Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 45 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is what our Father says to his anointed, to Cyrus, whose right hand I have grasped to subdue nations before him and to strip kings of their armor, to open doors before him so that gates will not be shut: Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:
2 I will go before you and level the mountains; I will shatter the doors of bronze and cut through the bars of iron. “Mwen va ale devan ou pou fè move kote yo vin swa. Mwen va kraze pòt an bwonz yo e fin koupe nèt ba an fè li yo.
3 I will give you the treasures of darkness and hoards stored in secret places, so that you may know that I am the Father of Israel, who calls you by your name. Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.
4 For the sake of my servant Jacob, and Israel my chosen, I have called you by your name; I give you a title of honor, though you do not know me. Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël, sila ke M te chwazi a, Mwen te, anplis, rele ou pa non ou. Mwen te bay ou yon tit k ap respekte, malgre ou pa t rekonèt Mwen.
5 I am the Father, and there is no other; besides me there is none. I equip you for battle, though you do not know me, Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. Mwen va fòtifye ou, malgre ou pa t rekonèt Mwen;
6 so that people may know, from the rising of the sun to the place of its setting, that there is none besides me. I am the Father, and there is no other. ke lèzòm ka konnen depi solèy leve jiskaske solèy kouche, ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm. Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt;
7 I form light and create darkness, I make well-being and create calamity; I am the Father, who does all these things. Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a, ki fè bonè e ki kreye malè. Mwen se SENYÈ a, ki fè tout sila yo.
8 Rain down, O heavens, from above, and let the skies pour down righteousness; let the earth open wide, that salvation may bear fruit and righteousness spring up together. I, the Father, have created it. Degoute depi anwo, O syèl yo, e kite nwaj yo vide fè ladwati desann. Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi, pou fè ladwati vòltije monte avè l. Mwen, SENYÈ a te kreye l.
9 Woe to the one who quarrels with his Maker—a pottery shard among the shards of the earth! Does the clay say to the one who forms it, "What are you making?" or, "Your work has no handles"? Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?
10 Woe to the one who says to a father, "What are you fathering?" or to a woman, "What are you bringing to birth?" Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’ Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”
11 This is what the Holy One of Israel—our Father—and the one who formed him—says: Will you question me about my children, and give me orders about the work of my hands? Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël ak Kreyatè li a: “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!
12 I made the earth and created humanity upon it. It was my hands that stretched out the heavens, and I commanded all their host. Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li. Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M e mete tout lame selès pa yo an lòd.
13 I have stirred him up in righteousness, and I will make all his ways straight. He will rebuild my city and set my exiles free, not for price or reward, says the Father of heaven's armies. Mwen te fè leve nan li ladwati e Mwen va fè wout li yo swa. Li va bati vil Mwen, e va kite egzile Mwen yo vin libere, pa pou pèyman oswa rekonpans,” pale SENYÈ dèzame yo.
14 Our Father says: The wealth of Egypt and the merchandise of Cush, and the Sabeans, men of stature, will come over to you and be yours; they will follow behind you, coming over in chains. They will bow down to you and plead with you, saying, "Surely God is with you, and there is no other; there is none besides him." Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo, mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou. Yo va pou ou. Yo va mache dèyè w. Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou; yo va fè siplikasyon a ou menm. ‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt. Nanpwen lòt Bondye’”
15 Truly you are a Father who has hidden yourself, the Father of Israel, the Savior. Anverite, Ou se yon Dye ki kache tèt Li, O Bondye Israël la, Sovè a!
16 All of them are ashamed and disgraced; the makers of idols go off together in confusion. Yo va desi, imilye menm, yo tout. Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.
17 But Israel is saved by our Father with an everlasting salvation; you will not be ashamed or disgraced for all eternity. Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan. Ou p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.
18 For this is what the Father says, who created the heavens—he is the Father!—who formed the earth and made it; he established it. He did not create it empty; he formed it to be inhabited: I am the Father, and there is no other. Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a, Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la; Ki te etabli li, e Li pa t kreye li vid, men te fòme l pou moun ka viv ladann di: “Mwen se SENYÈ a. Nanpwen lòt.
19 I did not speak in secret, in a land of darkness; I did not say to the descendants of Jacob, "Seek me in vain." I, your Father, speak what is right; I declare what is true. Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa. Mwen pa t di a desandan Jacob yo, ‘Chache M anven.’ Mwen, SENYÈ a, pale ladwati. Mwen deklare sa ki dwat.”
20 Gather together and come; draw near, you survivors of the nations! They have no knowledge—those who carry around their wooden idols and keep praying to a god that cannot save. “Rasanble nou e vini. Rapwoche nou ansanm, nou menm, refijye a nasyon yo. Lòt yo pa gen konesans; sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou, e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.
21 Declare and present your case; let them consult together! Who foretold this long ago and declared it from ancient times? Was it not I, the Father? There is no other besides me—a righteous Father and a Savior; there is none besides me. Deklare e prezante ka nou an. Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm. Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo, ki te deklare sa depi lontan? Èske se pa Mwen, SENYÈ a? Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen, yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.
22 Turn to me and be saved, all the ends of the earth! For I am the Father, and there is no other. “Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.
23 By myself I have sworn; a word has gone out from my mouth in righteousness that will not return: To me every knee will bow, every tongue will swear allegiance. Mwen te sèmante pa Mwen menm, pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati e li p ap vire fè bak; ke a Mwen menm, tout jenou va koube e tout lang va sèmante fidelite.
24 They will say of me, "Only in God are righteousness and strength." To him all who raged against him will come, and they will be ashamed. Yo va di de Mwen: ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te fè laràj kont Li va vin wont nèt.
25 In our Father all the children of Israel will be justified, and in him they will glory. Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye e va rejwi!
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]