Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 41 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Listen to me in silence, coastlands; let the peoples renew their strength. Let them come near and speak; let us together draw near for judgment. “Peyi kot lanmè yo, koute Mwen an silans e kite pèp yo renouvele fòs yo. Kite yo vin parèt pa devan, konsa, kite yo pale. Annou reyini ansanm pou fè jijman.
2 Who stirred up one from the east, calling him in righteousness to follow him? He hands nations over to him and subdues kings before him; he turns them to dust with his sword, to wind-driven stubble with his bow. Kilès ki te fè leve yon k ap soti nan lès? Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati la? Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt; li fè yo tankou pousyè ak nepe li, tankou pay k ap chase pa van devan banza li.
3 He pursues them and passes on safely, by a path his feet have never traveled. Li kouri dèyè yo, e Li pase san danje, menm nan yon chemen kote li pa t konn pase ak pye li.
4 Who has performed and done this, calling the generations from the beginning? I am the Father—the first, and with the last; I am he. Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li; ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman? Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”
5 The coastlands have seen it and are afraid; the ends of the earth tremble; they draw near and come. Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent; dènye pwent latè yo tranble. Yo rapwoche; yo rive.
6 Each one helps his neighbor and says to his brother, "Take courage!" Chak moun ap ede vwazen li. Yo di a frè yo: “Pran kouraj!”
7 The craftsman encourages the goldsmith, and the one who smooths with the hammer him who strikes the anvil, saying of the soldering, "It is good"; and they fasten it with nails so it cannot be moved. Konsa, bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la. Sila ki fè metal vin poli ak mato a ankouraje sila k ap bat fè a. Li di a sila k ap soude a: “Li bon”. Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li.
8 But you, Israel, my servant, Jacob, whom I have chosen, the offspring of Abraham, my friend, Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an, Jacob ke M te chwazi a, desandan Abraham nan, zami Mwen an;
9 you whom I took from the ends of the earth, and called from its farthest corners, saying to you, "You are my servant; I have chosen you and not rejected you". ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo, e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou: ‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou e Mwen pa t rejte ou.’
10 "Fear not, for I am with you; do not be dismayed, for I am your Father. I will strengthen you, I will help you, I will uphold you with my righteous right hand. Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
11 See, all who rage against you will be ashamed and disgraced; those who oppose you will be as nothing and perish. Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo va vin wont e dezonore. Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi se pa anyen e yo va peri.
12 You will look for those who war against you, but you will not find them; those who battle against you will be as nothing at all." Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo, men ou p ap jwenn yo. Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
13 For I, your Father, take hold of your right hand; I am the one who says to you, "Fear not, I am the one who helps you." Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki soutni men dwat Ou, ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.
14 Fear not, you worm Jacob, you men of Israel! I am the one who helps you, declares our Father; your Redeemer is the Holy One of Israel—your Father. “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la, nou menm mesye Israël yo. Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a. “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
15 "See, I make you into a threshing sledge, new and sharp, with many teeth; you will thresh the mountains and crush them, and make the hills like chaff. Gade byen, Mwen te fè ou vin yon zouti tounèf, byen file tou de bò, pou kraze vannen rekòlt la. Ou va vannen mòn yo, kraze yo fen, e fè kolin yo vin tankou pay.
16 You will winnow them, and the wind will carry them away, and the storm will scatter them. But you will rejoice in our Father; in the Holy One of Israel you will glory. Ou va vannen yo; van a va pote yo ale e tanpèt va gaye yo. Men ou va rejwi nan SENYÈ a; ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la.
17 When the poor and needy seek water, and there is none, and their tongues are parched with thirst, I, your Father, will answer them; I, the Father of Israel, will not forsake them. Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; lang yo sèch ak swaf la. Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo. Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.
18 I will open rivers across the barren heights, and springs down in the valleys; I will make the desert pools of water, and dry ground flowing springs. Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo ak sous nan mitan vale yo. Mwen va fè dezè a vin yon letan dlo, e tè sèch la yon fontèn dlo.
19 I will plant in the wilderness the cedar, the acacia, the myrtle, and the olive; I will set in the desert the cypress, the plane, and the pine together, Mwen va plase pye sèd nan dezè a, pye akasya, ak pye jasmen ak pye doliv. Mwen va mete pye pichpen nan dezè a ansanm ak pye bwadòm;
20 that they may see and know, may consider and understand together, that my hand has done this, that I, the Holy One of Israel, have created it." pou yo ka wè, vin rekonèt, reflechi e ranmase bon konprann ansanm, ke men SENYÈ a te fè sa, ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a.
21 Set forth your case, says our Father; bring your proofs, says the King of Jacob. “Prezante ka nou yo”, pale SENYÈ a. “Pote gwo diskou nou yo”, pale Wa a Jacob la.
22 Let them bring them, and tell us what is to happen. Tell us the former things, what they were, that we may consider them and know their outcome; or declare to us the things to come. Mennen fè yo vin parèt e deklare a nou menm sa ki va rive! Epi pou evenman lontan yo, deklare kisa yo te ye, pou nou ka konsidere yo, e konnen kijan y ap sòti. Oswa, anonse a nou menm sa k ap vini an.
23 Tell us what is to come hereafter, that we may know that you are gods; do good, or do harm, that we may be dismayed and filled with fear together. Deklare bagay ki va vin rive apre yo, pou nou ka konnen ke se dye nou ye. Anverite, fè byen, oswa fè mal, pou nou ka gade toupatou ansanm ak kè twouble.
24 Look, you are nothing, and your work is less than nothing; whoever chooses you is an abomination. Gade byen, nou pou ryen e zèv nou yo pa pou anyen. Sila ki pito nou an se yon abominnasyon.
25 I stirred up one from the north, and he has come, from the rising of the sun one who calls on my name; he tramples rulers like mortar, like a potter treading clay. Mwen te fè leve yon moun soti nan nò e li vin parèt; depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen; li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye, tankou bòs kanari mache sou ajil.
26 Who declared it from the beginning, that we might know, and beforehand, that we might say, "He is right"? There was no one who declared it, no one who proclaimed, no one who heard your words. Se kilès ki te deklare sa depi nan kòmansman an, pou nou ta ka konnen? Oswa depi tan ansyen yo, pou nou ta kapab di: “Li se vrè”? San dout, pa t gen moun ki te deklare sa; san dout, pa t gen moun ki te pwoklame sa; san dout, pa t gen moun ki te tande pawòl sila yo.
27 I was the first to say to Zion, "Look, here they are!" and I gave to Jerusalem a herald of good news. Mwen se premye pou di a Sion: ‘Men vwala, men yo la;’ epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon mesaje bòn nouvèl’.
28 "But when I look, there is no one; among these there is no counselor who, when I ask, can give an answer. Men lè M gade, nanpwen pèsòn e pa gen konseye pami yo, ki, si M te mande, ta kapab bay yon repons.
29 See, they are all a delusion; their works are nothing; their cast idols are empty wind." Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè. Imaj fonn yo se van ak konfizyon.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]