Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 48 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Concerning Moab. This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: Woe to Nebo—it is destroyed! Kiriathaim is disgraced and captured; the fortress is disgraced and shattered. Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.
2 The renown of Moab is no more. In Heshbon they plotted disaster against her: "Come, let us cut her off from being a nation!" You also, O Madmen, will be silenced; the sword will pursue you. Pa genyen lwanj pou Moab ankò. Nan Hesbon, yo te fè plan pou malè li: ‘Vini, annou koupe retire l nèt pou l pa menm yon nasyon ankò!’ Nou menm tou, Madmen, va vin an silans. Nepe a va swiv nou.
3 A voice! A cry from Horonaim: "Devastation and great destruction!" Bri a gwo kri k ap sòti Choronaïm; ravaj ak gwo destriksyon!
4 Moab is broken; her little ones have raised a cry. Moab fin kraze. Pitit li yo te fè yon kri detrès.
5 For at the ascent of Luhith they go up weeping bitterly; for at the descent of Horonaim they have heard the distressing cry of destruction. Paske akote pant ki monte vè Luchith la, yo va monte avèk kri san rete. Paske nan pant ki desann kote Choronaïm nan, yo te tande gwo kri ak doulè akoz destriksyon an.
6 Flee! Save your lives, and become like a juniper in the wilderness! Chape poul nou, sove lavi nou, pou nou ka tankou yon bayawonn nan dezè a.
7 Because you trusted in your works and your treasures, you too will be captured; and Chemosh will go into exile with his priests and his officials together. Paske akoz konfyans nou mete nan pwòp zèv nou ak trezò pa nou; menm nou menm va vin kaptire. Kemosch va antre an egzil ansanm ak prèt li yo ak prens li yo.
8 The destroyer will come against every city, and no city will escape; the valley will perish and the plateau will be destroyed, as our Father has spoken. Yon destriktè va vini nan chak vil, pou pa gen vil ki chape; vale a, anplis, ap detwi, e wo plèn nan va detwi, jan SENYÈ a te pale a.
9 Give wings to Moab, for she must fly away; her cities will become a desolation, with no one to dwell in them. Bay zèl a Moab, paske li va sove ale; epi vil pa li yo va vin yon dezè, san moun ki pou rete ladan yo.
10 Cursed is the one who does the work of our Father with slackness, and cursed is the one who keeps back his sword from blood. “Malè a sila ki fè travay SENYÈ a ak neglijans, e malè a sila ki anpeche nepe l vèse san.
11 Moab has been at ease from his youth, settled on his dregs; he has not been emptied from vessel to vessel, nor has he gone into exile. So his taste remains in him, and his scent is unchanged. “Moab te alèz depi nan jenès li; anplis, li pa t janm deranje. Tankou diven ki rete nan boutèy orijinal, ki pa t vide de veso a veso, nonplis li pa t janm ale an egzil. Akoz sa, li kenbe bon gou li, ni odè li pa chanje.
12 Therefore, the days are coming, declares our Father, when I will send to him decanters who will pour him out; they will empty his vessels and smash his jars. Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va voye kote li sila ki chavire bato yo e yo va chavire li, yo va vide veso li yo e kraze tout bokal li yo.
13 Then Moab will be ashamed of Chemosh, as the house of Israel was ashamed of Bethel, their confidence. Epi Moab va wont pou Kemosch, menm jan lakay Israël te wont pou Béthel, konfyans pa yo.
14 How can you say, "We are warriors, men valiant in battle"? “Kòman nou ka di: ‘Nou se vanyan gèrye e moun plen kouraj pou batay’?
15 Moab is laid waste; his cities are overrun, and his finest young men have gone down to the slaughter, declares the King—the Father of heaven's armies is his name. Moab fin detwi nèt, e moun fin monte kote vil li yo; anplis, jenn mesye pi chwazi li yo fin tonbe nan gwo masak,” deklare Wa a, ki pote non a SENYÈ dèzame yo.
16 The calamity of Moab is near at hand, and his disaster hurries swiftly. “Gwo dega Moab la prèt pou rive e malè li va chofe rive vit.
17 Mourn for him, all you who are around him, all who know his name; say, "How the mighty scepter is broken, the glorious staff!" Fè dèy pou li, nou menm tout ki antoure li, menm nou menm tout ki te konnen non li, di: ‘Gade kijan gwo fòs baton wayal la fin kase, yon baton ki te tèlman bèl!’
