strength before their pursuers. Tout majeste fin kite fi a Sion an. Prens li yo vin tankou sèf ki pa t jwenn patiraj. Yo sove ale san rezistans devan mèt lachas la.
7 In the days of her affliction and wandering, Jerusalem remembers all the precious things that were hers from days of old. When her people fell into the hands of the enemy, with no one to help her, the enemies looked on and mocked her downfall. Jérusalem sonje tout bagay presye li yo nan jou afliksyon li. Tout bèl bagay ki te la depi nan jou ansyen yo; lè pèp li a te tonbe nan men a advèsè a, e pat gen okenn ki pou ede l. Advèsè yo te wè l. Yo te giyonnen l akoz tristes li.
8 Jerusalem has sinned grievously; therefore she has become an object of scorn. All who honored her despise her, for they have seen her nakedness; she herself groans and turns away. Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.
9 Her uncleanness clung to her skirts; she gave no thought to her future. Her fall is astounding, with no one to comfort her. "Look, my Father, on my affliction, for the enemy has triumphed!" Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”
10 The enemy has stretched out his hand over all her precious things; she has watched the nations enter her sanctuary—those you had forbidden to enter your assembly. Advèsè a te lonje men l sou tout bagay presye fi a te genyen; li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a; sila ke Ou menm te kòmande pou yo pa antre nan asanble Ou a.
11 All her people groan as they search for bread; they trade their treasures for food just to stay alive. "Look, my Father, and see, for I have become despised. Tout pèp li a plenn nan gòj. Yap chache pen. Tout sa ak valè deja vèse bay pou manje, pou kenbe nanm yo vivan an. “Gade, O SENYÈ, paske mwen vin meprize.”
12 Is it nothing to you, all you who pass by? Look and see if there is any sorrow like my sorrow, which was brought upon me, which our Father inflicted on the day of his fierce anger. Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a? Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an, doulè ki te pase vin nan men m nan, avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.
13 From on high he sent fire into my bones, and it overcame them. He spread a net for my feet and turned me back; he has left me desolate, faint all the day long. Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m, e lap dominen yo. Li te ouvri yon pèlen pou pye m; Li te fè m vire fè bak. Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.
14 My rebellions were bound into a yoke; knit together by his hand, they were laid upon my neck, and he sapped my strength. The Sovereign Father handed me over to those I cannot withstand. Jouk transgresyon mwen yo vin mare; ak men Li yo koude nèt ansanm. Yo te rive jis nan kou m; Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt. Senyè a te livre m nan men a sila yo; kont yo, mwen pa ka kanpe.
15 The Sovereign Father has rejected all the mighty men in my midst; he summoned an assembly against me to crush my young men. The Sovereign Father has trampled the virgin daughter of Judah as in a winepress. Senyè a te rejte tout mesye pwisan ki nan mitan m yo. Li te rele yon asanble solanèl kont mwen pou kraze jennonm mwen yo. Senyè a te foule, konsi se nan yon pèz rezen, fi vyèj a Juda a.
16 For these things I weep; my eyes, my eyes flow with tears, for a comforter who could revive my spirit is far from me. My children are desolate, for the enemy has prevailed." Pou bagay sa yo, mwen ap kriye. Zye m koule ak dlo. Konsolatè kap refreshi nanm mwen lwen m, Nanpwen okenn ki ta ka konsole mwen, okenn ki ta ka restore nanm mwen. Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.
17 Zion stretches out her hands, but there is no one to comfort her. Our Father has decreed that Jacob's neighbors would become his enemies; Jerusalem has become a filthy thing among them. Sion lonje men l ouvri nèt. Nanpwen ki pou konsole l. SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob, ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l. Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.
18 Our Father is righteous, for I have rebelled against his word. Hear, all you peoples, and look on my suffering; my young women and my young men have gone into captivity. SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.
19 I called to my lovers, but they deceived me. My priests and my elders perished in the city while they searched for food just to stay alive. Mwen te rele vè renmen mwen yo, men yo te fè m desi. Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la pandan yo t ap chache manje pou restore fòs yo pou kont yo.
20 Look, my Father, for I am in distress; my stomach churns, my heart is overturned within me, for I have been very rebellious. In the street the sword cuts people down; in the house it is like death. Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub. Lespri m twouble anpil; kè m boulvèse anndan m, paske mwen te fè rebèl anpil. Nan lari, se nepe k ap touye; nan kay, se tankou lanmò.
21 They have heard how I groan, with no one to comfort me. All my enemies have heard of my trouble; they are glad that you have done it. Bring on the day you have declared, that they may become like me. Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj; men nanpwen ki pou konsole m. Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan. Yo kontan Ou te fè sa. O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a, pou yo ka vin tankou mwen.
22 Let all their evil come before you, and deal with them as you have dealt with me for all my rebellions; for my groans are many, and my heart is faint. Kite tout mechanste yo vini devan Ou. Konsa, aji avèk yo kon Ou te aji avè m nan, pou tout transgresyon mwen yo. Paske plent k ap sòti anndan m yo anpil e kè m vin fèb nèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]