Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father told me: "Even if Moses and Samuel stood before me, my heart wouldn't turn toward this people. Send them from my presence; let them go." Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt!
2 When they ask you, "Where do we go?" tell them, "This is what our Father says: those for death, to death; those for the sword, to the sword; those for famine, to famine; those for captivity, to captivity." Konsa l ap rive ke lè yo mande ou: ‘Ki jan n ap prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Sila ki pou mouri yo, a lanmò; ak sila ki pou nepe yo, a nepe; sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou a; e sila ki pou kaptif yo, a kaptivite.”’
3 "I will appoint four kinds of destroyers against them, declares our Father: the sword to kill, the dogs to drag away, the birds of the sky and beasts of the earth to devour and destroy. “Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo.
4 I will make them a horror to all earth's kingdoms, because of Manasseh son of Hezekiah, king of Judah, for what he did in Jerusalem." Mwen va fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”
5 "For who will have pity on you, Jerusalem? Who will mourn for you? Who will even stop to ask how you are? “Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem? Oswa kilès k ap fè gwo kri pou ou? Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?
6 You have rejected me, declares our Father; you keep going backward. So I have stretched out my hand against you and destroyed you—I am weary of relenting. Ou menm ki abandonen Mwen an,” deklare SENYÈ a, “Ou kontinye ap fè bak. Pou sa, Mwen te lonje men M kont ou e Mwen te pou detwi ou. Mwen bouke demontre ou konpasyon!
7 I have winnowed them with a winnowing fork at the gates of the land. I have bereaved them; I have destroyed my people, for they would not turn from their ways. Mwen te vannen yo ak yon fouchèt vannen nan pòtay peyi a. Mwen te prive yo de pitit yo. Mwen te detwi pèp Mwen an. Yo pa t vire kite chemen yo.
8 Their widows became more numerous than the sand of the seas. Against the mothers of young men I brought a destroyer at noon; suddenly I made anguish and terror fall upon her. Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen. Mwen te fè parèt kont yo; kont manman a yon jennonm, yon destriktè a midi. Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.
9 She who bore seven grows frail; she breathes her last. Her sun has set while it is still day; she is ashamed and disgraced. And the rest of them I will give to the sword before their enemies, declares our Father." Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren; li te rale denyè souf. Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen; li te soufri wont e li te menm imilye. Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.
10 Woe to me, my mother, that you bore me—a man of strife and contention to the whole land! I have not lent, nor have I borrowed, yet everyone curses me. Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen, yon nonm ki fè twoub leve, yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a! Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen; malgre sa, yo tout ban m madichon.
11 Our Father said: "I will rescue you for good; I will make the enemy plead with you in times of trouble and distress." SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon. Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.
12 Can anyone break iron—iron from the north—and bronze? Èske yon moun ka kraze fè; fè ki sòti nan nò, oswa bwonz?
13 "Your wealth and your treasures I will give as plunder, at no cost, because of all your sins throughout your territory. Mwen va bay gwo richès ou ak trezò ou yo, kon piyaj ki san frè; sa a, konsa, pou tout peche ou yo, menm anndan tout lizyè ou yo.
14 I will make you serve your enemies in a land you do not know, for a fire blazes in my anger; it will burn against you." Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon peyi ke ou pa konnen; paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen ki va brile sou ou.”
15 You know, my Father; remember me and care for me, and bring justice for me against my persecutors. Have patience with me, and do not take me away; know that for your sake I bear reproach. Ou menm ki konnen, O SENYÈ, sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo. Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt; rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.
16 Your words were found, and I ate them, and your words became my joy and the delight of my heart, for I bear your name, O Father of heaven's armies. Pawòl Ou yo te vin twouve; mwen te manje yo. Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa ki fè kè m rejwi; paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
17 I did not sit in the company of revelers, nor did I rejoice; because of your hand I sat alone, for you had filled me with indignation. Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch, ni mwen pa t vante tèt mwen wo. Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen, paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.
18 Why is my pain unending and my wound incurable, refusing to be healed? Will you be to me like a deceptive brook, like waters that fail? Poukisa, doulè mwen an rete tout tan, eblese mwen an reste san gerizon? Èske Ou menm, anverite, va devni pou mwen kon yon sous twonpe, ak dlo sou sila yo pa ka depann?
19 So our Father says: If you return, I will restore you to stand before me. If you bring out what is precious, not the worthless, you will be my mouth. They will turn to you, but you must not turn to them. Konsa, pale SENYÈ a: “Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò pou ou kanpe devan M. Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè, ou va vin tankou bouch Mwen. Yo va retounen kote ou; men ou menm, ou pa p retounen kote yo menm.
20 I will make you a fortified wall of bronze against this people; they will fight against you but will not prevail over you, for I am with you to save you and deliver you, declares our Father. Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz. Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou; paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
21 "I will deliver you from the hand of the wicked and redeem you from the grasp of the ruthless." “Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo e Mwen va rachte ou soti nan men a vyolan yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]