18 Come down from your glory and sit on the parched ground, O inhabitant of Dibon! For the destroyer of Moab has come up against you; he has ruined your strongholds. O fi ki rete Dibon an, “Desann kite glwa ou pou vin chita sou tè sèk; paske destriktè Moab la te vin kont ou. Li te detwi sitadèl ou yo.
19 Stand by the road and watch, O inhabitant of Aroer! Ask him who flees and her who escapes; say, "What has happened?" Kanpe akote wout la pou veye, O moun ki rete Aroër. Mande gason ‘ki moun ki sove ale a’? E fi a ‘ki moun ki chape poul li a’? Mande: ‘Kisa ki te pase?’
20 Moab is put to shame, for it is shattered. Wail and cry out! Tell it by the Arnon, that Moab is laid waste. Moab fin fè wont nèt, paske li fin kraze nèt. Fè gwo kri, rele anmwey! Deklare akote Rivyè Arnon an ke Moab te fin detwi.
21 Judgment has come upon the tableland—upon Holon, and Jahzah, and Mephaath, Jijman fin rive sou plèn nan tou, sou Holon, sou Jahats e kont Méphaath,
22 and Dibon, and Nebo, and Beth-diblathaim, Sou Dibon, sou Nebo, sou Beth-Diblathaïm,
23 and Kiriathaim, and Beth-gamul, and Beth-meon, Sou Kirjathaïm sou Beth-Gamul, sou Beth-Meon,
24 and Kerioth, and Bozrah, and all the cities of the land of Moab, far and near. Sou Kerijoth, sou Botsra, sou tout vil nan peyi Moab yo, ni lwen, ni pre.
25 The horn of Moab is cut off, and his arm is broken, declares our Father. Kòn Moab te fin koupe nèt e bra li te fin kase,” deklare SENYÈ a.
26 Make him drunk, because he defied our Father; so Moab will wallow in his vomit, and he too will become a laughingstock. “Fè l vin sou, paske li te plen ògèy anvè SENYÈ a. Pou sa, Moab va vire tounen nan vomisman li, e anplis, li va vin yon rizib pou tout moun ka ri.
27 Was not Israel a laughingstock to you? Was he caught among thieves, that whenever you spoke of him you shook your head? Alò, èske nou pa t konsidere Israël kon yon rizib? Oswa, èske se pami volè li te tonbe? Paske chak fwa nou pale sou li, nou souke tèt nou konsi n ap giyonnen li.
28 Leave the cities and live among the rocks, O inhabitants of Moab! Be like the dove that nests at the mouth of a gorge. Kite vil yo pou rete nan kav wo yo, O moun Moab yo! Fè tankou toutrèl ki fè nich li dèyè bouch gwo kav yo.
29 We have heard of the pride of Moab—he is very proud—of his loftiness, his pride, his arrogance, and the haughtiness of his heart. “Nou konn tande afè ògèy Moab la. Li vrèman ògeye nan ensolans li, ògèy li, awogans kè li, ak leve pwòp tèt li byen wo.
30 I know his insolence, declares our Father; his boasts are false, his deeds are false. Mwen konnen gwo kòlè li,” deklare SENYÈ a: “Men sa initil; gwo ògèy li a pa reyisi anyen.
31 Therefore I wail over Moab; for all Moab I cry out; for the men of Kir-heres I moan. Pou sa, mwen va rele anmwey pou Moab, menm pou tout Moab mwen va rele fò. Mwen va plenyen ak tristès pou mesye a Kir-Hérès yo.
32 More than for Jazer I weep for you, O vine of Sibmah! Your branches reached over the sea, as far as the sea of Jazer they stretched; upon your summer fruit and your grape harvest the destroyer has fallen. Plis ke kriye pou Jaezer, mwen va kriye pou ou, O chan rezen Sibma a. Chan rezen nou yo te lonje rive lòtbò lanmè a. Yo te rive nan lanmè Jaezer a. Sou fwi gran sezon ak rekòlt rezen nou, destriktè a vin tonbe.
