Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 You are righteous, my Father, whenever I bring my case before you; yet I want to speak with you about your judgments. Why does the way of the wicked prosper? Why do all the treacherous live at ease? Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?
2 You planted them, and they took root; they grow and bear fruit. You are near in their mouths but far from their hearts. Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin. Yo grandi. Wi, yo fè fwi. Ou toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.
3 But you, my Father, know me; you see me, and you test my heart toward you. Drag them off like sheep for the slaughter, and set them aside for the day of slaughter. Men Ou konnen mwen, O SENYÈ. Ou wè mwen. Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm. Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa; mete yo apa pou jou gwo masak la.
4 How long will the land mourn and the grass of every field wither? Because of the evil of those who live in it, the animals and the birds are swept away—for the people say, "He will not see what becomes of us." Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”
5 If you have raced with runners on foot and they have worn you out, how then will you compete with horses? If you stumble in a peaceful land, how will you do in the thickets of the Jordan? Si ou te kouri ak moun apye yo, e yo fè ou bouke, kijan ou ka fè kous ak cheval? Malgre, nan yon peyi lapè, ou gen sekirite, men kijan ou va reyisi nan vye rakbwa Jourdain an?
6 For even your brothers and your father's house—even they have betrayed you; even they have cried out loudly against you. Do not trust them, though they speak kind words to you. Paske menm frè ou yo ak lakay papa ou a; menm yo menm, te fè trèt avèk ou! Menm yo menm, te rele dèyè ou. Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.
7 I have forsaken my house, I have abandoned my heritage; I have given the beloved of my heart into the hands of her enemies. “Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo.
8 My heritage has become to me like a lion in the forest; she has roared against me, and so I have turned against her. Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon k ap gwonde nan forè a. Li te gwonde kont Mwen. Akoz sa, Mwen te vin rayi li.
9 Is my heritage a speckled bird of prey to me, with birds of prey circling against her on every side? Go, gather all the wild animals; bring them to devour. Èske eritaj Mwen an gen tan vin tankou yon zwazo takte nan lachas? Èske gen zwazo voras kont li tout kote? Ale, rasanble tout bèt sovaj nan chan yo. Mennen yo pou yo ka devore!
10 Many shepherds have ruined my vineyard; they have trampled my portion underfoot; they have turned my pleasant portion into a desolate wilderness. Anpil bèje fin gate chan rezen Mwen yo. Yo te foule chan Mwen an anba pye; yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.
11 They have made it a desolation; desolate, it mourns before me. The whole land is laid waste, but no one takes it to heart. Li te vin yon dezè. Abandonen, li plenyen devan M. Tout latè vin dezole, akoz pèsòn pa pran sa an kè.
12 Over all the bare heights in the wilderness the destroyers have come, for my sword devours from one end of the land to the other; no one is safe. Sou tout do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt, paske yon nepe SENYÈ a ap devore soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la. Nanpwen lapè pou pèsòn.
13 They have sown wheat but reaped thorns; they have worn themselves out for nothing. Be ashamed of your harvests, because of my burning anger. Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan. Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen. Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”
14 This is what our Father says: About all my evil neighbors seizing the inheritance I gave my people Israel—I will uproot them from their land, and uproot Judah's house from among them. Konsa pale SENYÈ a de tout vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo.
15 After uprooting them, I will return, show them compassion, and bring each back to his inheritance, each to his land. Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo.
16 If they truly learn my people's ways—swear by my name, 'As surely as your Father lives,' as they taught my people to swear by Baal—they'll be built among my people. Epi si, anverite, yo va aprann chemen a pèp Mwen an, pou sèmante pa non Mwen: ‘Kon SENYÈ a viv la’, menm jan ke yo menm te enstwi pèp Mwen an pou sèmante pa Baal yo, yo va vin etabli nan mitan pèp Mwen an.
17 But any nation that will not listen, I will completely uproot and destroy, declares your Father. Men si yo pa koute, alò, Mwen va dechouke nasyon sa a, dechouke e detwi li,” deklare SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]