Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 54 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Sing, barren woman who never bore a child; burst into song and shout for joy, you who were never in labor! For the children of the desolate woman will be more than the children of the married woman, says our Father. “Chante, O esteril la! Ou menm ki pa t kapab fè pitit! Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò, ou menm ki pa t gen doulè ansent lan! Paske fis fanm abandone an va depase fis a fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.
2 Enlarge your tent, and let the curtains of your dwelling spread wide; do not hold back. Lengthen your cords and drive your stakes deep, “Agrandi anplasman tant ou; lonje rido lakay ou, pa ralanti! Fè kòd yo pi long e fòtifye pikèt yo.
3 for you will spread out to the right and to the left; your children will possess the nations and resettle the desolate cities. Paske ou va gaye toupatou, ni adwat, ni agoch. Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo. Yo va rete ankò nan vil abandone yo.”
4 Do not be afraid, for you will not be ashamed; do not be discouraged, for you will not be disgraced. You will forget the shame of your youth and remember no more the disgrace of your widowhood. “Pa pè, paske ou p ap vin wont. Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi. Ou p ap sonje wont jenès ou ak repwòch tankou vèv. Sa va bliye nèt.
5 For your Maker is your husband—the Father of heaven's armies is his name; the Holy One of Israel is your Redeemer, our Father of the whole earth he is called. Paske mari ou se Kreyatè ou a; yo rele L SENYÈ dèzame yo. Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la. Yo rele Li Bondye a tout latè a.
6 For our Father has called you back like a wife forsaken and brokenhearted, like the wife of one's youth when she has been abandoned, says your Father. Paske SENYÈ a te rele ou kon yon madanm abandone e atriste nan lespri, menm kon yon madanm nan jenès li lè l abandone,” di Bondye ou.
7 For a brief moment I abandoned you, but with great compassion I will gather you back. “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou; men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.
8 In a flood of anger I hid my face from you for a moment, but with everlasting love my heart goes out to you, says our Father, your Redeemer. Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman, men ak lanmou dous ki p ap janm fini an, Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.
9 To me this is like the days of Noah, when I swore that the waters of Noah would never again flood the earth; so now I have sworn not to be angry with you or rebuke you. “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo. Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò, konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou, ni ke Mwen p ap repwoche nou.
10 Though the mountains may depart and the hills be shaken, my loyal love will not depart from you, and my covenant of peace will not be shaken, says our Father, whose heart goes out to you in compassion. Paske mòn yo kapab deplase, e kolin yo ka disparèt, men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou. Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,” di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
11 "Afflicted one, storm-tossed and without comfort, look: I will set your stones in antimony and lay your foundations with sapphires. O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san konsolasyon an; gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl ki fèt pou bijou bèl koulè yo, epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.
12 I will make your towers of rubies, your gates of sparkling jewels, and all your walls of precious stones. Anplis, Mwen va fè ranpa ou ak bijou ribi, pòtay nou yo ak pyè kristal, e tout miray ou yo ak pyè presye.
13 All your children will be taught by our Father, and great will be the peace of your children. Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a; pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.
14 In righteousness you will be established; you will be far from oppression, for you will have nothing to fear, and far from terror, for it will not come near you. Nan ladwati, ou va etabli; ou va rete lwen opresyon, paske ou p ap gen lakrent. Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.
15 If anyone stirs up strife against you, it is not from me; whoever attacks you will fall before you. Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti. Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.
16 See, it is I who created the smith who fans the coals into flame and forges a weapon fit for its work; and it is I who created the destroyer to ravage." “Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon ki pou soufle dife chabon an, e fè sòti yon zam pou travay li. Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi.
17 No weapon forged against you will succeed, and you will refute every tongue raised against you in court. This is the inheritance of the servants of our Father, and their vindication is from me, declares our Father. Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]