Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 46 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Bel bows down, Nebo stoops low; their idols are loaded on beasts and cattle. The things you carry are hoisted up, a burden for the weary animals. Bel vin pwostène, Nebo koube nèt. Imaj pa yo kon pote sou bèt; menm sou tout kalite bèt domestik. Bagay ke nou pote yo se chaj lou; yon fado ki pèze sa yo ki fatige.
2 Together they stoop, they bow down; they cannot save themselves, and they go off into captivity. Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm. Yo pa t ka delivre chaj lou a, men yo menm vin prizonye yo.
3 "Listen to me, house of Jacob, all the remnant of the house of Israel—you whom I have carried from before your birth, lifted up from the womb. Koute Mwen, O lakay Jacob ak tout retay lakay Israël la; nou menm ki te pote menm depi nan nesans, ki te pote depi nan vant.
4 Even to your old age I am he, and to your gray hairs I will carry you. I made you, and I will bear you; I will carry you and I will rescue you. Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li, e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou. Mwen te fè, e Mwen va pote. Mwen va pote, e Mwen va delivre.
5 "To whom will you liken me or count me equal? To whom will you compare me, that we should be alike? A kilès nou ta fè Mwen sanble, fè Mwen vin egal e konpare Mwen, konsi nou te menm bagay?
6 Some pour out gold from the purse and weigh silver on the scale; they hire a goldsmith, and he makes it into a god—then they bow down, yes, they worship it. Kèk kon vide lò ki sòti nan bous, oswa peze ajan sou balans. Anplwaye yon òfèv, e l ap fè l vin tounen yon dye. Yo pwostène— e anverite, yo adore l.
7 They lift it on their shoulders and carry it; they set it in its place, and there it stands—from its spot it does not move. If anyone cries out to it, it cannot answer or save him from his trouble. Yo fè l monte sou zepòl pou pote l; yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la. Li p ap ka deplase nan plas li. Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn; li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.
8 "Remember this and stand firm; take it to heart, you rebels. Sonje sa e kanpe fèm kon gason; kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.
9 Remember the former things long past, for I am your Father, and there is no other; I am your Father, and there is none like me. Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo, paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt. Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,
10 I declare the end from the beginning, and from ancient times what has not yet happened, saying, 'My purpose will stand, and I will accomplish everything I please.' ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
11 I call a bird of prey from the east, the man who carries out my purpose from a far-off land. What I have spoken, I will bring about; what I have planned, I will do. M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès, yon nonm volonte Mwen an, k ap soti nan yon peyi lwen. Anverite, Mwen te pale. Anverite, Mwen va fè sa rive. Mwen ki te fè plan an; Mwen k ap fè l rive.
12 "Listen to me, you stubborn-hearted, you who are far from righteousness: Koute Mwen, nou menm, moun tèt di, ki lwen ladwati yo!
13 I am bringing my righteousness near—it is not far off—and my salvation will not delay. I will give salvation in Zion, my splendor to Israel." Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre. Li pa lwen, epi sali Mwen p ap fè reta. Mwen va bay sali nan Sion e glwa Mwen a Israël.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]