Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 53 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Who has believed our message? And to whom has the arm of our Father been revealed? Se kilès ki te kwè mesaj nou yo? Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?
2 For he grew up before him like a tender shoot, and like a root out of dry ground; he had no stately form or majesty to make us look at him, no beauty to attract us to him. Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt, e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk. Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li, ni majeste pou nou ta gade sou Li, ni aparans pou nou ta atire a Li.
3 He was despised and rejected by men, a man of sorrows and acquainted with grief; and like one from whom people hide their faces, he was despised, and we thought nothing of him. Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.
4 Surely he has borne our griefs and carried our sorrows; yet we considered him stricken, struck down by our Father, and afflicted. Anverite, se doulè nou yo Li te pote ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L; men nou te rekonèt Li kon moun pini, frape pa Bondye e aflije.
5 But he was pierced for our rebellion; he was crushed for our sins; the punishment that brought us peace was upon him, and by his wounds we are healed. Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo. Li te kraze pou inikite nou yo. Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li, e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
6 We all, like sheep, have gone astray; we have turned, each one, to his own way; and our Father has laid on him the sin of us all. Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
7 He was oppressed, and he was afflicted, yet he did not open his mouth; like a lamb led to the slaughter, and like a sheep silent before its shearers, so he did not open his mouth. Li te vin oprime e aflije; malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila k ap taye lenn li yo, konsa Li pa t ouvri bouch Li.
8 By oppression and judgment he was taken away; and who among his generation gave any thought to this—that he was cut off from the land of the living, struck down for the rebellion of my people? Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. Selon jenerasyon Li, yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, ke Li te kraze akoz peche a pèp Mwen yo.
9 They assigned him a grave with the wicked, and with a rich man in his death, though he had done no violence, and no deceit was in his mouth. Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo, men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li, malgre Li pa t fè okenn vyolans, ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.
10 Yet it was our Father's will to crush him and to make him suffer; when he makes his life an offering for guilt, he will see his offspring, he will live long, and the will of our Father will prosper through him. Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.
11 After the anguish of his soul he will see the light and be satisfied; by his knowledge my righteous servant will make many righteous, and he will bear their sins. Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konnesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo.
12 Therefore I will give him a portion among the many, and he will divide the spoil with the strong, because he poured out his life to death and was numbered with the transgressors; yet he bore the sin of many, and he intercedes for the transgressors. Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, akoz Li te livre nanm Li menm a lanmò, e Li te konte avèk malfektè yo; malgre Li te pote peche a anpil moun, e te entèsede pou koupab yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]