1This is what our Father says: I am stirring up a destroyer's spirit against Babylon and against the people living in Leb-kamai.hatbsaKonsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va fè leve kont Babylone e kont moun k ap viv Chaldée yo, lespri a yon van kap detwi.
2I will send winnowers to Babylon, and they will winnow her and empty her land, for they will come against her from every side on the day of disaster.hatbsaMwen va voye etranje yo Babylone pou yo ka vannen l, pou yo kapab devaste peyi li a; paske tout kote nan jou gwo malè li a, yo va kontra li toupatou.
3Let the archer not bend his bow or put on his armor. Do not spare her young men; devote her whole army to destruction.hatbsaKontra sila a ki koube a, kite achè koube banza li. Kontra sila a ki leve nan pwotèj li yo, pa kite jennonm li yo chape! Touye tout lame li nèt!
4They will fall slain in the land of the Babylonians, pierced through in her streets.hatbsaYo va tonbe atè mouri nan peyi Kaldeyen yo, frennen nèt, kouche nan lari yo.
5For Israel and Judah have not been abandoned by the Father of heaven's armies—though their land is full of guilt against the Holy One of Israel.hatbsaPaske ni Israël, ni Juda te abandone pa Bondye li, SENYÈ dèzame yo; sepandan, peyi yo plen koupabilite devan Sila Ki Sen an Israël la.
6Flee from the midst of Babylon; let each one save his life! Do not be destroyed in her guilt, for this is the time of our Father's justice; he is repaying her what she has done.hatbsa“Sove ale soti nan mitan Babylone! Nou chak sove lavi nou! Pa vin koupe retire nan inikite l, paske sa se lè vanjans SENYÈ a. Li va rann rekonpans bay li.
7Babylon was a golden cup in our Father's hand, making all the earth drunk. The nations drank her wine; therefore the nations went mad.hatbsaBabylone te yon tas fèt an lò nan men SENYÈ a, ki te fè tout mond lan vin sou. Nasyon yo te bwè nan diven li an; akoz sa, nasyon yo ap vin anraje.
8Suddenly Babylon has fallen and been shattered. Wail over her! Bring balm for her pain; perhaps she may be healed.hatbsaSibitman, Babylone vin tonbe e kraze nèt; rele anmwey sou li! Pote pomad pou doulè li. Petèt li ka geri.
9We tried to heal Babylon, but she could not be healed. Abandon her, and let us go, each to his own land, for her judgment reaches to the heavens and rises to the skies.hatbsa“Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.
10Our Father has vindicated us; come, let us declare in Zion the work of our Father.hatbsa‘SENYÈ a te mennen ladwati nou an. Vini, annou rakonte depi nan Sion zèv a SENYÈ a, Bondye nou an!’
11Sharpen the arrows! Fill the quivers! Our Father has stirred up the spirit of the kings of the Medes, because his purpose against Babylon is to destroy her, for this is our Father's justice—justice for his temple.hatbsa“File flèch, plen fouwo yo! Kenbe pwotèj yo djanm! SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie, paske volonte L kont Babylone, pou detwi li. Paske se vanjans SENYÈ a, vanjans pou tanp Li an.
12Raise a banner against the walls of Babylon; strengthen the watch, post the sentries, set the ambushes—for our Father has both planned and carried out what he declared against the people of Babylon.hatbsaLeve yon sinyal kont miray Babylone yo! Plase yon gad byen fò! Pozisyone santinèl yo, mete gason an anbiskad. Paske SENYÈ a pa t sèlman fè plan, men te acheve objektif sa Li te pale konsènan sila ki rete Babylone yo.
13You who live by many waters, rich in treasures, your end has come, the thread of your life is cut.hatbsaO nou menm ki rete bò kote anpil dlo yo, plen ak richès yo, dènye lè nou an gen tan rive, mezi gwo lanvi nou.
