Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 49 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Concerning the Ammonites: this is what our Father says: Has Israel no sons, no heir? Why has Milcom taken possession of Gad, and his people settled in its cities? Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a: “Èske Israël pa gen fis? Oswa èske li pa gen eritye? Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad, e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?
2 Therefore the days are coming, declares our Father, when I will sound the battle cry against Rabbah of the Ammonites; it will become a desolate mound, and its villages will be burned with fire. Then Israel will dispossess those who dispossessed him, says our Father. Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “ke Mwen va fè yon twonpèt fè son lagè kont Rabbath, fis a Ammon yo; epi li va devni pil dezole, e vil li yo va limen ak dife. Konsa, Israël va pran posesyon de sila ki posede l yo,” pale SENYÈ a.
3 "Wail, Heshbon, for Ai is laid waste! Cry out, daughters of Rabbah! Put on mourning clothes and mourn; run back and forth among the walls, for Milcom will go into exile, together with his priests and officials. “Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi! Kriye fò, O fi a Rabbath yo! Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri e kouri fè ale retou anndan miray yo; paske Malcom va ale an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens yo.
4 Why do you boast of your valleys, your fruitful valley, faithless daughter—you who trusted in your treasures, saying, 'Who would dare come against me?'" Pouki sa ou ògeye pou vale yo! Vale yo kap koule, O fi ki chite fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo? E k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’
5 I am about to bring terror upon you, declares the Father of heaven's armies, from all those around you. You will be driven out, each one headlong, with no one to gather the fugitives. Gade byen, m ap fè gwo laperèz rive sou ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo: “Soti nan tout kote ki antoure ou yo; epi nou chak va chase sòti tèt devan, san pèsòn ki pou rasanble sila ki gaye yo.
6 Yet afterward I will restore the fortunes of the Ammonites, declares our Father. “Men apre, Mwen va restore fòtin a fis a Ammon yo,” deklare SENYÈ a.
7 About Edom: so says the Father of heaven's armies: Is there no more wisdom in Teman? Has counsel perished from the prudent? Has their wisdom rotted? Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Èske pa gen sajès ankò nan Théman? Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi? Èske sajès yo vin pouri?
8 "Flee, turn back, hide in the depths, you who live in Dedan, for I will bring disaster on Esau at the time I punish him. Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo, O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.
9 If grape-pickers came to you, would they not leave a few gleanings? If thieves came in the night, would they not steal only what they wanted? Si sila k ap ranmase rezen yo te vin kote ou, èske yo pa t ap kite kèk grenn fwi tonbe atè? Si yon vòlè te vini lannwit, yo ta vole sèlman kont yo pou yo ta jwenn ase.
10 But I myself have stripped Esau bare; I have uncovered his hiding places, and he cannot conceal himself. His offspring are destroyed, his brothers and his neighbors, and he is no more. Men Mwen te rete rad sou Ésaü. Mwen te dekouvri kote kache li yo jiskaske li pa t ka kache menm. Desandan li yo, moun fanmi li yo, vwazen li yo ak li menm pa egziste menm ankò.
11 Leave your orphans behind; I will keep them alive. Let your widows trust in me." Kite òfelen ou yo dèyè; Mwen va konsève yo. Kite vèv ou yo mete konfyans yo nan Mwen.”
12 This is what our Father says: Those not sentenced to drink the cup still drink it—will you go free? No, you must drink. Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sila ki pa t kondane pou bwè tas yo va, anverite, bwè l, e èske se ou sèl k ap epanye? Nou p ap epanye, men anverite, nou va bwè l.
13 For I have sworn by myself, declares our Father: Bozrah will become a horror, a disgrace, a ruin, and a curse, and all its towns will be everlasting ruins. Paske Mwen te sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon. Tout vil li yo va vin pil mazi.”
14 I have heard a message from our Father: an envoy has been sent among the nations to say, 'Gather together and march against her! Rise up for battle!' Mwen te tande yon mesaj soti nan SENYÈ a e yon mesaje vin voye pami tout nasyon yo, t ap di: “Rasanble nou ansanm. Vin kont li! Leve pou batay!”
15 Now I will make you small among the nations, despised among mankind. “Paske gade byen, Mwen te fè nou piti pami nasyon yo, meprize pami lòm.
16 The terror you inspire and the pride of your heart have deceived you, you who live in the clefts of the rock, who occupy the height of the hill. Though you build your nest as high as the eagle's, from there I will bring you down, declares our Father. Men pou laperèz a ou menm, awogans a kè ou te twonpe ou; ou menm ki rete nan twou wòch yo, ki okipe wotè a kolin nan. Malgre ou fè nich ou wo tankou èg, M ap rale ou desann soti la,” deklare SENYÈ a.
17 Edom will become an object of horror; all who pass by will be appalled and will scoff at all her wounds. “Édom va devni yon objè degoutan; chak moun ki pase bò kote li va etone, e va sifle kon koulèv sou tout blesi li yo.
18 As Sodom and Gomorrah were overthrown, along with their neighboring towns, says our Father, so no one will live there, no human being will reside in her. Tankou boulvèsman Sodome ak Gomorrhe ak vwazen li yo”, di SENYÈ a: “pèsòn p ap viv la, ni p ap gen youn nan fis a lòm ki rete la.
19 "Like a lion coming up from the thickets of the Jordan to a lush, green pasture, I will suddenly chase Edom from its land. Who is the chosen one I will appoint over it? For who is like me, and who can summon me? What shepherd can stand against me? “Gade byen, youn va monte kon yon lyon ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki tèlman byen wouze; pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li e nenpòt moun ki deziye, Mwen va bay li pouvwa sou li. Paske se kilès ki tankou Mwen menm? E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen? Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”
20 Therefore hear the plan our Father has devised against Edom, and the purposes he has formed against those who live in Teman: Even the little ones of the flock will be dragged away; surely their pasture will be appalled at their fate. Pou sa, koute plan ke SENYÈ a fòme kont Édom ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo: Anverite, yo va trennen yo deyò, menm pi piti nan bann mouton an. Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm.
