Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 52 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Zedekiah, twenty-one at his crowning, ruled Jerusalem eleven years. His mother was Hamutal, daughter of Jeremiah of Libnah. Sédécias te gen laj a venteyen ane lè l te devni wa a e li te renye pandan onz ane Jérusalem. Non manman l te Hamuthal, fi a Jérémie nan Libna a.
2 He did evil in our Father's eyes, just as Jehoiakim had done. Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou tout sa ke Jojakim te fè yo.
3 This came to Jerusalem and Judah from our Father's anger, until he cast them from his presence. Then Zedekiah rebelled against the king of Babylon. Paske akoz kòlè SENYÈ a, bagay sa a te rive Jérusalem ak Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.
4 In the ninth year of his reign, tenth month, tenth day, Nebuchadnezzar king of Babylon came against Jerusalem with his whole army, camped against it, and built a siege wall around it. Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li.
5 So the city was besieged until the eleventh year of King Zedekiah. Konsa, vil la te anba syèj jis rive nan onzyèm ane a wa Sédécias.
6 In month four, day nine, famine gripped the city; no food remained for the people of the land. Nan Nevyèm jou nan katriyèm mwa a, gwo grangou a te tèlman rèd nan vil la ke pa t gen manje pou pèp peyi a.
7 Then the city was breached. All the soldiers fled, slipping out by night through the gate between the two walls near the king's garden, while the Babylonians surrounded the city, and they headed toward the Arabah. Konsa yo te kase antre nan vil la, e tout mesye lagè yo te kouri kite vil la pandan lannwit lan bò kote pòtay ki te antre de miray ki te akote jaden a wa a. Sepandan, Kaldeyen yo te antoure vil la nèt. Yo te ale pa chemen Araba a vle di dezè a.
8 But Babylonian troops chased the king and caught Zedekiah on Jericho's plains, and his whole army scattered from him. Men lame Kaldeyen an te kouri dèyè wa a. Li te rive sou Sédécias nan plèn Jéricho e tout lame li a te gen tan gaye kite li.
9 They captured the king and brought him to the king of Babylon at Riblah in Hamath, who sentenced him. Epi yo te kaptire wa a. Yo te mennen li monte kote wa Babylone nan nan Ribla nan peyi Hamath, e li te kondane li la.
10 King of Babylon killed Zedekiah's sons before his eyes, and killed all Judah's officials at Riblah too. Wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo devan zye l e anplis, li te touye tout prens Juda yo Ribla.
11 He blinded Zedekiah, bound him with bronze chains, and Babylon's king brought him to Babylon, imprisoned until his death. Anplis, li te avegle zye a Sédécias. Konsa, wa Babylone nan te anprizone l ak braslè an bwonz, te mennen li Babylone, e te mete l nan prizon jis rive jou ke li te mouri an.
12 In the fifth month, the tenth day—Nebuchadnezzar's nineteenth year—Nebuzaradan, captain of the guard, King Nebuchadnezzar's servant, came to Jerusalem. Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem.
13 He burned our Father's house, the king's house, and all Jerusalem's houses—every great house he burned with fire. Li te brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife.
14 All the Babylonian army with the guard commander tore down all the walls surrounding Jerusalem. Konsa, tout lame Kaldeyen ki te avèk chèf kò gad yo, te demoli tout miray ki te antoure Jérusalem yo.
15 Nebuzaradan, captain of the guard, deported some of the poorest people, those remaining in the city, the deserters who defected to Babylon's king, and the rest of the craftsmen. Epi Nebuzaradan, chèf kò gad yo, te mennen, pote an egzil kèk nan moun ki pi malere pami pèp la, tout lòt moun ki te rete nan vil la, sila ki te dezète Jérusalem yo pou ale kote wa Babylone nan ak tout rès moun metye yo.
16 But Nebuzaradan, captain of the guard, left some of the land's poorest to work vineyards and fields. Men Nebuzaradan, chèf kò gad la, te kite kèk moun nan pi malere yo pou okipe chan rezen yo, e pou laboure tè a.
17 The bronze pillars of our Father's house, and the stands and bronze sea in our Father's house—the Babylonians smashed them and carried all the bronze to Babylon. Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone.
18 They took the pots, shovels, wick trimmers, basins, dishes, and all bronze vessels used for temple service. Anplis, yo te pran veso yo, pèl yo, etoufè yo, basen yo, po yo ak tout veso an bwonz ki te sèvi nan tanp lan.
