Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 51 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Listen to me, you who pursue righteousness, you who seek our Father: look to the rock from which you were cut, and to the quarry from which you were dug. “Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a, k ap chache SENYÈ a: Gade vè wòch sou sila nou te taye a, vè min wòch kote nou te retire a.
2 Look to Abraham your father, and to Sarah who gave you birth; for when he was only one I called him, and I blessed him and made him many. Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”
3 For our Father comforts Zion; he comforts all her ruins. He makes her wilderness like Eden, her desert like the garden of our Father. Joy and gladness are found in her, thanksgiving and the sound of song. Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden, e dezè yo tankou jaden Senyè a. Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; remèsiman ak son melodi chanson.
4 "Listen to me, my people; hear me, my nation: for a teaching will go out from me, and I will set my justice as a light to the peoples. “Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an; paske yon lwa va sòti nan Mwen e Mwen va poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.
5 My righteousness is near, my salvation has gone out, and my arms will bring justice to the peoples; the coastlands wait for me, and they put their hope in my arm. Ladwati Mwen toupre a. Sali Mwen te voye deyò. Se bra M kap jije pèp yo. Peyi kot yo va tann Mwen, e bra M va jije pèp yo.
6 Lift up your eyes to the heavens, and look at the earth beneath: the heavens will vanish like smoke, the earth will wear out like a garment, and those who live in it will die like gnats; but my salvation will last forever, and my righteousness will never be shattered. Leve zye nou vè syèl la e gade anba vè latè; paske syèl la va disparèt tankou lafimen; latè va epwize tankou yon vètman. Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri; men delivrans Mwen va la jis pou tout tan, e ladwati Mwen p ap janm sispann.
7 Listen to me, you who know righteousness, the people who carry my teaching in their hearts: do not fear the reproach of mortals, and do not be shattered by their insults. “Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati, yon pèp ki gen lalwa M nan kè yo. Pa pè repwòch a lòm, ni dekouraje lè y ap meprize nou.
8 For the moth will eat them like a garment, and the worm will eat them like wool; but my righteousness will last forever, and my salvation to all generations." Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, e mit va manje yo tankou len. Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”
9 Awake, awake, clothe yourself with strength, O arm of our Father! Awake as in days of old, in the generations long past. Was it not you who cut the sea monster Rahab to pieces, who pierced the dragon through? “Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?
10 Was it not you who dried up the sea, the waters of the great deep, who made the depths of the sea a road for the redeemed to cross over? Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a, dlo yo a gran fon an; ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?
11 So the ransomed of our Father will return and come to Zion with singing; everlasting joy will crown their heads. Gladness and joy will overtake them, and sorrow and sighing will flee away. Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen; vini ak gwo kri lajwa a Sion yo. Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo. Yo va jwenn kè kontan ak lajwa, e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.
12 "I, I am the one who comforts you. Who are you to fear mere mortals who die, people who pass away like grass, “Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?
13 that you forget me, your Maker, who stretched out the heavens and laid the foundations of the earth? You live in constant dread all day long because of the fury of the oppressor, who is bent on destruction. But where is the fury of the oppressor? Èske ou te bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a, ki te rale ouvri syèl yo e te poze fondasyon latè yo? Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a, pandan l ap prepare pou detwi? Men ki kote kòlè opresè sila a?
14 The one bent down in chains will soon be set free; he will not die and go down to the pit, nor will he go hungry. Toutalè egzile a va libere. Li p ap mouri nan kacho a, ni li p ap manke pen.
15 For I am your Father, who stirs up the sea so that its waves roar—the Father of heaven's armies is his name. Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a, ki fè boulvèse lanmè a, Ki fè lanm li yo gwonde. SENYÈ dèzame yo se non Li.
16 And I have put my words in your mouth and covered you with the shadow of my hand, planting the heavens and laying the foundations of the earth, and saying to Zion, 'You are my people.'" Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen, pou etabli syèl yo, fonde latè a e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’”
17 Awake, awake! Rise up, O Jerusalem, you who have drunk from the hand of our Father the cup of his wrath, who have drained the bowl to the dregs, the cup that makes you stagger. Leve ou menm! Leve ou menm! Kanpe, O Jérusalem! Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li. Gode ki pou fè ou kilbite a, ou fin bwè jis rive nan kras anba l.
18 Among all the children she has borne there is no one to guide her; among all the children she has raised there is no one to take her by the hand. Nanpwen moun ki pou gide fi a pami tout fis li te fè yo, ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen pami tout fis li te leve yo.
19 These two things have fallen on you—who will mourn for you?—ruin and destruction, famine and sword. Who can comfort you? Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou— se kilès ki va kriye pou ou?— devastasyon ak destriksyon, gwo grangou, ak nepe. Kijan pou m ta konsole ou?
20 Your children have fainted; they lie at every street corner like an antelope caught in a net, filled with the wrath of our Father, the rebuke of your Father. Fis ou yo vin endispoze; yo kouche atè sou pwent a chak ri, tankou antilòp ki kenbe nan pèlen. Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a, ak repwòch Bondye ou a.
21 Therefore hear this, you who are afflicted, drunk, but not with wine: Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki aflije, ki sou, men pa avèk diven:
22 This is what your Sovereign Father says, who defends the cause of his people: 'See, I have taken from your hand the cup that makes you stagger, the bowl of my wrath; you will never drink it again.' Konsa pale Senyè ou a, SENYÈ a, menm Bondye ou, ki pran plede kòz pou pèp Li a: “Gade byen, Mwen te retire tas kilbite a, gode kòlè Mwen an soti nan men ou; ou p ap janm bwè l ankò.
23 I will put it into the hand of your tormentors, who said to you, 'Bow down so we can walk over you,' so that you made your back like the ground, like a street for them to cross. M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo, ki te di nanm ou: ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’. Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a; tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]