21 At the sound of their fall the earth will quake; the sound of their cry will be heard at the Red Sea. Latè te souke akoz bri chit yo. Gen yon gwo kri anmwey! Bri li te rive jis nan Lamè Wouj.
22 Look! An eagle will soar and swoop, spreading its wings over Bozrah. In that day the hearts of Edom's warriors will be like the heart of a woman in labor." Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg e lonje zèl li kont Botsra. Kè a moun pwisan yo va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.
23 "About Damascus. Hamath and Arpad are ashamed, for they've heard bad news, melting in fear, anxious as a restless sea. Konsènan Damas. “Hamath ak Arpad fè wont nèt, paske yo te resevwa move nouvèl. Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt. Gen enkyetid bò lanmè a; li pa ka kalme.
24 Damascus has grown feeble; she has turned to flee, and panic has gripped her. Anguish and pain have seized her, like the pain of a woman in labor. Damas vin enpwisan nèt; li te vire sove ale, e gwo laperèz fin sezi li. Gwo doulè ak sezisman pran l tankou yon fanm k ap akouche.
25 Why has the city of praise not been abandoned, the town in which I delight? Ki jan vil lwanj Mwen an pa vin dezète, vil lajwa Mwen an!
26 Surely her young men will fall in her streets; all her soldiers will be silenced in that day, declares the Father of heaven's armies. Konsa, jennonm pa l yo va tonbe nan ri li yo e tout mesye lagè yo va tonbe an silans nan jou sa a,” deklare SENYÈ dèzame yo.
27 I will set fire to the walls of Damascus; it will consume the fortresses of Ben-hadad." Mwen va mete dife nan miray Damas lan e li va devore tou bèl palè Ben-hadad yo.
28 Concerning Kedar and the kingdoms of Hazor, which Nebuchadnezzar king of Babylon struck down. This is what our Father says: Rise up, advance against Kedar! Destroy the people of the east! Konsènan Kédar ak wayòm a Hatsor yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran nan batay. Konsa pale SENYÈ a: “Leve monte Kédar e detwi mesye nan lès yo.
29 Their tents and their flocks will be taken—their tent curtains and all their goods. Their camels will be carried off, and people will shout to them, 'Terror on every side!' Yo va pran tant yo ak bann mouton yo; yo va pote pou kont yo tout rido tant yo, tout byen yo ak tout chamo yo e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’
30 Flee quickly! Hide in the depths, you who live in Hazor, declares our Father, for Nebuchadnezzar king of Babylon has formed a plan against you; he has devised a strategy against you. “Kouri, sove ale! Rete nan pwofondè yo, o pèp Hatsor a”, deklare SENYÈ a: “Paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran konsey kont nou, e te fome yon plan kont nou.
31 Rise up, advance against a nation at ease, that lives in confidence, declares our Father—a nation with neither gates nor bars, that dwells alone. Leve monte kont yon nasyon ki alèz, ki viv ansekirite,” deklare SENYÈ a: “Li pa gen pòtay, ni fè fòje; yo rete pou kont yo.”
32 Their camels will become plunder, and their great herds will be spoil. I will scatter to every wind those who clip the corners of their hair, and from every side I will bring disaster on them, declares our Father. Chamo pa yo va devni piyaj, gran kantite bèt yo va sèvi kon bagay sòlda pran, Mwen va gaye bay tout van yo a sila ki koupe kwen cheve yo; e Mwen va mennen sou yo gwo dezas ki sòti tout kote,” deklare SENYÈ a.
33 Hazor will become a haunt of jackals, a desolation forever. No one will live there, no human being will reside in her. “Hatsor va vin yon kote pou chen mawon, yon kote dezole jis pou tout tan. P ap gen moun ki rete la, ni yon grenn nan fis a lòm p ap rete ladann.”
34 The word of our Father to Jeremiah the prophet about Elam, as Zedekiah king of Judah began his reign: Sa ki te sòti kon pawòl SENYÈ a konsènan Élam, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, t ap di:
35 This is what the Father of heaven's armies says: I am breaking Elam's bow, the source of their strength. “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Gade byen, Mwen va kraze banza Élam nan, pi fò nan pwisans pa yo.
36 I will bring against Elam the four winds from the four quarters of heaven; I will scatter them to all these winds, and there will be no nation where Elam's exiles do not go. Mwen va mennen sou Élam kat van ki sòti nan kat pwent syèl yo, e Mwen va gaye pèp yo a tout van sa yo. P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.
37 I will shatter Elam before their enemies, before those who seek to kill them. I will bring disaster on them, my fierce anger, declares our Father; I will pursue them with the sword until I have made an end of them. Konsa, Mwen va kraze Élam devan lènmi yo ak devan sila k ap chache lavi yo. Mwen va mennen gwo kalamite sou yo, menm kòlè sovaj Mwen’, deklare SENYÈ a. ‘Mwen va voye nepe kont yo jiskaske Mwen fin manje yo nèt.
38 I will set my throne in Elam and destroy her king and officials, declares our Father. Epi Mwen va mete twòn pa Mwen nan Élam, e Mwen va detwi wa pa yo ak ofisye pa yo,’ deklare SENYÈ a.
39 Yet in the days to come I will restore the fortunes of Elam, declares our Father. ‘Men li va vin rive nan dènye jou yo, ke Mwen va restore fòtin Élam yo’, deklare SENYÈ a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]