Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is what our Father said: Go and buy a potter's clay flask, and take some of the elders of the people and some of the elders of the priests, Konsa pale SENYÈ a: “Ale achte yon po kanari nan men mèt krich la. Pran kèk nan ansyen a pèp yo, ak kèk nan prèt prensipal yo.
2 and go out to the Valley of Ben-Hinnom, which is at the entrance of the Potsherd Gate, and proclaim there the words that I speak to you. Konsa, ale deyò nan vale Ben-Hinnom nan, ki akote antre pòtay kanari kraze a, e la pwoklame pawòl ke M pale ou yo.
3 Say: Hear the word of our Father, kings of Judah and people of Jerusalem. This is what the Father of heaven's armies, the Father of Israel, says: Look, I am bringing such disaster on this place that the ears of all who hear will tingle. Di: ‘Tande pawòl SENYÈ a, O wa Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo: konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen gwo malè sou plas sa a, k ap fè zòrèy a tout moun ki tande yo vin toudi.
4 Because they abandoned me and made this place foreign, burning incense here to other gods unknown to them, their ancestors, and Judah's kings, and because they filled this place with innocent blood. Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo,
5 They built Baal's high places to burn their sons in the fire as burnt offerings to Baal—which I never commanded or decreed, nor entered my mind. akoz yo te bati wo plas a Baal yo pou brile pwòp fis pa yo nan dife kon ofrann brile a Baal yo, yon bagay ke Mwen pa t janm kòmande, ni pale, ni li pa t janm antre nan tèt Mwen.’
6 So look, the days are coming, declares our Father, when this place will no longer be called Topheth or the Valley of Ben-Hinnom, but the Valley of Slaughter. Akoz tout sa a, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “pou plas sa a pa rele ‘Topheth’ ankò, oswa ‘Vale Ben-Hinnom’ nan; men pito, ‘Vale a Gwo Masak’ la.
7 In this place I will pour out Judah and Jerusalem's plans, make them fall by the sword before their enemies, by the hand of those seeking their lives. I will give their corpses as food to the birds of the sky and beasts of the earth. “‘“Mwen va fè nil tout konsèy Juda ak Jérusalem nan plas sa a. Mwen va fè yo tonbe pa nepe devan lènmi yo, e pa men a sila k ap chache lavi yo. Konsa, Mwen va bay kadav yo pou manje a zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.
8 I will make this city a horror, a thing hissed at; all who pass by will be appalled and hiss at all its wounds. Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo.
9 I will make them eat the flesh of their sons and daughters, each eating his neighbor's flesh during the siege and distress their enemies and those seeking their lives press on them. Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’
10 Then you are to break the flask in front of the men who go with you, “Nan moman sa a, ou gen pou kraze kanari a devan zye a tout moun ki akonpanye ou.
11 and say to them: This is what the Father of heaven's armies says: In the same way I will break this people and this city, just as one breaks a potter's vessel so that it can never be mended again. And they will bury in Topheth because there is no other place to bury. Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Se konsa Mwen va kraze pèp sa a ak vil sa a, jis jan ke yon moun kraze yon po kanari, pou l pa ka repare ankò. Yo va antere Topheth, jis lè pa gen plas pou antere ankò.
12 This is what I will do to this place and its residents, declares our Father—making this city like Topheth. Se konsa, mwen va trete plas sa a ak moun ki rete ladann yo,” deklare SENYÈ a, “pou fè vil sa a tankou Topheth.
13 Jerusalem's houses and the houses of Judah's kings will be made unclean like Topheth—every house on whose roof they burned incense to the whole army of heaven and poured out drink offerings to other gods. Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.”’”
14 Jeremiah came from Topheth, where our Father sent him to prophesy, and stood in the court of our Father's house and told all the people: Konsa, Jérémie te sòti Topheth, kote SENYÈ a te voye l pwofetize a. Li te kanpe nan lakou lakay SENYÈ a e te di a tout pèp la:
15 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: I am bringing on this city and all its towns every disaster I pronounced against it, because they stiffened their neck and refused to hear my words. “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen prèt pou mennen sou vil sila a ak tout bouk li yo tout gwo twoub ke M te deklare kont li yo, akoz yo te fè tèt yo di pou pa koute pawòl Mwen yo.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]