Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 50 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word our Father spoke concerning Babylon, the land of the Babylonians, through Jeremiah the prophet: Pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Babylone, peyi Kaldeyen yo, pa Jérémie, pwofèt la:
2 Declare among the nations and proclaim it; raise a banner and proclaim it; hide nothing. Say: Babylon is captured; Bel is ashamed, Marduk is shattered. Her images are ashamed, her idols are shattered. “Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bel gen tan plen regre, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’
3 For out of the north a nation comes up against her; it will make her land a desolation, and no one will live in it. Both people and animals have fled; they are gone. Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan nò; sa va fè peyi li vin yon objè degoutan e p ap genyen moun ki rete ladann. Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!
4 In those days and at that time, declares our Father, the children of Israel will come, they and the children of Judah together; they will go weeping as they walk, and they will seek their Father. “Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a: “Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou; yo va avanse ap kriye pandan yo prale e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.
5 They will ask the way to Zion, their faces turned toward it: "Come, let us join ourselves to our Father in an everlasting covenant that will never be forgotten." Yo va mande pou chemen ki ale nan Sion an, e vire figi yo vè direksyon li. Yo va di ‘Vin mete tèt nou ak SENYÈ a, nan yon akò k ap dire jis pou tout tan, youn ki p ap janm bliye.’
6 My people have been lost sheep; their shepherds led them astray, turning them loose on the mountains. They wandered from mountain to hill; they forgot their resting place. Pèp Mwen an gen tan vin mouton ki pèdi. Bèje yo te egare yo. Yo te fè yo vire akote mòn yo. Yo te avanse soti sou mòn pou rive sou kolin, e yo te bliye plas repo yo.
7 All who found them devoured them, and their enemies said, "We are not guilty, because they sinned against the LORD, their true pasture, the LORD, the hope of their ancestors." Tout moun ki rive sou yo te devore yo; epi advèsè yo te di: ‘Nou pa koupab, paske se yo ki te peche kont SENYÈ ki se abitasyon ladwati a, menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’
8 Flee from within Babylon; go out from the land of the Babylonians, and be like the male goats that lead the flock. “Detounen kite mitan Babylone! Sòti nan peyi Kaldeyen yo. Fè konsi se mal kabrit k ap mache nan tèt bann an.
9 For look, I am stirring up and bringing against Babylon a company of great nations from the land of the north. They will array themselves against her, and from there she will be captured. Their arrows fly like those of a skilled warrior who never returns empty-handed. Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.
10 Babylonia will be plundered; all who plunder her will be satisfied, declares our Father. Chaldée va vin yon viktim; tout moun ki piyaje li va jwenn kont yo,” deklare SENYÈ a.
11 Because you rejoice, because you celebrate, you plunderers of my heritage, because you frolic like a heifer threshing grain and neigh like stallions, “Akoz nou kontan, akoz nou ap fete, o nou menm ki te konn piyaje eritaj Mwen an; akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl k ap foule sereyal; epi ki vin ranni kon jenn poulen,
12 your mother will be utterly ashamed; she who bore you will be disgraced. Look, she will be the last of the nations—a wilderness, a dry land, a desert. manman nou va tèlman wont, sila ki te bay nou nesans lan va imilye. Gade byen, li va pi piti pami nasyon yo, yon savann, yon peyi sèch, yon dezè.
13 Because of our Father's wrath she will not be inhabited; she will become a complete desolation. Everyone who passes by Babylon will be appalled and will hiss at all her wounds. Akoz endiyasyon SENYÈ a, li p ap abite, men li va dezole nèt. Tout moun ki pase kote Babylone va vin sezi. E va sifle kon koulèv akoz tout dega li yo.
14 Take your positions against Babylon all around, all you archers. Shoot at her; spare no arrows, for she has sinned against our Father. Monte lign batay ou kont Babylone tout kote, nou tout ki konn koube banza. Tire sou li. Pa konsève flèch nou yo, paske li te peche kont SENYÈ a.
15 Shout against her on every side; she has surrendered. Her towers have fallen; her walls are torn down. Since this is our Father's justice, carry out justice against her; do to her as she has done. Leve kriye batay la kont li tout kote! Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe, miray li yo fin demoli. Paske sa se vanjans SENYÈ a. Pran vanjans sou li. Jan li te konn fè a, fè l konsa.
