Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word that came to Jeremiah from our Father: Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a ki te di:
2 "Get up, go down to the potter's house, and there I will let you hear my words." “Leve desann lakay mèt krich la, e la Mwen va anonse pawòl Mwen yo a ou menm.”
3 So I went down to the potter's house, and there he was, working at the wheel. Konsa, mwen te desann lakay mèt krich la. E gade byen, li t ap fè yon bagay sou wou a.
4 The clay vessel he shaped was ruined in his hand, so he reshaped it into another, as he saw fit. Men veso ke li t ap fè ak ajil la te gate nan men mèt krich la. Pou sa, li te refòme l fè yon lòt veso jan sa te fè l plezi fè a.
5 Then the word of our Father came to me: Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
6 "Can I not do to you as this potter, house of Israel? declares your Father. Like clay in the potter's hand, so are you in mine, house of Israel. Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël.
7 'At any moment I may speak about a nation or kingdom, to uproot, tear down, and destroy it, Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li.
8 but if that nation against which I have spoken turns from its evil, I change my mind about the disaster I planned for it. Men si nasyon sa a ke Mwen te pale a, vin kite mechanste li a, Mwen va vin repanti konsènan gwo twoub ke m te gen entansyon fè rive l la.
9 At any moment I may speak about a nation or kingdom, to build and plant it, Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou bati li, oswa pou etabli li.
10 but if it does evil in my sight, ignoring my voice, then I will change my mind about the good I meant for it. Men si li fè mal nan zye M e pa obeyi vwa M, alò, Mwen va repanti de byen nan ke M te fè pwomès fè yo.
11 "Now tell Judah's men and Jerusalem's people: This is what your Father says: I am shaping disaster against you, planning against you. Each of you, turn from your evil way; make your ways and deeds good.'" “Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.”’
12 But they say, "Hopeless! We'll follow our own plans, each acting on his stubborn, evil heart." Men yo va di: ‘Sa pa ka fèt! Paske nou ap swiv pwòp plan pa nou, e nou chak va aji selon pwòp panse a kè di nou.’
13 So our Father says: Ask the nations—who heard such a thing? Virgin Israel has done a most horrible thing. Akoz sa a, pale SENYÈ a: “Mande, koulye a, pami nasyon yo; se kilès ki konn tande yon koze konsa? Vyèj Israël la te fè yon bagay pi lèd pase tout bagay.
14 Does the snow of Lebanon ever leave the rocky slopes? Do the cool waters flowing from distant sources ever run dry? Èske lanèj Liban konn fè fayit pou l pa kite wòch chan an a? Oswa èske dlo frèt ki koule soti depi lwen va vin sèch?
15 Yet my people have forgotten me; they burn incense to worthless idols, causing my people to stumble from the ancient paths and walk on side roads—rough, unbeaten tracks, Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen. Yo brile lansan bay dye ki san valè yo. Yo chape tonbe kite chemen yo, soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout, men pa sou gran chemen an.
16 making their land a desolation, an object of perpetual scorn; all who pass by it will be appalled and shake their heads. Y ap fè peyi nou vin yon dega, yon objè moun ap sifle. Tout sila ki pase ladann va etone pou sa e va souke tèt yo.
17 Like the east wind I will scatter them before the enemy; I will show them my back and not my face in the day of their disaster. Tankou van lès, Mwen va gaye yo nèt devan lènmi an, Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m. Yo p ap wè figi M.
18 They said, "Come, let's plot against Jeremiah—instruction won't perish from the priest, counsel from the wise, or word from the prophet. Come, strike him with the tongue; ignore all he says." Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
19 Pay attention to me, my Father, and hear the voice of my accusers! Koute mwen, SENYÈ e, koute sa ke lènmi m yo ap di!
20 Should evil be repaid for good? Yet they have dug a pit to take my life. Remember how I stood before you to speak good on their behalf, to turn your wrath away from them. Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.
21 So hand their children over to famine; give them over to the power of the sword. Let their wives become childless and widowed; let their men be put to death, their young men struck down by the sword in battle. Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou e livre yo anba pouvwa nepe a. Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv. Kite mesye yo tou vin frape a lanmò; e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
22 Let cries ring out from their houses when you suddenly bring raiders against them, for they have dug a pit to capture me and have hidden snares for my feet. Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo; paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen, e te kache pèlen pou pye m.
23 But you, my Father, know all their plotting to kill me. Do not forgive their wrongdoing or blot out their sin from your sight. Let them be overthrown before you; deal with them in the time of your anger. Malgre sa, Ou menm, O SENYÈ, Ou konnen tout manèv mòtèl yo kont mwen yo. Pa padone inikite pa yo, ni efase peche yo devan zye Ou. Men kite yo boulvèse nèt jis yo jete nèt devan Ou. Aji avèk yo nan lè kòlè Ou a!
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]