Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is what our Father said to me: "Go, buy yourself a linen loincloth, put it around your waist, but do not let it touch water." Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo.”
2 So I bought the loincloth, as our Father had spoken, and put it around my waist. Konsa mwen te achte senti a selon pawòl SENYÈ a, e te mete l nan senti mwen.
3 Then the word of our Father came to me a second time: Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di:
4 "Take the loincloth you bought, the one at your waist, get up, go to the Euphrates, and hide it in a crevice of the rock." “Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch.”
5 So I went and hid it by the Euphrates, as our Father had commanded me. Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.
6 After many days our Father told me, "Get up, go to the Euphrates, and get the loincloth I told you to hide there." Apre anpil jou, SENYÈ a te di m: “Leve ale nan Rivyè Euphrate la e leve pran senti ke M te kòmande ou sere la a.”
7 So I went to the Euphrates, dug up the loincloth, and took it from where I'd hidden it. But it was ruined, useless. Epi mwen te ale nan Rivyè Euphrate la, mwen te fouye e mwen te pran senti a sòti nan plas kote mwen te sere li. Konsa, gade byen, senti a te gate. Li te vin san valè.
8 Then the word of our Father came to me: Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
9 "This is what our Father says: So I will ruin Judah's pride and Jerusalem's great pride. “Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan.
10 This evil people, refusing to hear my words, following their stubborn hearts, chasing other gods to serve and bow to them, will be like this loincloth—useless. Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt.
11 As a loincloth clings to a man's waist, so I made all Israel and all Judah cling to me, declares our Father, to be my people, renown, praise, and glory—but they would not listen. Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’
12 "So tell them: the Father of Israel says: Every jar is to be filled with wine. They'll answer, 'Don't we know every jar is to be filled with wine?' “Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.”’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’
13 Then tell them: This is what our Father says: I am about to fill everyone in this land—the kings on David's throne, the priests, the prophets, and all in Jerusalem—with drunkenness. Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze vin sou nèt la!
14 I'll smash them against each other, parents and children alike, declares our Father. No pity, no sparing, no mercy will stop me from destroying them." Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.”’”
15 Listen and pay attention; do not be proud, for our Father has spoken. Koute e prete atansyon ak sa. Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.
16 Give glory to your Father before he brings darkness, before your feet stumble on the darkening mountains; you will hope for light, but he will turn it into deep gloom and make it total darkness. Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.
17 But if you will not listen, I will weep in secret because of your pride; my eyes will weep bitterly and stream with tears, because our Father's flock has been taken captive. Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.
18 Say to the king and to the queen mother: Humble yourselves and sit down, for your glorious crown has fallen from your head. Di a wa a ak manman rèn nan: “Pran yon chèz ki ba, paske bèl kouwòn ou an, kouwòn de glwa a menm, fin tonbe kite tèt ou.”
19 The cities of the Negev are shut up, with no one to open them. All Judah is carried into exile, carried away completely. Vil negev yo te fèmen ak kle, e nanpwen moun ki pou louvri yo. Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt.
20 Look up and see those who are coming from the north. Where is the flock that was given to you, your beautiful flock? Leve zye ou pou wè, men sila k ap vini soti nan nò yo. Kote bann mouton ki te bay a ou menm nan, bèl mouton ou yo?
21 What will you say when our Father appoints those you yourself trained as your allies to be your rulers? Will not pains grip you like a woman in labor? Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou— konsi, se nou menm ki te enstwi yo— ansyen zanmi nou yo vin chèf sou nou? Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman?
22 And if you ask yourself, "Why have these things happened to me?"—it is because of the greatness of your guilt that your skirts have been stripped off and you have been violated. “Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?” Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire e talon ou yo te vin ekspoze.
23 Can an Ethiopian change his skin, or a leopard its spots? Then you also could do good—you who are trained to do evil. Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li, oswa leyopa a takte li yo? Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal, ta ka chanje 1 pou vin fè byen.
24 I will scatter you like chaff that the desert wind blows away. Akoz sa, Mwen va gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a.
25 This is your lot, the portion I have measured out to you, declares our Father, because you have forgotten me and trusted in lies. “Sa se tiraj osò pa nou, pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a, “akoz nou te bliye Mwen e te mete konfyans nan sa ki fo.
26 "So I myself will pull your skirts up over your face, and your shame will be seen. Akoz sa, Mwen menm va retire jip ou anwo figi ou, pou wont ou kapab vin vizib.
27 Your adulteries, your lustful neighings, your shameless prostitution—on the hills and in the open field I have seen your detestable acts. Woe to you, Jerusalem! How long until you are made clean?" Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo, sou kolin ak nan chan yo. Malè a ou menm, O Jérusalem! Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?” Pou konbyen de tan sa va dire?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]