Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 52 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Wake up, wake up, put on your strength, Zion; put on your beautiful garments, Jerusalem, the holy city; for the uncircumcised and the unclean will never enter you again. Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion. Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an; paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo p ap antre kote ou a ankò.
2 Shake yourself from the dust and arise; take your throne, Jerusalem; free yourself from the bonds around your neck, captive daughter of Zion. Souke leve kò ou sòti nan pousyè a, O kaptif Jérusalem nan! Retire chenn sa yo nan kou ou, O fi kaptif a Sion an.
3 For this is what our Father says: "You were sold for nothing, and you will be redeemed without money." Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi e ou va rachte san vèse lajan.”
4 For this is what the Sovereign Father says: "At first my people went down to Egypt to live there as foreigners, and Assyria oppressed them for nothing. Paske konsa pale SENYÈ a: “Pèp Mwen an nan kòmansman, te desann an Égypte pou rezide la, epi Asiryen yo te oprime yo san koz.
5 "And now, what is this?" declares our Father, "seeing that my people are taken away for nothing? Their rulers wail," declares our Father, "and continually, all day long, my name is despised. Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a, “konsi pèp Mwen an te retire san koz?” Ankò deklare SENYÈ a: “Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen, epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan, e non Mwen blasfeme tout lajounen,
6 Therefore my people will know my name; therefore in that day they will know that it is I who speak; here I am." pou sa, pèp Mwen an va konnen non Mwen. Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale. Gade byen, se Mwen!”
7 How beautiful on the mountains are the feet of the messenger who brings good news, who proclaims peace, who brings good news of good things, who proclaims salvation, who says to Zion, "Your Father reigns!" A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la, ki anonse lapè, ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, ki anonse Sali, ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
8 Listen! Your watchmen lift up their voices; together they shout for joy, for with their own eyes they will see our Father returning to Zion. Gadyen ou yo leve vwa yo. Yo rele fò ak kè kontan ansanm; paske yo va wè ak pwòp zye yo lè SENYÈ a retounen nan Sion an.
9 Burst into song together, you ruins of Jerusalem, for our Father has comforted his people; he has redeemed Jerusalem. Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo, paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li te rachte Jérusalem.
10 Our Father has bared his holy arm in the sight of all the nations, and all the ends of the earth will see the salvation of our Father. SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.
11 Leave! Leave! Go out from there; touch no unclean thing; go out from among them; purify yourselves, you who carry the vessels of our Father. Sòti! Sòti! Kite kote sa a! Pa touche anyen ki pa pwòp! Sòti nan mitan li! Vin pirifye nou menm! Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.
12 For you will not go out in haste, nor will you flee; for our Father will go before you, and our Father will be your rear guard. Nou p ap kite ak gran vites, ni nou p ap kouri devan moun; paske SENYÈ a va ale devan nou e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
13 See, my servant will act wisely; he will be raised and lifted up and highly exalted. Gade byen, sèvitè Mwen an va aji avèk sajès. Li va leve wo, e vin egzalte anpil.
14 Just as many were appalled at him—his appearance was so disfigured beyond that of any man, and his form beyond that of any human being, Menm jan ke anpil moun te etone de ou— konsa aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun, e fòm li plis ke fis a lòm yo.
15 so he will sprinkle many nations; kings will shut their mouths because of him. For what they were not told, they will see, and what they had not heard, they will understand. Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]