14The Father of heaven's armies has sworn by himself: "Surely I will fill you with men as numerous as locusts, and they will raise the battle shout over you."hatbsaSENYÈ dèzame yo te sèmante pa kont Li. Li te di: ‘Anverite, mwen va plen nou ak moun kon yon gwo foul krikèt volan e yo va kriye fò ak gwo kri laviktwa sou nou.’
15He made the earth by his power; he established the world by his wisdom, and by his understanding stretched out the heavens.hatbsa“Sila ki te fè latè a ak fòs pouvwa Li a, ki te etabli lemonn ak sajès Li, e ak bon konprann Li, te etabli syèl yo.
16When he thunders, the waters in the heavens roar; he makes the mists rise from the ends of the earth. He makes lightning for the rain and brings out the wind from his storehouses.hatbsaLè vwa L sone, yon gwo kaskad dlo desann nan syèl yo, e Li fè nwaj monte soti nan dènye pwent latè yo. Li fè loray pou lapli, e mennen van parèt sòti nan depo Li yo.
17Everyone is senseless and without knowledge; every goldsmith is shamed by his idol, for his cast images are a lie—there is no breath in them.hatbsa“Tout lòm gen tan fè bèt, san okenn konesans; tout òfèv yo fè wont akoz imaj fonn yo, paske imaj fonn yo se yon desepsyon e nanpwen souf nan yo.
18They are worthless, a mockery; at the time of their reckoning they will perish.hatbsaYo san valè, yon zèv pou moke moun; nan tan pinisyon yo, yo va peri.
19Jacob's portion is not like these, for he is the maker of all things, and Israel is the tribe of his inheritance; the Father of heaven's armies is his name.hatbsaPòsyon Jacob pa tankou sa yo; paske Sila ki fè tout bagay la se Li menm e selon tribi eritaj Li a, SENYÈ dèzame yo se non L.
20"You are my war-club, my weapon for battle: with you I shatter nations, with you I destroy kingdoms,hatbsa“Li di: “Ou se baton lagè M ak zam lagè M yo; epi avèk ou, Mwen kraze nasyon yo. Avèk ou, Mwen detwi wayòm yo.
21with you I shatter horse and rider, with you I shatter chariot and driver,hatbsaAvèk ou, Mwen kraze cheval la ak sila ki monte sou li. Avèk ou, mwen kraze cha lagè a, ak sila ki monte ladann nan.
22with you I shatter man and woman, with you I shatter old and young, with you I shatter young man and young woman,hatbsaAvèk ou, Mwen kraze ni gason, ni fanm. Avèk ou, Mwen kraze jennonm nan ak vyèj la.
23with you I shatter shepherd and flock, with you I shatter farmer and plow team, with you I shatter governors and officials.hatbsaAvèk ou, Mwen kraze bèje a ak bann mouton li an. Avèk ou, Mwen kraze kiltivatè a ak bèf cha li yo Avèk ou, Mwen kraze majistra yo ak prefè yo.
24"But I will repay Babylon and all who live in Babylonia, before your eyes, for all the evil they did in Zion," declares our Father.hatbsa“Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.
25"Look, I am against you, destroying mountain," declares our Father, "you who destroy the whole earth. I will stretch out my hand against you, roll you down from the cliffs, and make you a burned-out mountain.hatbsa“Gade byen, Mwen kont ou O mòn k ap detwi, ki detwi tout tè a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va lonje men M kont ou, fè ou woule desann soti nan kwen falèz byen wo yo e Mwen va fè ou vin yon mòn ki fin brile nèt.
26No stone will be taken from you for a cornerstone, no stone for a foundation, for you will be a desolation forever," declares our Father.hatbsaYo p ap pran nan men ou, menm yon wòch pou fè kwen, ni yon wòch pou fondasyon yo, men ou va dezole jis pou tout tan,” deklare SENYÈ a.
