Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Pashhur son of Immer, priest and chief officer in our Father's house, heard Jeremiah prophesying these things. Lè Paschhur, prèt la, fis a Immer a, ki te chèf ofisye lakay SENYÈ a, te tande Jérémie fè pwofesi sila yo,
2 Pashhur struck Jeremiah the prophet and put him in the stocks at the upper Gate of Benjamin, in our Father's house. Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a.
3 Next day, Pashhur freed Jeremiah from the stocks. Jeremiah said, "Our Father hasn't named you Pashhur, but Magor-Missabib—Terror on Every Side. Nan pwochen jou a, lè Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: “Paschhur se pa non ke SENYÈ a te bay ou, men pito Magor-Missabib.
4 This is what our Father says: 'I will make you a terror to yourself and your friends. They will fall by their enemies' sword before your eyes. I will hand all Judah to Babylon's king; he will exile them to Babylon and strike them with the sword. Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè ou vin yon gwo laperèz pou pwòp tèt ou, ak tout zanmi ou yo. Pandan zye ou toujou ap gade, yo va tonbe pa nepe lènmi pa yo. Se konsa, mwen va livre tout Juda, pou tonbe nan men a wa Babylone nan. Li va pote yo ale tankou egzile Babylone e li va touye yo ak nepe.
5 I will give this city's wealth, goods, and valuables, and the treasures of Judah's kings to their enemies, who will plunder, take, and carry them to Babylon. Anplis, Mwen va livre tout richès vil sa a, tout pwodwi li yo ak tout bagay koute chè li yo, menm tout trezò a wa a Juda yo, e mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va piyaje yo, pote yo ale, e pote yo Babylone.
6 You, Pashhur, and everyone in your house will go into captivity, come to Babylon, and die and be buried there—you and all your friends you prophesied lies to.'" Konsa, ou menm, Paschhur, ou menm ak tout sila ki rete lakay ou yo, va ale an kaptivite. Ou va antre nan Babylone. Ou va mouri la, e la, ou va antere; ou menm avèk tout zanmi ou yo ki te bay fo pwofesi yo.’”
7 You deceived me, my Father, and I was deceived; you overpowered me and prevailed. I have become a laughingstock all day long; everyone mocks me. O SENYÈ, Ou te mennen m e mwen te mennen; Ou pi fò pase m, e Ou te genyen m. Mwen te vin yon gwo blag tout lajounen; se tout moun k ap moke mwen.
8 Whenever I speak, I cry out, shouting, "Violence and destruction!" For the word of our Father has brought me mockery and contempt all day long. Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò; mwen pwoklame vyolans ak destriksyon! Konsa, pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch. Mwen pase nan rizib tout lajounen.
9 But if I say, "I will not mention him or speak any more in his name," then there is in my heart something like a burning fire locked in my bones. I am worn out holding it in, and I cannot. Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.
10 For I hear the whispering of many: "Terror on every side! Denounce him! Let us denounce him!" All my trusted friends watch for my fall: "Perhaps he will be deceived, and then we will prevail over him and take our revenge on him." Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”
11 But our Father is with me like a fearsome warrior; therefore my persecutors will stumble and not prevail. They will be utterly put to shame, for they have not succeeded; their everlasting dishonor will never be forgotten. Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs. Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak. Yo p ap reyisi. Yo va wont nèt akoz yo fè fayit, ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
12 O Father of heaven's armies, you who test the righteous and see the heart and the mind, let me see your justice against them, for I have committed my cause to you. Sepandan, O SENYÈ dèzame yo, Ou menm ki sonde moun dwat yo, ki wè panse ak kè a; kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.
13 Sing to our Father! Praise our Father! For he has rescued the life of the needy from the clutches of evildoers. Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a! Paske Li te delivre nanm a malere a soti nan men a malfektè yo.
14 May the day I was born be cursed! May the day my mother gave birth to me never be blessed. Kite jou ke mwen te fèt la modi; kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!
15 May that man who brought my father the news, "A son is born to you!" be cursed—making him very glad. Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan, ki te di: “Yon tigason te fèt a ou menm,” e ki te fè l byen kontan an, vin modi.
16 Let that man be like the cities our Father overthrew without relenting. Let him hear an outcry in the morning and a battle alarm at noon, Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke SENYÈ a te kraze nèt san pitye. Kite li tande gwo kri nan granmmaten ak kri “Anmwey” a midi,
17 because he did not kill me in the womb, so that my mother would have been my grave, her womb my resting place forever. akoz li pa t touye m avan mwen te fèt, pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a pou vant li rete ansent pou tout tan.
18 Why did I ever come out of the womb to see trouble and sorrow, and to end my days in shame? Poukisa mwen te janm sòti nan vant, pou m ta gade twoub ak tristès, pou jou m yo ta pase nan wont?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]