Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the whole Israelite community gathered at Shiloh and set up the tent of meeting there, since the land was subdued before them. Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.
2 Seven tribes remained among the children of Israel who had not yet received their inheritance. Te rete pami fis Israël yo sèt tribi ki potko divize eritaj yo.
3 Then Joshua asked the Israelites, "How long will you delay entering to possess the land our Father, the God of your fathers, has given you? Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Konbyen de tan nou va mete ankò pou nou pa antre pran posesyon peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou an?
4 Provide three men per tribe; I will send them to go through the land, write it up for their inheritance, and return to me. Bay a tèt nou twa mesye ki sòti nan chak tribi, pou m kapab voye yo e pou yo kab mache nan peyi a, pou ekri yon plan detaye a yo menm selon pwòp eritaj pa yo; epi yo va retounen bò kote mwen.
5 They will divide it into seven parts: Judah stays in its territory to the south, and Joseph's house stays in its territory to the north. Yo va divize li an sèt pòsyon; Juda va rete nan teritwa pa li nan sid e lakay Joseph la va rete nan teritwa pa yo nan nò.
6 Write up the land in seven parts and bring it here to me, and I will cast lots for you here before our Father. Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an.
7 The Levites have no portion among you—the priesthood of our Father is their inheritance. Gad, Reuben, and half the tribe of Manasseh already received their inheritance east of the Jordan, given them by Moses, servant of our Father." Paske Levit yo pa gen pòsyon pami nou, akoz pozisyon prèt SENYÈ a se eritaj pa yo. Gad avèk Ruben avèk mwatye tribi Manassé a, osi, te resevwa eritaj vè lès, lòtbò Jourdain an, ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te ba yo.”
8 The men set out, and Joshua ordered those going to write up the land: "Go, walk through the land, write it up, return to me, and here I will cast lots for you before our Father in Shiloh." Konsa, mesye yo te leve ale. Josué te kòmande sila ki te ale yo: “Ale mache nan teren an, e founi yon plan apantaj detaye de li e retounen kote mwen. Alò, mwen va tire li osò pou nou soti isit la nan Silo.”
9 The men went, crossed the land, wrote it up by cities into seven portions on a scroll, and returned to Joshua at the camp in Shiloh. Konsa, mesye yo te sòti e te pase nan peyi a, yo te fè plan apantaj detaye a. Yo te ekri yon deskripsyon selon vil li yo, sèt divizyon yo nan yon liv. Konsa, yo te retounen vè Josué nan kan an Silo.
10 Joshua cast lots for them at Shiloh before our Father, and there Joshua divided the land among the Israelites, allotting to each their portion. Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.
11 The lot for the tribe of the descendants of Benjamin came up by their families; their lot's border went out between the descendants of Judah and the descendants of Joseph. Alò, tiraj osò a pou tribi Benjamin an te monte selon fanmi pa yo e teritwa osò pa yo a te poze antre fis a Juda yo ak fis a Joseph yo.
12 Their north border started at the Jordan, rose to the ridge north of Jericho, went up through the hills westward, and ended at the wilderness of Beth-aven. Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an.
13 From there the border crossed southward to Luz, to its slope (Bethel), then down to Ataroth-addar, on the hill south of Lower Beth-horon. Soti la, lizyè a te kouri vè Luz nan kote sid a Luz (ki se Béthel) vè sid; epi lizyè a te desann vè Athroth-Addar, toupre ti mòn ki sou kote sid a Ba Beth-Horon an.
14 The border curved and turned south on the west side, from the hill facing Beth-horon southward, ending at Kiriath-baal (Kiriath-jearim), a town of Judah's descendants. This was the west side. Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la.
15 The south side started at Kiriath-jearim's edge; the border ran west to the spring of Nephtoah's waters. Epi kote sid la te soti akote a Kirjath-Jearim e lizyè a te ale vè lwès pou te rive nan fontèn dlo Nephthoach yo.
16 The border descended to the edge of the hill facing the Valley of Ben-hinnom, at the north end of the Valley of Rephaim, then down the Valley of Hinnom to the southern slope of the Jebusites, and on to En-rogel. Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel.
17 It turned north to En-shemesh, went on to Geliloth opposite the ascent of Adummim, then down to the Stone of Bohan son of Reuben. Li te lonje vè nò e te rive nan En-Schémesch ak nan Gueliloth, ki anfas pant Adummim nan. Epi li te desann nan wòch Bohan an, fis a Ruben an.
18 Passed to the slope facing the Arabah northward, then went down into the Arabah. Li te kontinye akote pa devan Araba a vè nò e te desann rive nan Araba.
19 The border ran to Beth-hoglah's north slope, ending at the Dead Sea's north bay, at the Jordan's south end. This was the south border. Lizyè a te kontinye vè akote Beth-Hogla vè nò; epi lizyè a te fè bout li nan dlo nò a Lamè Sale a, nan pwent sid a Rivyè Jourdain an. Sa se te lizyè sid la.
20 The Jordan bordered it on the east. This was the inheritance of the Benjaminites, with its surrounding borders, by their families. Anplis, Jourdain an te lizyè li nan kote lès. Sa se te eritaj a fis Benjamin yo, selon fanmi pa yo ak selon lizyè li yo toupatou.
21 The cities of Benjamin's tribe, by clans, were Jericho, Beth-hoglah, Emek-keziz, Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits,
22 Beth-arabah, Zemaraim, Bethel, Beth-Araba, Tsemaraïm, Béthel,
23 Avvim, Parah, Ophrah, Avvim, Para, Ophra,
24 Chephar-ammoni, Ophni, and Geba—twelve cities with their villages. Kephar-Ammonaï, Ophni, epi Guéba; douz vil yo, avèk bouk pa yo.
25 Gibeon, Ramah, Beeroth, Gabaon, Rama, Beéroth,
26 Mizpeh, Chephirah, Mozah, Mitspé, Kephira, Motsa,
27 Rekem, Irpeel, Taralah, Rékem, Jirpeel, Thareala,
28 Zela, Haeleph, the Jebusite city—Jerusalem—Gibeah, and Kiriath: fourteen cities with their villages. This is the inheritance of Benjamin's descendants by their families. Tséla, Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]