Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 42 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Look at my servant, whom I uphold, my chosen, in whom my soul delights. I have put my Spirit upon him; he will bring forth justice to the nations. “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.
2 He will not cry out or raise his voice, or make it heard in the street. Li p ap kriye menm, ni leve vwa l, ni fè vwa l tande nan lari.
3 He will not break a bruised reed or snuff out a faintly burning wick; in faithfulness he will bring forth justice. Yon wozo ki brize, Li p ap kase, e yon fisèl bouji ki brile fèb, Li p ap etenn. Ak fidelite, Li va mennen lajistis e fè l vin parèt.
4 He will not grow faint or be crushed until he has established justice in the earth; and the coastlands wait for his teaching." Li p ap dekouraje oswa vin kraze jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè, epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
5 This is what our Father says—he who created the heavens and stretched them out, who spread out the earth and what comes from it, who gives breath to the people upon it and spirit to those who walk in it: Konsa pale Bondye SENYÈ a ki te kreye syèl yo e ki tann yo, ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann, ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li, e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,
6 "I am your Father; in righteousness I have called you; I will grasp your hand and watch over you; I will make you a covenant for the people, a light to the nations, Mwen menm se SENYÈ a. Mwen te rele Ou nan ladwati. Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men. Mwen va pran swen Ou. Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la, kon yon limyè pou nasyon yo,
7 to open blind eyes, to bring out the prisoners from the dungeon—those who sit in darkness in the prison house. pou ouvri zye avèg yo, pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a, e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.
8 "I am your Father; that is my name; my glory I give to no other, nor my praise to carved idols. “Mwen se SENYÈ a. Sa se non Mwen. Mwen p ap bay glwa Mwen a yon lòt, ni lwanj Mwen a imaj taye.
9 See, the former things have come true, and new things I now declare; before they spring forth, I tell you of them." Gade byen, ansyen bagay yo te fin akonpli; koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo. Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”
10 Sing to our Father a new song, his praise from the end of the earth—you who go down to the sea, and all that fills it, the coastlands and their inhabitants. Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè! Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
11 Let the wilderness and its cities raise their voices, the villages where Kedar dwells; let the inhabitants of Sela sing for joy, let them shout from the tops of the mountains. Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo; anplasman kote Kédar rete a. Kite sila ki rete nan Sela la chante anlè; kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.
12 Let them give glory to our Father, and declare his praise in the coastlands. Kite yo bay glwa a SENYÈ a e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.
13 Our Father goes out like a warrior; like a man of war he stirs up his zeal; he cries out, he shouts aloud, he prevails against his enemies. SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.
14 For a long time I have kept silent; I have been still and restrained myself. Now I will cry out like a woman in labor; I will gasp and pant at once. Mwen te rete an silans depi lontan sa. Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen. Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen. Mwen va rale gwo souf e respire fò.
15 I will lay waste mountains and hills and dry up all their vegetation; I will turn the rivers into islands, and dry up the pools. Mwen va ravaje tout mòn yo ak kolin yo, e zèb ak raje yo va vin fennen nèt. Mwen va fè rivyè lafen lil yo, e seche letan.
16 And I will lead the blind along roads they do not know; I will guide them along paths they have not known. I will turn the darkness before them into light, and the rough places into level ground. These are the things I will do, and I will not forsake them. Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.
17 They will be turned back and utterly put to shame—those who trust in carved idols, who say to molten images, "You are our gods." “Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo e ki di a imaj fonn yo: ‘Se nou menm ki dye pa nou’, va voye tounen pa dèyè e va vin wont nèt.
18 You who are deaf, hear; and you who are blind, look, that you may see. “Tande, nou menm ki soud! Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.
19 Who is blind but my servant, or deaf like the messenger I send? Who is blind like the one at peace with me, blind like the servant of our Father? Se kilès ki avèg sof ke sèvitè Mwen an, oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a? Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M, oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?
20 You have seen many things, but you do not observe them; your ears are open, but you do not hear. Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo; zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.
21 Our Father was pleased, for the sake of his righteousness, to magnify his teaching and make it glorious. SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li; pou fè lalwa a gran e plen respe.
22 But this is a people plundered and looted, all of them trapped in holes and hidden away in prisons. They have become plunder with no one to rescue, spoil with no one to say, "Restore!" Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje. Yo tout kole nan kav yo oswa kache nan prizon yo. Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo; yon piyaj san okenn moun ki pou di: “Restore yo!”
23 Who among you will listen to this, will pay attention and hear what is to come? Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a? Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?
24 Who gave Jacob up to the plunderer, and Israel to the looters? Was it not our Father, against whom we have sinned? They would not walk in his ways, and they would not obey his teaching. Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye e Israël a piyajè yo? Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a? Paske yo te refize mache nan chemen Li yo; ni yo pa t swiv lalwa Li.
25 So he poured out on them the heat of his anger and the fury of war. It flamed against them all around, but they did not understand; it burned them, but they did not take it to heart. Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li ak fòs kouraj batay la. Sa te fè l pran flanm toupatou, men li pa t rekonèt sa a. Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]