Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 55 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Listen! All you who are thirsty, come to the water; you without money, come, buy food and eat! Come, buy wine and milk for no price—free of charge. “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo! Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje. Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
2 Why spend money on what is not bread, and your labor on what does not satisfy? Listen carefully to me, and eat what is good, and your soul will delight in the richest food. Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen, ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè? Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon e pran plezi nou an abondans.
3 Open your ears and come to me; listen, that your soul may live. I will make an everlasting covenant with you, my faithful love promised to David. Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
4 See, I have appointed him a witness to the peoples, a leader and commander of the peoples. Gade byen, Mwen te bay li kon yon temwen a pèp la, yon chèf ak kòmandè pou pèp la.
5 Surely you will summon a nation you do not know, and a nation that does not know you will run to you, because of your Father, the Holy One of Israel, for he has glorified you." Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt; yon nasyon ki pa rekonèt ou va kouri bò kote ou, akoz SENYÈ Bondye ou a, ak Sila Ki Sen an Israël la; paske Li te bay ou glwa.”
6 Seek our Father while he may be found; call on him while he is near. Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve; rele Li pandan Li toupre a.
7 Let the wicked abandon his way, and the unrighteous man his thoughts. Let him return to our Father, and our Father's heart will be moved with compassion for him; return to our Father, for he will freely pardon. Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
8 "For my thoughts are not your thoughts, neither are your ways my ways,' declares our Father. “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w, ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
9 'For as the heavens are higher than the earth, so are my ways higher than your ways, and my thoughts than your thoughts. Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a, konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo, e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
10 "For as the rain and the snow come down from heaven and do not return there, but water the earth, making it produce and sprout, giving seed to the sower and bread for those who eat, Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la, e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a, pou fè l donnen e boujonnen, pou fè l bay semans pou kiltivatè, ak pen pou sila k ap manje a;
11 so will my word be that goes out from my mouth: it will not return to me empty, but will accomplish what I desire and achieve the purpose for which I sent it. se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye. Li p ap retounen kote Mwen vid, san ke li pa akonpli sa ke M dezire a, san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
12 You will go out in joy and be led out in peace; the mountains and the hills will break into singing before you, and all the trees of the field will clap their hands. Paske ou va sòti ak kè kontan e mennen sòti ak lapè. Mòn yo ak kolin yo va eklate nan gwo kri lajwa devan ou, e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
13 Instead of the thornbush the cypress will grow, and instead of the brier the myrtle will grow. This will be for the renown of our Father, an everlasting sign that will not be cut off.'" Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve; olye machacha, bwa jasmen va leve. Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a, kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]