Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Judah's sin is engraved with an iron pen, inscribed with a diamond point on the tablet of their heart and on the horns of their altars, Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè, ak yon pwent dyaman. Li grave sou tablo kè yo, ak sou kòn lotèl pa yo.
2 "while their children remember their altars and their Asherah poles beside the green trees on the high hills. Menm jan yo sonje pitit pa yo, se konsa yo sonje lotèl pa yo, ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.
3 My mountain in the open country, your wealth and all your treasures I will hand over as plunder, your high places too, because of the sin throughout your territory. O mòn nan vil andeyò Mwen an, Mwen va bay yo tout richès ou yo ak tout trezò ou yo kon piyaj, wo plas ou yo pou peche, nan tout lizyè ou yo.
4 By your own hand you will lose the inheritance I gave you, and I will make you serve your enemies in a land you do not know, for you have kindled a fire in my anger that will burn forever. Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.
5 This is what our Father says: Cursed is the one who trusts in mere humans, who relies on human strength, and whose heart turns away from me. Konsa pale SENYÈ a: “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm, ki fè lachè vin fòs li, ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.
6 He will be like a bush in the wasteland that never finds relief even when it comes, dwelling in the parched places of the desert, in a salt land where no one lives. Paske li va tankou bwa raje nan dezè; li p ap janm wè lè bonè rive, men li va viv pami wòch savann nan dezè a, nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.
7 But blessed is the one who trusts in me, whose confidence is in me. “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a, ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
8 He will be like a tree planted by water, sending out its roots by the stream. It has no fear when heat comes; its leaves stay green. It is not anxious in the year of drought and never stops bearing fruit. Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo, ki lonje rasin li akote yon sous dlo. Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt. Li p ap twouble nan ane sechrès la, ni sispann bay fwi.
9 The heart is more deceitful than anything else and beyond cure—who can understand it? Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?
10 I, your Father, search the heart and test the mind, to repay each person according to their ways, according to what their deeds deserve. “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv, pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li, selon fwi a zèv li yo.”
11 Like a partridge hatching eggs it did not lay is the one who gains riches unjustly. At midlife the riches will desert him, and in the end he will prove to be a fool." Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.
12 A glorious throne, exalted from the beginning, is the place of our sanctuary. Yon twòn plen ak laglwa plase an wo, depi kòmansman an, se li ki azil nou.
13 Our Father, hope of Israel, all who forsake you will be put to shame. Those who turn away from you will be written in the dust, because they have abandoned our Father, the spring of living water. O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.
14 Heal me, my Father, and I will be healed; save me, and I will be saved, for you are the one I praise. Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt! Sove mwen e mwen va sove! Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.
15 Look, they keep saying to me, "Where is the word of God? Let it come now!" Gade, y ap di mwen tout tan: “Kote pawòl SENYÈ a? Kite l ranpli koulye a”.
16 But I have not run away from being a shepherd in your service, nor have I longed for the day of despair. You know what passed my lips; it lay open before you. Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann fè bèje pou Ou, ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. Ou konnen! Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.
17 Do not become a terror to me; you are my refuge in the day of disaster. Pa fè m gwo laperèz. Ou se azil mwen nan jou gwo twoub la.
18 Let my persecutors be put to shame, but not me; let them be shattered, but not me. Bring on them the day of disaster; shatter them with double destruction. Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont, men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont; kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble. Mennen sou yo yon jou gwo twoub. Detwi yo ak yon destriksyon ki doub!
19 What our Father told me: Go stand at the People's Gate, where Judah's kings come and go, and at all Jerusalem's gates, Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale kanpe nan pòtay piblik la, kote wa Juda yo fè antre sòti a, nan tout pòtay Jérusalem yo.
20 and tell them: Hear the word of our Father, kings of Judah, all Judah, and everyone in Jerusalem who enters these gates. Pale yo konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, wa Juda yo, e tout Juda ak tout sila k ap viv Jérusalem yo, k ap fè antre sòti nan pòtay yo:
21 This is what our Father says: Guard your lives—carry no load on the Sabbath, or bring one through Jerusalem's gates. Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni pa mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan.
22 Don't carry a load from your houses on the Sabbath, or do any work, and keep the Sabbath holy, as I commanded your ancestors. Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo.
23 They would not listen or pay attention; they stiffened their necks, refusing to hear or accept correction. Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije.
24 But if you truly listen to me, declares our Father, and bring no load through this city's gates on the Sabbath, and keep the Sabbath holy, doing no work on it, Men li va vin rive ke si ou koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li,
25 then kings and princes who sit on David's throne will enter this city's gates, riding chariots and horses—they, their officials, the men of Judah, and Jerusalem's residents—and this city will remain inhabited forever. alò, va genyen moun ki antre nan pòtay lavil sa a, wa ak prens ki chita sou twòn a David yo, monte sou cha yo ak sou cheval yo, yo menm ak prens pa yo, moun Juda ak sila ki rete Jérusalem yo e vil sa a va abite jis pou tout tan.
26 People will come from Judah's towns, Jerusalem's outskirts, Benjamin's land, lowlands, hills, and Negev, bringing burnt offerings, sacrifices, grain offerings, incense, and thank offerings to our Father's house. Yo va antre ladann soti nan vil a Juda yo ak tout andwa ki antoure Jérusalem yo; soti nan peyi Benjamin, soti nan ba plèn nan, nan peyi kolin yo ak nan dezè a, k ap pote ofrann brile, sakrifis, ofrann sereyal, ak lansan e yo va mennen sakrifis a remèsiman lakay SENYÈ a.
27 But if you won't listen to me—keep the Sabbath holy, carry no load through Jerusalem's gates on the Sabbath—I'll light a fire in its gates that can't be put out, consuming Jerusalem's palaces. Men si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo. Konsa, li va devore palè Jérusalem yo, e li p ap etenn menm.”’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]