27Raise a banner in the land! Blow the trumpet among the nations! Mobilize the nations against her; summon against her the kingdoms of Ararat, Minni, and Ashkenaz. Appoint a marshal against her; bring up horses like bristling locusts.hatbsa“Leve yon sinyal nan peyi a, soufle yon twonpèt pami nasyon yo! Konsakre nasyon yo kont li! Rele kont li wayòm Ararat, Minni ak Aschkenaz yo! Chwazi yon gwo chèf kont li; leve cheval tankou yon foul krikèt volan voras.
28Mobilize the nations against her—the kings of the Medes, their governors and all their officials, and every land under their rule.hatbsaKonsakre nasyon yo kont li, Wa a Médie yo, majistra pa yo ak prefè yo, ak tout peyi ke yo konn domine yo.
29The land trembles and writhes, for our Father's purposes against Babylon stand firm—to make the land of Babylon a wasteland, with no one living there.hatbsaPeyi a ta tranble e tòde; paske volonte a SENYÈ a kont Babylone kanpe, pou fè peyi Babylone vin yon dezolasyon san moun.
30Babylon's warriors have stopped fighting; they huddle in their strongholds. Their strength is gone; they have become like women. Her houses are set ablaze; the bars of her gates are broken.hatbsaMesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen; yo rete nan sitadèl fòtifye yo. Fòs yo fin epwize nèt. Yo vin tankou fanm. Lakay yo pran dife. Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.
31Runner races to meet runner, messenger to meet messenger, to tell the king of Babylon that his city is taken from end to end,hatbsaYoun kouri rankontre yon lòt; yon mesaje rankontre yon lòt, pou pale wa Babylone nan ke vil li a fin kaptire, soti nan yon pwent pou rive nan yon lòt.
32the river crossings are seized, the marshes set on fire, and the soldiers are terrified.hatbsaKote pou yo janbe rivyè yo fin sezi tou. Yo te brile marekaj yo ak dife, e sòlda lagè yo vin sezi ak gwo laperèz.”
33For this is what the Father of heaven's armies says: The daughter of Babylon is a threshing floor at trampling time; soon her harvest comes.hatbsaPaske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen. Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan, sezon rekòlt la rive sou li.”
34"Nebuchadnezzar king of Babylon has devoured me, he has crushed me; he has left me an empty vessel. He swallowed me like a monster, filled his belly with my precious things, then spat me out.hatbsa“Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te devore mwen. Li te kraze mwen. Li te depoze mwen tankou yon boutèy vid. Tankou yon dragon, li te vale mwen. Li te plen vant li ak bagay liks mwen yo. Li te lave mwen ale nèt.
35Let the violence done to me and my flesh be upon Babylon," says the inhabitant of Zion. "Let my blood be upon those who live in Babylonia," says Jerusalem.hatbsaKe vyolans anvè mwen an, e anvè chè mwen an, kapab tonbe sou Babylone.” Pèp Sion an va di: “Ke san mwen kapab tonbe sou moun Chaldée yo”, Jérusalem va di.
36Therefore our Father says: Look, I will plead your cause and avenge you. I will dry up her sea and dry her spring.hatbsa“Akoz sa”, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va plede ka ou, e egzije vanjans nèt pou ou. Mwen va seche lanmè li, e fè sous li yo vin sèch.
37Babylon will become a heap of rubble, a haunt of jackals, an object of horror and scorn, with no one living there.hatbsaBabylone va devni yon gwo pil ranblè, yon kay pou chen mawon, yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv, san gen moun ki rete ladann.
38Together they roar like young lions, growling like lion cubs.hatbsaYo va gwonde ansanm kon jenn lyon, yo va gwonde kon pitit a lyon.
39While they are flushed with wine, I will set before them a feast and make them drunk, so they revel—then sleep a perpetual sleep and never wake, declares our Father.hatbsaLè yo vin rive cho ase, mwen va sèvi yo bankè yo, e fè yo sou, pou yo ka fè kè kontan nèt e dòmi nèt, pou yo pa leve ankò menm”, deklare SENYÈ a.