33 Gladness and joy are taken away from the orchard land of Moab; I have made the wine cease from the winepresses; no one treads with a shout. The shouting is no shout of joy. Konsa, lajwa ak kè kontan vin retire nan chan plen ak fwi a, menm nan Moab. Epi Mwen te fè diven vin sispann nan pèz diven yo. Pèsòn p ap foule yo ak gwo kri. Kri ki genyen, se ke pa gen kriye menm.
34 From the cry of Heshbon to Elealeh, as far as Jahaz they raise their voice, from Zoar to Horonaim and Eglath-shelishiyah; for even the waters of Nimrim have become desolate. Soti nan gwo kri Hesbon an, menm rive Élealé, menm nan Jahats, yo te leve vwa yo, soti Tsoar, jis rive Choronaïm, jiska Églath-Schelischija; paske dlo a Nimrim yo va anplis vin dezole.
35 I will bring to an end in Moab, declares our Father, the one who offers sacrifice on the high place and burns incense to his god. M ap fè Moab fini nèt”, deklare SENYÈ a: “Sila ki ofri sakrifis sou wo plas yo e sila ki brile lansan a dye li yo.
36 Therefore my heart moans for Moab like flutes; my heart moans like flutes for the men of Kir-heres; therefore the wealth they gained has perished. Akoz sa, kè M kriye pou Moab tankou flit; kè M kriye tou pou mesye Kir-Hérès yo. Akoz yo te pèdi tout abondans li te konn pwodwi.
37 For every head is shaved and every beard cut off; on all the hands are gashes, and around the waist is mourning clothes. Paske tout tèt vin chòv e tout bab vin koupe kout; genyen blesi sou tout men yo ak twal sak sou kwis.
38 On all the housetops of Moab and in its squares there is nothing but lamentation, for I have shattered Moab like a jar no one wants, declares our Father. Sou tout twati a Moab yo ak nan lari yo, se lamantasyon tout kote; paske mwen te kraze Moab kon yon veso san valè,” deklare SENYÈ a.
39 How it is shattered! How they wail! How Moab has turned his back in shame! So Moab has become an object of derision and horror to all who are around him. “A la kraze li kraze! Yo te rele anmwey. Gade kijan Moab te vire do li—li vin wont nèt! Konsa, Moab va vin yon rizib ak yon objè degoutan a tout moun ki antoure li yo.”
40 For this is what our Father says: Look, one will swoop like an eagle and spread his wings against Moab. Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, li va vole rapid tankou èg e lonje zèl li ouvri kont Moab.
41 The cities are captured and the strongholds seized. In that day the heart of Moab's warriors will be like the heart of a woman in labor. Kerijoth te fin kaptire e sitadèl yo te vin pran. Kè a mesye pwisan Moab yo nan jou sa a, va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.
42 Moab will be destroyed as a people, because he defied our Father. Moab va detwi jiskaske li vin pa yon pèp ankò, akoz li te vin awogan anvè SENYÈ a.
43 Terror, pit, and snare are upon you, O inhabitant of Moab! declares our Father. Gwo laperèz devan twou fòs, ak pèlen ap vini sou nou, O moun Moab yo,” deklare SENYÈ a.
44 He who flees from the terror will fall into the pit, and he who climbs out of the pit will be caught in the snare; for I will bring upon Moab the year of their reckoning, declares our Father. “Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la e sila ki monte sòti nan fòs la, va kenbe nan pèlen an; paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab, ane a pinisyon yo”, deklare SENYÈ a.
45 In the shadow of Heshbon the fugitives stop, exhausted; for fire has gone out from Heshbon, a flame from the house of Sihon. It has devoured the forehead of Moab, the crown of the sons of tumult. “Nan lonbraj Hesbon, mesye ki chape yo rete san fòs; paske dife a parèt sòti nan Hesbon, yon flanm soti nan mitan Sihon e li te devore fwontèn tèt a Moab ak zo bwa tèt mò a banbochè yo.
46 Woe to you, O Moab! The people of Chemosh are undone, for your sons are taken into captivity and your daughters into exile. Malè pou ou, Moab! Pèp Kemosch la fin peri; paske fis nou yo vin prizonye e fi nou yo ale an kaptivite.
47 Yet I will restore the fortunes of Moab in the latter days, declares our Father. Here ends the judgment on Moab. “Malgre sa, Mwen va restore Moab nan dènye jou yo,” deklare SENYÈ a. Jiska prezan, jijman an rive sou Moab.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]