Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The lot for the tribe of Manasseh, Joseph's firstborn: to Machir, Manasseh's firstborn and father of Gilead, went Gilead and Bashan, for he was a man of war. Alò, sa se tiraj osò a pou Manassé, paske li te premye ne a Joseph. Pou Makir, premye ne a Manassé a, papa a Galaad ak Basan, paske li te yon nonm lagè.
2 Manasseh's other sons received land by clan: Abiezer, Helek, Asriel, Shechem, Hepher, Shemida—Manasseh son of Joseph's male line, by clan. Epi tiraj osò a te fèt pou lòt fis Manassé yo selon fanmi pa yo: pou fis a Abiézer a, pou fis a Hélek la, pou fis a Asriel yo, e fis a Sichem yo, pou fis a Hépher yo ak pou fis a Schemida yo; sa yo se te desandan mesye a Manassé yo, fis a Joseph la selon fanmi pa yo.
3 Zelophehad—from Manasseh through Machir, Gilead, Hepher—had no sons, only daughters: Mahlah, Noah, Hoglah, Milcah, Tirzah. Men Tselophchad, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, pa t gen fis, men sèlman fi. Sila yo se non a fi li yo: Machla, Noa, Hogla, Milca ak Thirtsa.
4 They came before Eleazar the priest, Joshua son of Nun, and the leaders, saying, "Our Father commanded Moses to give us an inheritance among our brothers." So by our Father's command, Joshua gave them an inheritance among their father's brothers. Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo.
5 Ten portions fell to Manasseh, besides the land of Gilead and Bashan beyond the Jordan, Pou sa, te vin tonbe dis pòsyon tè a Manassé, anplis, tout tè a Galaad ak Basan ki lòtbò Jourdain an,
6 because Manasseh's daughters received an inheritance among his sons. The land of Gilead belonged to Manasseh's other sons. akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo.
7 Manasseh's territory ran from Asher to Michmethath, east of Shechem; then south to the people of En-tappuah. Lizyè Manassé a te kouri soti Aser a Micmethath, ki nan lès a Sichem. Epi lizyè a te kouri vè sid pou rive kote pèp En-Tappuach yo.
8 Manasseh had the land of Tappuah, but Tappuah on Manasseh's border belonged to Ephraim's sons. Tè Tappuach la te apatyen a Manassé; men Tappuach nan lizyè Manassé a te pou fis a Éphraïm yo.
9 The boundary went down to the Kanah Ravine. South of the ravine, these cities among Manasseh's belonged to Ephraim; Manasseh's boundary ran north of the ravine and ended at the sea. Lizyè a te kouri desann rive nan ti rivyè Kana a, bò kote sid a rivyè a (vil sa yo se te pou Éphraïm pami vil a Manassé yo). Epi lizyè a Manassé a te nan kote nò a ti rivyè a e li te fè bout li nan lanmè.
10 Ephraim's land lay to the south, Manasseh's to the north, with the sea as its boundary. On the north they reached Asher, on the east Issachar. Kote sid la se te pou Éphraïm e kote nò a se te pou Manassé, lanmè a te lòt lizyè a. Yo te rive vè Aser nan nò e vè Issacar nan lès.
11 In Issachar and Asher, Manasseh also held Beth-shean and its villages, Ibleam and its villages, the residents of Dor and its villages, of En-dor and its villages, of Taanach and its villages, and of Megiddo and its villages—the three heights. Nan Issacar ak nan Aser, Manassé te gen Beth-Schean avèk bouk li yo, Jibleam avèk bouk li yo, pèp a Dor yo avèk bouk li yo, pèp a En-Dor yo avèk bouk li yo, pèp a Thaanac yo avèk bouk li yo, pèp a Meguiddo yo avèk bouk li yo e twazyèm nan se Napheth.
12 But Manasseh's sons could not take these cities, and the Canaanites kept living in that land. Men fis Manassé yo pa t kab pran posesyon a vil sa yo akoz Kananeyen yo te pèsiste viv nan peyi sa a.
13 When Israel grew strong, they forced the Canaanites into labor but did not fully drive them out. Li te rive ke lè fis Israël yo te vin gen fòs, yo te mete Kananeyen yo nan travo fòse; men yo pa t chase yo deyò nèt.
14 The sons of Joseph asked Joshua, "Why give us one lot and one portion as an inheritance? We are a numerous people, for our Father has blessed us until now." Alò, fis Joseph yo te pale avèk Josué e te di: “Poukisa mwen te resevwa yon sèl tiraj osò ak yon sèl pòsyon kòm eritaj, paske nou menm se yon pèp ki anpil ke jis koulye a SENYÈ a te beni anpil?”
15 Joshua answered them, "If you're so numerous, go up to the forest and clear land there in the Perizzites' and Rephaim's territory, since Ephraim's hill country is too narrow for you." Josué te di yo: “Si nou se yon pèp ki anpil, ale monte nan forè a pou netwaye yon plas pou nou la nan peyi Ferezyen avèk Rephaïm yo; akoz peyi ti kolin Éphraïm nan twò etwat pou nou.”
16 Joseph's sons said, "The hill country isn't enough for us, and every Canaanite in the valley has iron chariots—those in Beth-shean and its villages and those in the Jezreel Valley." Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.”
17 Then Joshua told Joseph's house—Ephraim and Manasseh—"You are numerous and very powerful. You won't have just one lot, Josué te pale avèk lakay Joseph, a Éphraïm avèk Manassé e te di: “Nou se yon pèp ki anpil e ki gen gran pouvwa. Nou p ap gen yon sèl tiraj osò,
18 for the hill country will be yours too. It is forest, but you will clear it, and its far borders will be yours. You will drive out the Canaanites, though their chariots are iron and they are strong." men peyi ti kolin yo va vin pou nou. Men se yon forè ke li ye, nou va eklèsi li e lizyè ki pi lwen nan li yo va vin pou nou; paske nou va chase met deyò Kananeyen yo, malgre yo gen cha ki fèt an fè e malgre yo gen fòs.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]