40"I will bring them down like lambs to the slaughter, like rams and goats.hatbsa“Mwen va bese yo tankou jenn mouton nan labatwa, kon belye ansanm ak mal kabrit.
41How Sheshach is captured, the praise of all the earth seized! What a horror Babylon has become among the nations!hatbsa“Gade kijan Schéschac fin kaptire! Kijan glwa a tout tè a vin pran! Gade kijan Babylone devni yon objè degoutan pami nasyon yo!
42The sea has risen over Babylon; she is covered by its roaring waves.hatbsaLanmè fin monte sou Babylone; li te anvayi pa move vag li yo.
43Her cities have become a horror, a parched and desert land, a land where no one lives and no one passes through.hatbsaVil li yo te devni yon objè degoutan e lèd, yon peyi sèk, yon dezè, yon peyi kote moun pa viv e pami sila, yon fis a lòm pa menm pase.
44"I will punish Bel in Babylon and make him spit out what he has swallowed. The nations will no longer stream to him, and the wall of Babylon will fall.hatbsaMwen va pini Bel nan Babylone e Mwen va fè sa li te vale a sòti nan bouch li. Nasyon yo p ap kouri ankò kote li. Menm miray Babylone nan va tonbe!
45Come out of her, my children! Let each one save his life from the fierce anger of our Father!hatbsa“Sòti nan mitan li, pèp Mwen an e nou chak sove tèt nou de kòlè SENYÈ a.
46Do not lose heart or be afraid at the rumor heard in the land—a rumor comes one year, and another the next, with violence in the land and ruler against ruler.hatbsaAlò, pa kite kè nou vin febli e pa pè rapò k ap tande nan tout peyi a, paske rapò a va rive nan yon ane, e apre yon lòt rapò nan yon lòt ane, gen vyolans nan peyi a, e yon wa kont yon lòt wa.
47Therefore, look, the days are coming when I will punish the idols of Babylon. Her whole land will be put to shame, and all her slain will lie dead within her.hatbsaPou sa, gade byen, jou yo ap vini lè Mwen va pini zidòl taye a Babylone yo. Konsa, tout peyi li a va vin wont, e tout mò li yo va tonbe nan mitan li.
48Then heaven and earth and all that is in them will shout for joy over Babylon, for the destroyers will come against her from the north," declares our Father.hatbsaAnswit, syèl ak tè a ak tout sa ki ladann va rele fò ak jwa sou Babylone; paske destriktè yo va vin kote li soti nan nò,” deklare SENYÈ a.
49Babylon must fall for the slain of Israel, just as the slain of all the earth fell for Babylon.hatbsa“Anverite, Babylone gen pou tonbe pou sila ki te touye an Israël yo. Menm jan pou Babylone an, moun de tout peyi a va tonbe.
50You who have escaped the sword, go, do not linger! Remember our Father from far away, and let Jerusalem rise in your hearts.hatbsaNou menm ki te chape anba nepe yo, sòti! Pa rete menm! Sonje SENYÈ a de lwen; kite Jérusalem parèt nan lespri ou.
51"We are ashamed, for we have heard reproach; disgrace covers our faces, because foreigners have entered the holy places of our Father's house.hatbsa“Nou vin wont akoz nou te tande repwòch. Wont lan fin kouvri figi nou, paske etranje yo te antre kote ki sen lakay SENYÈ a.”
52Therefore, look, the days are coming," declares our Father, "when I will punish her idols, and throughout her land the wounded will groan.hatbsa“Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va fè jijman sou zidòl taye yo. Konsa, sila ak blesi mòtèl yo va plenyen nan tout peyi li a.
