Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The lot for Joseph's descendants ran from the Jordan at Jericho, east of its waters, into the wilderness rising from Jericho through the hill country to Bethel. Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain vè Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, vè lès nan dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel.
2 It went from Bethel to Luz, on to the Archite border at Ataroth. Li te sòti Béthel vè Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth.
3 It went down westward to the border of the Japhletites, to the border of Lower Beth-horon, to Gezer, and ended at the sea. Li te kouri desann vè lwès nan teritwa a Jafletyen yo, jis rive nan teritwa pati Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te fè bout li nan lanmè.
4 So the descendants of Joseph—Manasseh and Ephraim—received their inheritance. Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo.
5 Ephraim's descendants had this territory by clans: their eastern border ran from Ataroth-addar to Upper Beth-horon. Men teritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon.
6 The border went to the sea, with Michmethath on the north; it turned east to Taanath-shiloh, passing east of it to Janoah. Epi lizyè a te vire nan lwès nan Micmethath nan nò; epi lizyè a te vire vè lès pou Thaanath-Silo e te kouri depase li nan lès a Janoach.
7 Then it went down from Janoah to Ataroth and Naarah, reached Jericho, and ended at the Jordan. Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an.
8 From Tappuah the border went west to the Brook of Kanah, ending at the sea. This is the inheritance of the tribe of Ephraim's descendants, by their clans. Soti nan Tappuach, lizyè a te kontinye vè lwès nan ti rivyè Kana a e te fè bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo,
9 Ephraim's descendants also had towns set apart within the inheritance of Manasseh's descendants—all the towns with their villages. avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo.
10 But they did not drive out the Canaanites in Gezer; the Canaanites still live among Ephraim to this day, forced into labor. Men yo pa t chase fè sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]