19 The captain of the guard also took the small bowls, fire pans, basins, pots, lampstands, incense dishes, and drink-offering bowls—whatever was gold as gold, whatever was silver as silver. Anplis, chèf kò gad la te retire bòl yo, plato sann yo, basen yo, po yo, chandelye yo, sa ki te fèt an lò fen ak sa ki te fèt an ajan fen.
20 The two pillars, the bronze sea, twelve bronze bulls under the stands, which King Solomon made for our Father's house—the bronze of it all could not be weighed. De pilye yo, sèl lanmè a, douz towo an bwonz ki te anba lanmè a, ak baz yo, ke Wa Salomon te fè pou lakay SENYÈ a——bwonz nan tout veso sa yo te depase kontwòl nan pwa.
21 Each pillar stood about twenty-seven feet tall, eighteen feet around, with walls three inches thick, and hollow. Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan.
22 Its bronze capital was about seven and a half feet high, with a network and pomegranates all around, all bronze. The second pillar matched, with pomegranates. Alò, yon tèt kouvèti an bwonz te sou li; epi wotè a chak tèt kouvèti te senk koude, ak yon sistèm mèch fèt avèk chèn an fil tòde pou tèt kouvèti ak grenad sou tèt kouvèti ki antoure l yo, tout nan bwonz nèt. Epi dezyèm pilye a te tankou sila a, menm ak grenad yo.
23 Ninety-six pomegranates on the sides; the pomegranates totaled one hundred on the network all around. Te gen katre-ven-sèz grenad byen parèt; tout nan grenad yo te kontwole an santèn, sou sistèm mèch la toupatou.
24 The guard commander took Seraiah the chief priest, Zephaniah the second priest, and the three doorkeepers, Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo.
25 from the city he took the officer over the soldiers, seven of the king's advisers found in the city, the army commander's secretary who mustered the people of the land, and sixty men of the land found in the city. Anplis, li te pran soti nan vil la, yon ofisye ki te yon sipèvizè pou mesye lagè yo, sèt nan konseye wa ki te twouve nan vil yo, grefye a wo kòmandan ki te òganize pèp peyi a ak swasant mesye a pèp ki te twouve nan mitan vil yo.
26 Nebuzaradan, captain of the guard, took them to the king of Babylon at Riblah. Nebuzaradan, chèf kò gad la te pran yo e te mennen yo kote wa Babylone nan Ribla.
27 Babylon's king struck them down and killed them at Riblah in Hamath. Judah went into exile from its land. Epi wa Babylone nan te frape yo mete a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath la. Konsa, Juda te mennen ale an egzil kite peyi li.
28 This is the number of the people Nebuchadnezzar exiled: in the seventh year, 3,023 Judeans; Sila yo se moun ke Nebucadnetsar te pote ale an egzil nan setyèm ane a: twa-mil-venn-twa Jwif;
29 in the eighteenth year of Nebuchadnezzar, 832 persons from Jerusalem; nan diz-uityèm ane Nebucadnetsar a, ui-san-trant-de moun ki sòti Jérusalem;
30 in Nebuchadnezzar's twenty-third year, Nebuzaradan the guard commander exiled 745 Judeans; the total was 4,600 people. nan venn-twazyèm ane a Nebucadnetsar a, Nebuzaradan, chèf kò gad yo te pote an egzil sèt-san-karant-senk Jwif. Nom de moun antou te kat-mil moun.
31 In the thirty-seventh year of Jehoiachin king of Judah's exile, on the twelfth month's twenty-fifth day, Evil-merodach king of Babylon, in his first year, favored Jehoiachin king of Judah and freed him from prison. Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane egzil Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, sou venn-senkyèm jou a mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan premye ane règn li a, te montre favè li a Jojakin, wa Juda a, e te lage li nan prizon.
32 He spoke kindly to him, setting his throne above other kings' thrones with him in Babylon. Konsa, li te pale dousman avèk li e te mete twòn li pi wo pase twòn a wa ki te avèk li Babylone yo.
33 So Jehoiachin took off his prison clothes and ate at the king's table every day, all his life. Konsa, Jojakin te chanje rad prizonye li a, e te pran repa li nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li yo.
34 The king of Babylon gave him a daily allowance all his life, until the day he died. Pou okipe li, li te resevwa yon pòsyon nòmal chak jou pandan tout rès jou lavi li, jis rive jou li te mouri an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]