Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 47 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Step down, sit in the dust, virgin daughter of Babylon; sit on the bare ground, no throne, daughter of the Chaldeans. No longer will they call you tender and delicate. “Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan; Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo! Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
2 "Take the millstones and grind flour; remove your veil, strip off your robe, bare your legs, wade through the rivers. Pran yon wòch moulen pou moulen farin. Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. Travèse rivyè yo.
3 Your nakedness will be uncovered, and your shame will be seen. I will bring justice, and I will spare no one." Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt. Mwen va pran vanjans e Mwen p ap bliye pèsòn.”
4 Our Redeemer—the Father of heaven's armies is his name—the Holy One of Israel, our Father. Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li, Sila Ki Sen an Israël la.
5 Sit in silence, and go into darkness, daughter of the Babylonians; for you will no longer be called the queen of kingdoms. Chita an silans e antre nan fènwa a, O fi a Kaldeyen yo, paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
6 I was angry with my children; I defiled my inheritance and gave them into your hand. You showed them no mercy; you laid a very heavy yoke even on the elderly. Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.
7 You said, "I will be queen forever"—so you did not take these things to heart or remember how it would end. Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
8 Now then, hear this, you lover of pleasures who sits securely, who says in her heart, "I am, and there is none besides me; I will never sit as a widow or know the loss of children." “Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo, ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt. Mwen p ap janm chita tankou yon vèv, ni konnen pèt timoun.’
9 But both these things will come upon you in a moment, in a single day: the loss of children and widowhood. They will come upon you in full measure, despite your many sorceries and the great power of your spells. Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman nan yon jou: pèt a pitit ak afè vin vèv la. Yo va rive an mezi plen nèt; malgre tout maji nou ak gwo pouvwa wanga nou konn fè yo.
10 You trusted your own evil; you said, 'Nobody sees me.' Your wisdom and knowledge misled you, so you thought, 'I alone am, and none exists besides me.' Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’. Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou; paske nan kè ou, ou te di: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11 So disaster will come upon you that you will not know how to charm away; calamity will fall on you that you cannot ward off; ruin will come upon you suddenly, before you know it. Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen maji pou detounen. Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk va rive sou ou sibitman.
12 Keep on, then, with your spells and your many sorceries that you have worked at since your youth. Perhaps you will succeed; perhaps you will cause terror. Kanpe fèm nan tout maji ak wanga ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo. Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13 You are worn out by your many counsels. Let them stand up and save you—those who map the heavens, who gaze at the stars, who at each new moon predict what will come upon you. Ou vin fatige ak tout konsèyè yo. Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14 See, they are like stubble; the fire burns them up. They cannot save themselves from the power of the flame. These are no coals for warming, no fire to sit beside. Gade byen, yo tankou pay. Dife ap brile yo. Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo. P ap gen chabon ki pou chofe kò yo, ni flanm dife pou yo chita devan l!
15 This is what they are to you—those you have worked and traded with since your youth. Each wanders off in his own direction; there is no one to save you. Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen: Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo va mache egare nan chemen pa yo; nanpwen moun ki pou ta sove ou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]