16 Cut off from Babylon the sower and the harvester. Before the sword of the oppressor each will turn back to his own people, and each will flee to his own land. Koupe retire kiltivatè Babylone nan; ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la. Akoz krent nepe opresè a, yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo, e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.
17 Israel is a scattered flock that lions have chased away. First the king of Assyria devoured him, and now at the end Nebuchadnezzar king of Babylon has gnawed his bones. “Israël se yon bann moun kap kouri devan lachas lyon an te chase yo ale. Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a, e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”
18 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: I will punish Babylon's king and his land as I punished Assyria's king. Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va pini wa Babylone nan ak peyi li a, menm jan ke M te pini wa Assyrie a.
19 I will bring Israel back to his own pasture, and he will graze on Carmel and Bashan; on the hills of Ephraim and Gilead his soul will be satisfied. Epi Mwen va mennen Israël retounen nan patiraj li e li va jwen manje li sou Carmel ak sou Basan; epi dezi li va satisfè nan peyi kolin Éphraïm ak Galaad yo.
20 In those days and at that time, declares our Father, Israel's guilt will be searched for and there will be none; the sins of Judah will be searched for and none will be found, for I will forgive the remnant I leave alive. Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la, men p ap genyen; epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn; paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”
21 Go up against the land of Merathaim, and against those who live in Pekod. Slay and devote them to destruction, declares our Father; do everything I have commanded you. “Kont peyi Merathaïm nan monte; kont li ak kont moun Pékod yo. Touye yo e detwi yo nèt,” deklare SENYÈ a; “epi fè selon tout sa ke M te kòmande nou yo.
22 The noise of battle is in the land, and great destruction. Bri batay la nan peyi a ak destriksyon an vin gran.
23 How the hammer of the whole earth is cut down and broken! How Babylon has become a horror among the nations! Gade kijan mato k ap frape tout latè a fin koupe an moso e kraze! Gade kijan Babylone te vin yon objè degoutan pami nasyon yo!
24 I set a snare for you, Babylon, and you were caught before you knew it. You were found and seized because you contended with our Father. Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”
25 Our Father has opened his armory and brought out the weapons of his wrath, for the Father of heaven's armies has work to do in the land of the Babylonians. SENYÈ a te ouvri depo zam Li. Li te fè parèt zam endiyasyon Li yo, paske Senyè BONDYE Dèzame yo gen travay ki pou fèt nan peyi Kaldeyen yo.
26 Come against her from every quarter; open her granaries; pile her up like heaps of grain. Devote her to destruction; let nothing be left of her. Vin kote li soti nan lizyè ki pi lwen an. Ouvri depo li yo. Anpile li kon gwo pil. Detwi li nèt. Pa kite anyen rete pou li.
27 Kill all her young bulls; let them go down to the slaughter. Woe to them, for their day has come, the time of their punishment. Mete tout jenn towo li yo a nepe. Kite yo desann nan masak la! Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive, lè pinisyon pa yo a.
28 Listen—fugitives and refugees from the land of Babylon, coming to Zion to declare our Father's justice, his justice for his temple. Tande bri a sila k ap sove ale yo, ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan, pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an; vanjans pou tanp Li an.
29 Summon archers against Babylon, all who bend the bow. Camp around her on every side; let no one escape. Repay her according to her deeds; do to her everything she has done. For she has been arrogant against our Father, against the Holy One of Israel. “Rele anpil kont Babylone, tout sila ki konn koube banza yo. Fè kan kont li tout kote, pa bay li mwayen pou chape menm. Rekonpanse li selon zèv li yo. Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li; paske li te vin awogan kont SENYÈ a, kont Sila Ki Sen an Israël la.
30 Therefore her young men will fall in her streets, and all her soldiers will be silenced on that day, declares our Father. Pou sa, jennonm pa l yo va tonbe nan lari; e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ a.
31 Look, I am against you, you arrogant one, declares the Father of heaven's armies, for your day has come, the time when I will punish you. “Gade byen, Mwen kont ou, O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo, “Paske jou pa ou a fin rive, lè ke M va pini ou a.
32 The arrogant one will stumble and fall, with no one to raise him up. I will kindle a fire in his cities, and it will consume everything around him. Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li; epi Mwen va mete dife nan vil li yo e li va devore tout andwa l yo.”
