Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 43 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 But now, this is what our Father says—he who created you, Jacob, he who formed you, Israel: Do not be afraid, for I have redeemed you; I have called you by name, you are mine. Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!
2 When you pass through the waters, I will be with you; and through the rivers, they will not overwhelm you. When you walk through fire, you will not be burned, and the flame will not consume you. Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.
3 For I am your Father, the Holy One of Israel, your Savior. I gave Egypt as your ransom, Cush and Seba in your place. Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen en Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.
4 Because you are precious in my eyes, and honored, and I love you, I give people in exchange for you, and nations in exchange for your life. Akoz ou presye nan zye M, akoz ou gen gran valè e Mwen renmen ou, Mwen va bay lòt moun nan plas ou e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
5 Do not be afraid, for I am with you. From the east I will bring your children, and from the west I will gather you. Pa pè, paske Mwen avèk ou; Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès e ranmase ou nan lwès.
6 To the north I will say, Release them, and to the south, Keep them no longer; bring back my sons from distant lands and my daughters from earth's farthest reaches, Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—
7 everyone who is called by my name, whom I created for my glory, whom I formed and made. tout moun ki rele pa non Mwen e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen, ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
8 Bring out the people who have eyes but are blind, and who have ears but are deaf. Mennen fè parèt pèp ki avèg la, malgre yo gen zye e soud la, malgre yo gen zòrèy.
9 All the nations gather together, and the peoples assemble. Who among them can declare this and tell us the former things? Let the nations bring their witnesses to prove they are right, so that others may hear and say, It is true. Kite tout nasyon yo reyini ansanm e tout pèp yo rasanble. Kilès pami yo ki kapab deklare sa e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo? Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye, oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.
10 You are my witnesses, declares our Father, and my chosen servant, so that you can know and trust me and grasp that I am he. No god was formed before me, and none will come after me. “Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Ak sèvitè ke M te chwazi; pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.
11 I, I am your Father, and besides me there is no savior. Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen sovè apa de Mwen menm.
12 I declared and saved and proclaimed, when there was no foreign god among you; and you are my witnesses, declares our Father, and I am your Father. Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame e pat genyen dye etranje pami nou. Konsa, nou se temwen M”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen se Bondye.
13 From this day on I am he; there is no one who can deliver from my hand. I act, and who can turn it back? Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M; Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
14 This is what our Father says—your Redeemer, the Holy One of Israel: For your sake I send to Babylon and bring them all down as fugitives, the Babylonians, in the ships they are so proud of. Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo.
15 I am your Father, your Holy One, the Creator of Israel, your King. Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”
16 This is what our Father says—he who makes a way in the sea, a path through the mighty waters, Konsa pale SENYÈ a, ki fè yon wout sou lanmè a, e yon chemen nan dlo pwisan yo,
17 who brings out chariot and horse, army and warrior together—they lie down and cannot rise, snuffed out, quenched like a wick: Ki mennen fè parèt cha avèk cheval la, lame ak mesye pwisan a (Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò; yo te etenn tankou yon fisèl bouji):
18 Do not remember the former things, nor consider the things of the past. Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou, ni reflechi sou bagay ki fin pase.
19 Look, I am doing a new thing; now it springs up—do you not see it? I will make a way in the wilderness and rivers in the desert. Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf; koulye a, li va pete vin parèt. Èske nou p ap rekonèt li? Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, ak rivyè yo nan dezè a.
20 The wild animals will honor me, the jackals and the ostriches, because I provide water in the wilderness and rivers in the desert, to give drink to my chosen people, Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.
21 the people I formed for myself, that they might declare my praise. Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.
22 "Yet you did not call on me, Jacob; you have grown weary of me, Israel. Men ou pa t rele Mwen, O Jacob; men ou tevin fatige ak Mwen, O Israël.
23 You have not brought me sheep for your burnt offerings, nor honored me with your sacrifices. I did not burden you with grain offerings or weary you with frankincense. Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, ni fè ou fatige ak lansan.
24 You have not bought me fragrant cane with money, nor satisfied me with the fat of your sacrifices. Instead, you have burdened me with your sins; you have wearied me with your wrongdoing. Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan, ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo. Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo. Ou te fatige M ak inikite ou yo.
25 "I, I am he who blots out your rebellions for my own sake, and I will not remember your sins. Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
26 Remind me; let us argue it out together; state your case, that you may be proved right. Mete M nan memwa ou. Annou diskite ka nou ansanm. Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
27 Your first father sinned, and your spokesmen rebelled against me. Premye zansèt ou yo te peche, e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.
28 So I profaned the officials of the sanctuary; I handed Jacob over to destruction and Israel to scorn." Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp; Mwen va fè Jacob yon malediksyon, e Israël kon yon repwòch.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]