Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is the word of our Father that came to Jeremiah concerning the droughts: Sa se pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan gwo sechrès la:
2 Judah mourns, and her gates are deserted; her people sit in mourning on the ground, and a cry rises up from Jerusalem. Juda kriye ak doulè e pòtay li yo vin abandone. Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.
3 "The nobles send their servants for water; they go to the cisterns and find no water. They return with their jars empty; they are ashamed and disgraced, and they cover their heads. Prens pa yo te voye sèvitè yo chache dlo. Yo rive nan sitèn yo, men nanpwen dlo. Yo te retounen ak veso yo vid. Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.
4 Because the ground is cracked open, for there has been no rain on the land, the farmers are ashamed; they cover their heads. Akoz tè sèch la vin fann, akoz pa t gen lapli sou peyi a; kiltivatè yo te vin wont. Yo te kouvri tèt yo.
5 Even the doe in the field abandons her newborn fawn because there is no grass. Wi, menm femèl sèf nan chan an fè pitit pou kite yo. Nanpwen zèb.
6 The wild donkeys stand on the bare heights; they pant for air like jackals; their eyes grow dim because there is no grass. Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo. Y ap rale soufle fò tankou chen mawon. Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.
7 'Though our sins testify against us, act, our Father, for the sake of your name; for we have turned away from you again and again—we have sinned against you. Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.
8 Hope of Israel, Israel's Savior in time of trouble, why are you like a stranger in the land, like a traveler who stops only for the night? O Espwa Israël la, Sovè li nan tan gwo twoub la, poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a? Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?
9 Why are you like someone taken by surprise, like a warrior who cannot save? Yet you, our Father, are in the midst of us, and we are called by your name; do not abandon us!' Poukisa Ou tankou yon nonm twouble, tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou? Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou; pa abandone nou!
10 "This is what our Father says about this people: 'They so loved to wander; they did not restrain their feet. So I take no delight in them; now I will remember their guilt and punish their sins.' Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a: “Malgre yo tèlman renmen egare; yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl. Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo. Koulye a, li sonje inikite yo. Li fè yo rand kont pou peche yo.”
11 "Then our Father said to me, 'Do not pray for the well-being of this people. Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a.
12 When they fast, I won't hear their cry; when they offer burnt and grain offerings, I won't accept them. I will end them by sword, famine, and plague.'" Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”
13 Then I said, "Ah, Sovereign Father, look—the prophets tell them, 'You will not face the sword, and famine will not come upon you, but I'll give you lasting peace here.'" Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’”
14 Then our Father told me, "The prophets prophesy lies in my name. I didn't send, command, or speak to them. They prophesy to you a false vision, worthless fortune-telling, and the deceit of their own minds. Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo.
15 This is what our Father says about the prophets prophesying in my name, though I didn't send them, who say, 'No sword or famine will touch this land': By sword and famine those prophets will die. Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo!
16 The people they prophesy to will be thrown into Jerusalem's streets by famine and sword, no one to bury them—them, their wives, sons, and daughters. I will pour their own evil on them. Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
17 Tell them this: 'Let my eyes stream tears night and day without stopping, for the virgin daughter of my people is shattered by a crushing blow, a wound beyond healing. “Ou va di yo pawòl sa a: ‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen e pa kite dlo yo sispann; Paske fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon gran brèch, ak yon blesi byen grav.
18 If I go out into the field, there lie those slain by the sword; if I enter the city, there are the ravages of famine. For both prophet and priest ply their trade in a land they do not even know.'" Si mwen ale andeyò peyi a, gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo! Oswa si mwen antre nan vil la, gade byen, maladi ak gwo grangou! Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”
19 Have you utterly rejected Judah? Does your heart loathe Zion? Why have you struck us down so that there is no healing for us? We hoped for peace, but no good came; for a time of healing, but instead there is terror. Èske Ou te rejte Juda nèt? Oswa èske Ou te rayi Sion? Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri? Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini; pou yon tan pou nou ta ka geri, men gade byen, se gwo laperèz!
20 We acknowledge our wickedness, our Father, and the guilt of our ancestors; we have sinned against you. Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ, inikite a papa zansèt nou yo, paske nou te peche kont Ou.
21 For the sake of your name, do not despise us; do not dishonor your glorious throne. Remember your covenant with us, and do not break it. Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou: pa kite twòn a glwa ou a dezonore. Sonje e pa kase akò Ou avèk nou.
22 Can any of the worthless idols of the nations bring rain? Can the skies themselves send showers? Are you not the one, our Father? We put our hope in you, for you are the one who does all these things. Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]