53Even if Babylon climbs to the heavens and fortifies her lofty stronghold, destroyers will come from me against her," declares our Father.hatbsaMalgre Babylone ta monte nan syèl la, e malgre li ta ranfòse sitadèl li a; destriktè yo va soti kote Mwen, e destriktè yo va rive kote li”, deklare SENYÈ a.
54Listen—a cry from Babylon, the sound of great destruction from the land of the Babylonians!hatbsa“Bri a gwo kri k ap sòti Babylone, ak gwo destriksyon k ap soti nan peyi Kaldeyen yo!
55For our Father is laying Babylon waste and silencing her mighty voice. Their waves roar like many waters; the din of their voice rings out.hatbsaPaske SENYÈ a va detwi Babylone. Li va fè gran vwa a li te konn fè a sispann; vag lanmè yo ki tap gwonde kon anpil dlo, ak gwo son a vwa yo ki tap retanti toupatou.
56For a destroyer has come against her, against Babylon; her warriors are captured, their bows are shattered, for our Father repays—he will surely repay in full.hatbsaPaske sila k ap detwi a fin rive sou li, sou Babylone nan menm. Mesye pwisan li yo fin kaptire. Banza yo fin kraze nèt. Paske SENYÈ a se yon Bondye k ap bay rekonpans. L ap rekonpanse nèt.
57"I will make her officials and wise men drunk, her governors, commanders, and warriors; they will sleep a perpetual sleep and never wake," declares the King, whose name is the Father of heaven's armies.hatbsaMwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo. Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.
58This is what the Father of heaven's armies says: Babylon's broad wall will be leveled and her high gates burned with fire. The peoples toil for nothing, the nations wear themselves out only for the fire.hatbsaKonsa pale SENYÈ dèzame yo: “Miray Babylone nan ki tèlman laj va vin demoli nèt. Wo pòtay li yo va pran dife. Donk, pèp yo va travay di pou ryen, e nasyon yo va bouke nèt akoz dife a.”
59Jeremiah the prophet gave this message to Seraiah son of Neriah, son of Mahseiah, when he went with Zedekiah king of Judah to Babylon in his fourth year. Seraiah was quartermaster.hatbsaMesaj ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande Seraja, fis a Nérija a, pitit pitit gason a Machséja, lè l te ale ak Sédécias, wa Juda a, Babylone nan katriyèm ane règn li a. (Alò, Seraja te chèf dirijan lakay wa a.)
60Jeremiah had written on a single scroll all the disaster coming on Babylon—all these words written about Babylon.hatbsaKonsa, Jérémie te ekri nan yon sèl woulo tout malè ki ta rive sou Babylone yo, sa vle di tout pawòl sila ki te ekri konsènan Babylone yo.
61Jeremiah said to Seraiah, "When you reach Babylon, see that you read aloud all these words,hatbsaEpi Jérémie te di a Seraja: “Depi ou vini Babylone, alò, fè si ke ou li tout pawòl sila yo a wot vwa,
62and say, 'O our Father, you have spoken about this place—to cut it off so nothing will live in it, neither man nor beast, but a wasteland forever.'hatbsaEpi di: ‘Ou menm, O SENYÈ! Ou te pwomèt, konsènan plas sa a pou koupe retire l nèt, pou pa menm gen anyen ki rete ladann, ni lòm, ni bèt, men li va yon kote dezole jis pou tout tan’.
63When you finish reading this scroll, tie a stone to it and throw it into the middle of the Euphrates,hatbsaKonsa, li va fèt ke depi ou fin li woulo sa a, ou va mare yon wòch sou li e jete l nan mitan rivyè Euphrate la.
64and say, 'So Babylon will sink to rise no more, because of the disaster I am bringing on her; and her people will grow tired.'" The words of Jeremiah end here.hatbsaOu va di: ‘Se konsa Babylone va fonse desann pou l pa leve ankò, akoz malè ke Mwen va mennen sou li; epi yo va vin bouke nèt.’” Jiska prezan, sa se pawòl a Jérémie yo.