Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to me: Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
2 "You must not take a wife, and you must not have sons or daughters in this place." “Ou p ap pran yon madanm pou ou menm, ni fè fis ak fi nan kote sa a.”
3 For our Father says this about sons and daughters born here, their mothers who bore them, and their fathers who fathered them in this land: Paske konsa pale SENYÈ a konsènan fis ak fi ki fèt nan plas sila a, e konsènan manman yo ki te fè yo ak papa yo ki te fè yo nan peyi sa a:
4 They'll die of deadly diseases, unmourned, unburied, like dung on the ground. Sword and famine will finish them; their corpses will feed the birds of the sky and beasts of the earth. “Yo va mouri mo yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”
5 This is what our Father says: Don't enter a mourning house, don't go to lament or grieve for them, for I've withdrawn my peace from this people, declares our Father—my covenant love and compassion. Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regret yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.”
6 Great and small will die unburied in this land: none will mourn, cut themselves, or shave their heads for them. Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo.
7 No one breaks bread with mourners to comfort them over the dead, or gives them the cup of comfort for father or mother. Pèsòn p ap kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.
8 And do not enter a house of feasting to sit with them, to eat and drink. “Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.”
9 So says the Father of heaven's armies, the Father of Israel: Before your eyes, in your days, I will silence in this place the sound of joy and gladness, the voices of bridegroom and bride. Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou.
10 When you tell this people all these words, they'll ask, 'Why has our Father decreed this great disaster against us? What's our guilt, what our sin, that we sinned against our Father?' Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’
11 Then tell them: Because your fathers abandoned me, declares our Father, followed other gods, served and bowed to them, abandoned me, and disregarded my instruction. Nan lè sa a, ou gen pou di yo: ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an.
12 You've done worse than your ancestors, each following his own stubborn, evil heart, not listening to me. Nou tou, te fè mal plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen.
13 So I'll throw you from this land into one you and your fathers never knew, to serve other gods there day and night, since I'll show you no favor. Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’
14 "Days are coming," declares our Father, "when it will no longer be said, 'As our Father lives, who brought Israel up from Egypt,' “Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè fraz sila a p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan peyi Égypte la’,
15 but, 'As our Father lives, who brought Israel's people up from the north and from all the lands where he had driven them.' For I will bring them back to their land that I gave their fathers. Men: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote Li te ekzile yo.’ Paske Mwen va restore yo a pwòp peyi yo, ke Mwen te bay a papa zansèt yo.
16 "Look, I am sending for many fishermen, declares our Father; they will catch them. Then for many hunters, who will hunt them from every mountain, every hill, and the rock crevices. “Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.
17 For my eyes are on all their ways, not hidden from my face, nor their guilt from my eyes. Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M.
18 First I will repay their guilt and sin doubly—for making my land unclean with the corpses of their vile idols, and filling my inheritance with their detestable things." Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”
19 My Father, my strength and my stronghold, my refuge in the day of trouble—to you the nations will come from the ends of the earth and say, "Our fathers inherited nothing but lies, worthless things that are of no use. O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”
20 Can a person make gods for himself? Yet these are not gods!" Èske lòm dwe fè dye pou kont li, malgre se pa dye yo ye?
21 "Therefore, look—this time I will make them know; I will make them know my hand and my might, and they will know that my name is the Father." “Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen, fwa sa a, Mwen va fè yo konnen pouvwa M, ak pwisans Mwen. Konsa, yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]