Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 44 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 But now listen, Jacob my servant, Israel whom I have chosen. “Men koulye a, koute, O Jacob, sèvitè Mwen an; Israël ke M te chwazi a.
2 This is what our Father says—he who made you, who formed you from the womb and will help you: Do not be afraid, Jacob my servant, Jeshurun whom I have chosen. Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a, ki te fòme ou soti nan vant lan, ki va bay ou soutyen, kap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an; ak ou menm Israël ke M te chwazi a.
3 For I will pour water on the thirsty land and streams on the dry ground; I will pour out my Spirit on your children and my blessing on your descendants. Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf e vwa dlo sou tè ki sèch. Mwen va vide Lespri M sou ras ou e benediksyon sou desandan ou yo;
4 They will spring up among the grass like willows by flowing streams. konsa, yo va vin vòltije pami zèb kon bwa akote sous dlo.’
5 This one will say, 'I belong to the Father'; another will call himself by the name of Jacob; still another will write on his hand, 'The Father's,' and take the name of Israel. Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’ epi lòt la va rele sou non Jacob; epi yon lòt va ekri sou men l: ‘Apatyen a SENYÈ a’, epi va nonmen non Israël ak respè.
6 This is what our Father says—the King of Israel and his Redeemer, the Father of heaven's armies: I am the first and I am the last; besides me there is no god. Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.
7 Who is like me? Let him proclaim it. Let him declare and lay it out before me, since the day I established an ancient people. Let them foretell what is coming, and what is yet to be. Se kilès ki tankou Mwen? Kite li pwoklame e deklare sa; Wi, kite li pale M sa an lòd. Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon a. Epi kite yo deklare a yo menm bagay k ap vini yo ak evenman ki va rive yo.
8 Do not tremble, do not be afraid. Did I not tell you long ago and declare it? You are my witnesses. Is there any Father besides me? There is no Rock; I know of none. Pa tranble, pa pè. Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm e te demontre nou sa? Konsa, nou se temwen M. Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm? Anverite, nanpwen! Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”
9 All who make idols are nothing, and the things they treasure are worthless. Their own witnesses see nothing and know nothing, so they are put to shame. Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen. Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis. Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen. Yo pa ka menm vin wont.
10 Who makes a god or casts an idol that does its maker no good? Se kilès ki te fòme yon dye, oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?
11 Look—all his companions will be put to shame, for the craftsmen are only human. Let them all assemble and take their stand; they will be terrified and put to shame together. Gade byen, tout zami l yo va vin wont, paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm. Kite yo rasanble yo menm, kite yo kanpe, kite yo tranble, kite yo tout ansanm vin wont.
12 The blacksmith shapes an iron tool, working it over the coals; he forms it with hammers and forges it with his strong arm. Yet he grows hungry and his strength fails; he drinks no water and grows faint. Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe. Yon travay ki fèt sou chabon limen. Li fòme li ak mato, e travay li ak bra li ki fò. Anplis, li vin grangou e pèdi fòs; li pa bwè dlo e li vin fatige.
13 The carpenter stretches out a measuring line and marks the wood with a stylus; he works it with chisels and marks it with a compass. He shapes it into the figure of a man, with human beauty, to dwell in a shrine. Yon lòt taye bwa, li mezire li ak mèt mezi; li trase sou li ak lakrè wouj. Li travay li ak rif la, trase l ak konpa e fè li sanble ak fòm a yon moun, tankou bèlte a lòm, pou l ka plase li anndan yon kay.
14 He cuts down cedars, or chooses a cypress or an oak and lets it grow strong among the trees of the forest. He plants a cedar, and the rain makes it grow. Anverite, li koupe bwa sèd yo pou kont li, pran yon bwa pichpen oswa yon bwadchenn e leve li pou kont li pami bwa forè yo. Li plante yon bwa pen e lapli fè l grandi.
15 He uses it for fuel. He takes some of it and warms himself; he lights a fire and bakes bread. But he also makes a god and worships it; he makes an idol and bows down to it. Epi li devni yon bagay pou moun ka brile. Li pran kèk nan li pou l ka chofe e anplis, fè dife pou kwit pen. Anplis li fè yon dye epi l adore l. Li fè li yon imaj taye e li tonbe ba devan l.
16 He burns half the wood in the fire; over it he roasts meat, eats his fill, and warms himself. He says, 'Ah, I am warm; I can feel the fire.' Mwatye li, li brile nan dife; sou mwatye sa a, li manje vyann pandan li kwit yon gwo mòs e li satisfè. Anplis, li chofè kò l epi di: “Aha, koulye a mwen fin chofe ase; mwen te wè dife a.”
17 And from what is left he makes a god, his idol; he bows down to it and worships, he prays to it and says, 'Save me, for you are my god!' Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li. Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis, li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”
18 They know nothing, they understand nothing; their eyes are plastered over so they cannot see, and their hearts too, so they cannot understand. Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.
19 No one stops to think, no one has the knowledge or insight to say, 'Half of it I burned in the fire; I even baked bread over its coals, I roasted meat and ate. Will I make the rest into an abomination? Will I bow down to a block of wood?' Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans ni konprann pou l ta di: “Mwen te brile mwatye li nan dife a e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li. Mwen boukannen vyann, e mwen manje li. Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon? Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”
20 He feeds on ashes; a deluded heart has led him astray. He cannot save himself or say, 'Am I not holding a lie in my right hand?' La p manje sou sann yo. Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote. Li p ap kapab delivre nanm li menm. Ni li pa mande: “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”
21 Remember these things, Jacob, and you, Israel, for you are my servant. I formed you; you are my servant. Israel, I will not forget you. “Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël, paske ou se sèvitè Mwen, O Israël. Mwen p ap janm bliye ou.
22 I have swept away your rebellions like a cloud, your sins like the morning mist. Return to me, for I have redeemed you. Mwen te efase transgresyon ou yo tankou yon nwaj byen pwès, ak peche ou yo tankou yon nwaj. Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”
23 Sing, heavens, for our Father has done it! Shout aloud, depths of the earth. Break into singing, mountains, forest, and every tree in it! For our Father has redeemed Jacob, and he displays his glory in Israel. Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; paske SENYÈ a te rachte Jacob, e an Israël, Li va devwale glwa Li.
24 This is what our Father says—your Redeemer, who formed you from the womb: I am your Father, the Maker of all things, who alone stretched out the heavens, who spread out the earth by myself, Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a e sila ki te fè ou soti nan vant la: “Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay, Mwen te lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen, e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen;
25 who frustrates the signs of false prophets and makes fools of diviners, who overturns the learning of the wise and turns their knowledge into foolishness, ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;
26 who confirms the word of his servant and fulfills the counsel of his messengers, who says of Jerusalem, 'She will be inhabited,' and of the cities of Judah, 'They will be rebuilt, and I will restore their ruins,' ki te konfime pawòl a sèvitè Li a e te acheve bi a mesaje Li yo. Se Mwen menm ki di de Jérusalem: Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo: ‘Yo va bati.’ Konsa, Mwen va fè leve mazi li yo ankò.
27 who says to the deep, 'Be dry; I will dry up your rivers,' Se Mwen menm ki pale a fon lanmè a: ‘Vin sèch,’ e Mwen va fè rivyè ou yo vin sèk.
28 who says of Cyrus, 'He is my shepherd, and he will accomplish all that I please'; who says of Jerusalem, 'She will be rebuilt,' and of the temple, 'Your foundation will be laid.' Se Mwen menm ki di de Cyrus: ‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’ Li va deklare a Jérusalem: ‘Li va bati,’ e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]