Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 48 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Listen to this, house of Jacob, you who are called by the name of Israel and who came from the line of Judah; you who swear by the name of our Father and call on our Father—but not in truth or in righteousness. “Tande sa, O lakay Jacob, ki rele pa non Israël, ki te sòti nan dlo Juda la. Nou sèmante pa non SENYÈ a, e envoke Bondye Israël la, men san verite e san ladwati.
2 For they call themselves people of the holy city and lean on our Father—the Father of heaven's armies is his name. Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an e yo depann sou Bondye Israël la; SENYÈ dèzame se non Li.
3 "I declared the former things long ago; they went out from my mouth, and I made them known. Then suddenly I acted, and they came true. Mwen te deklare ansyen bagay lontan yo, yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo. Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive.
4 Because I knew how stubborn you are—your neck sinew stiff as iron, your forehead hard as bronze.' Akoz Mwen konnen ke tèt ou di, kou ou tankou ba fè, e fwontèn ou tankou bwonz;
5 I told you these things long ago; before they happened I announced them to you, so you could never say, 'My idol did them; my carved image and my cast figure commanded them." pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa; avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm, pou ou pa ta di: ‘Se zidòl mwen an ki te fè l; imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an ki te kòmande yo.’
6 You have heard it; now look at all of it. Will you not admit it? From now on I will tell you new things, hidden things you never knew.' Ou te tande sa! Gade tout sa! Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li? Mwen pwoklame bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a, tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo.
7 They are created now, not long ago; before today you had never heard of them, so you cannot say, 'I already knew them.' Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa. Avan jou sa a, ou pa t tande yo. Konsa, ou p ap di: “Gade byen, mwen te konnen yo”.
8 You have never heard, never known; long ago your ear was not opened. For I knew how treacherously you would act—you have been called a rebel from birth. Anverite, Ou pa t konn tande yo, ni ou pa t konnen yo. Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri, paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken. Depi nan nesans ou, se rebèl ou te ye.
9 For my own name's sake I hold back my anger; for the sake of my praise I restrain it toward you, so that I do not cut you off. Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta; pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou, pou m pa koupe retire ou nèt.
10 See, I have refined you, but not as silver; I have tested you in the furnace of affliction. Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan; Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.
11 For my own sake, for my own sake, I act—for why should my name be profaned? My glory I will not give to another. Pou koz pa M, pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji; paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa? Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.
12 "Listen to me, Jacob, and Israel, whom I called: I am he; I am the first, and I am the last. Koute Mwen, O Jacob, menm Israël ke M te rele a; Mwen se Li menm nan. Mwen se premye a. E Mwen se osi dènye a.
13 My own hand laid the foundation of the earth, and my right hand spread out the heavens; when I call to them, they stand up together." Anverite, men M te etabli latè, e men dwat Mwen te louvri syèl yo. Lè M rele yo, yo kanpe ansanm.
14 Gather together, all of you, and listen: who among them has declared these things? The one I love will carry out my purpose against Babylon, and his arm will be against the Babylonians. Rasanble, nou tout pou koute! Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo? Sila SENYÈ a renmen; li va akonpli sa li pito sou Babylone. Men L va kontra Kaldeyen yo.
15 I, I myself, have spoken; yes, I have called him. I have brought him, and he will succeed in his way. Mwen menm, Mwen te pale. Anverite, Mwen te rele li. Mwen te mennen li, e Li va fè chemen li yo vin reyisi.
16 Come near to me, hear this: from the beginning I have not spoken in secret; from the time it came to be, I was there. And now the Sovereign Father has sent me—and his Spirit. Vin toupre Mwen, koute sa: “Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè; depi tan sa te rive a, Mwen te la.” Epi koulye a Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.
17 This is what our Father says—your Redeemer, the Holy One of Israel: I am your Father, who teaches you for your good, who leads you in the way you should go. Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a, Sila Ki Sen an Israël la: “Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi, ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
18 "If only you had paid attention to my commands! Then your peace would have flowed like a river, and your righteousness like the waves of the sea. Si sèlman ou te okipe kòmandman Mwen yo! Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè, e ladwati ou tankou lam lanmè yo.
19 Your children would have been like the sand, and your own offspring like its grains; their name would never be cut off or destroyed from my presence." Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab. Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.”
20 Go out from Babylon! Flee from the Babylonians! With a shout of joy declare it, proclaim it; send it out to the end of the earth. Say, 'Our Father has redeemed his servant Jacob!' Ale kite Babylone! Sove ale devan Kaldeyen yo! Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. Voye li rive jis nan dènye pwent latè. Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”
21 They did not thirst when he led them through the deserts; he made water flow for them from the rock. He split the rock, and the water gushed out. Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo. Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo; Li te fann wòch la e dlo te vin pete.
22 "There is no peace," says our Father, "for the wicked." “Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]