33 This is what the Father of heaven's armies says: The children of Israel are oppressed, and the children of Judah with them. All who captured them hold them fast; they refuse to let them go. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Fis Israël yo vin oprime, ansanm ak fis a Juda yo. Tout moun ki te pran yo an kaptivite yo te kenbe yo di. Yo te refize lage yo.
34 Their Redeemer is strong; the Father of heaven's armies is his name. He will surely defend their cause, to bring rest to the earth but unrest to those who live in Babylon. Redanmtè yo a fò. SENYÈ dèzame yo se non Li; Li va plede ka yo ak gwo fòs pou L ka mennen lapè sou tè a, ak gwo twoub sou sila ki rete Babylone yo.
35 A sword against the Babylonians, declares our Father, and against those who live in Babylon, and against her officials and her wise men! “Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a: “Kont moun ki rete Babylone yo, kont ofisye li yo ak mesye saj li yo!
36 A sword against the false prophets, and they will become fools! A sword against her warriors, and they will be shattered! Yon nepe kont moun anfle yo; yo va devni moun fou! Yon nepe kont mesye pwisan li yo; yo va twouble nèt!
37 A sword against her horses and her chariots, and against all the foreign troops in her midst, and they will become like women! A sword against her treasures, and they will be plundered! Yon nepe kont cheval li yo, kont cha lagè yo, kont tout etranje ki rete nan mitan l yo e yo va vin tankou fanm! Yon nepe rete sou trezò li yo, e yo va piyaje!
38 A drought against her waters, and they will dry up! For it is a land of idols, and they go mad over their dreadful images. Yon sechrès sou dlo li yo, e yo va vin sèch nèt! Paske se yon peyi imaj taye, e yo fou pou zidòl sa yo.
39 Therefore desert creatures and hyenas will live there, and ostriches will dwell in her. She will never again be inhabited or lived in through all generations. Akoz sa, bèt dezè yo va viv la, ansanm ak chen mawon. Anplis, otrich va viv ladann, e li p ap janm gen moun ladann ankò, ni moun k ap viv la de jenerasyon an jenerasyon.
40 As when our Father overthrew Sodom and Gomorrah and their neighboring towns, declares our Father, so no one will live there; no human being will stay in her. “Tankou lè Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe ak vwazen li yo,” deklare SENYÈ a: “Nanpwen moun k ap viv la, ni fis a lòm k ap rete ladann.
41 Look, an army is coming from the north; a great nation and many kings are stirring from the farthest parts of the earth. “Gade byen, yon pèp ap vini soti nan nò, Yon gwo nasyon ak anpil wa va leve soti nan dènye pwent latè.
42 They grip bow and spear; they are cruel and show no mercy. Their sound roars like the sea as they ride on horses, arrayed like a man for battle against you, Daughter of Babylon. Yo sezi banza yo, ak lans yo; yo mechan e yo san mizerikòd. Vwa yo gwonde tankou lanmè. Yo monte sou cheval yo, chaken byen òdone tankou moun pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.
43 The king of Babylon has heard the report of them, and his hands hang limp. Anguish grips him, pain like a woman in labor. Wa Babylone nan te tande rapò de yo, e men li pann san fòs. Gwo dekourajman sezi li; gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.
44 Look, like a lion coming up from the thickets of the Jordan to a settled pasture, in an instant I will chase Babylon from her land, and I will appoint over her whomever I choose. For who is like me? Who can summon me? What shepherd can stand before me? Gade byen, youn va monte kon yon lyon soti nan rakbwa Jourdain an, rive nan yon abitasyon byen fò; paske nan yon moman, Mwen va fè yo kouri kite li. Epi nenpòt moun ki chwazi, Mwen va dezinye l mete sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen? E se kilès k ap fè m tan lè M? Kilès ki bèje ki ka kanpe devan M?”
45 Therefore hear the plan our Father has made against Babylon and the purposes he has formed against the land of the Babylonians: Surely the little ones of their flock will be dragged away; surely their pasture will be appalled at their fate. Pou sa, tande konsèy SENYÈ a, ke li te fè kont Babylone; plan a ke Li deja fome kont peyi Kaldeyen yo: Anverite, yo va vin trennen deyò, menm piti nan bann mouton yo. Anverite, li va fè abitasyon yo dezole sou yo.
46 At the sound of Babylon's capture the earth will tremble, and her cry will be heard among the nations. Latè vin souke ak gwo kri “Babylone te vin pran!” E gwo kri sa a vin tande pami nasyon yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]