Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 40 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Comfort, comfort my people, says your Father. “Konsole, O konsole pèp Mwen an,” pale Bondye ou an.
2 Speak tenderly to Jerusalem, and proclaim to her that her hard service is completed, that her guilt is forgiven, that she has received from our Father's hand double for all her sins. “Pale ak dousè ak Jérusalem. Rele a li menm, ke konfli li fini an, ke inikite li retire a, ke li te resevwa nan men SENYÈ a doub pou tout peche li yo.”
3 A voice is calling out: In the wilderness, prepare the way of our Father; make a straight highway through the desert for our Father. Yon vwa k ap rele fò, “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
4 Every valley will be lifted up, and every mountain and hill made low; the uneven ground will become level, and the rough places will become a plain. Kite tout vale yo vin leve wo, e tout mòn ak kolin yo vin ba. Kite move teren an vin pla, e teren difisil yo vin yon vale ki swa.
5 And the glory of our Father will be revealed, and all people will see it together, for the mouth of our Father has spoken. Glwa a SENYÈ a va vin parèt, e tout chè va wè sa ansanm; paske bouch a SENYÈ a fin pale.”
6 A voice says, "Call out!" And I said, "What should I call out?" All people are like grass, and all their faithfulness is like the flower of the field. Yon vwa pale: “Rele fò.” Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” “Tout chè se zèb, e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
7 The grass withers, the flower fades when the breath of our Father blows on it; surely the people are grass. Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, depi souf SENYÈ a soufle sou li. Anverite, pèp la se zèb.
8 The grass withers, the flower fades, but the word of our Father stands forever. Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
9 Go up on a high mountain, Zion, messenger of good news; lift up your voice with strength, Jerusalem, messenger of good news. Lift it up, do not be afraid; say to the cities of Judah, "Here is your Father!" Mete ou menm sou yon mòn ki wo, O Sion, ki pote bòn nouvèl. Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa, O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la! Leve wo! Pa pè anyen! Di a vil Juda yo: Men Bondye nou an!
10 See, the Sovereign Father comes with strength, and his arm rules for him; see, his reward is with him, and his payment goes before him. Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini ak pwisans. Se bra L k ap kòmande pou Li. Gade byen salè Li avè L, e rekonpans li devan L.
11 He will tend his flock like a shepherd; he will gather the lambs in his arms and carry them close to his heart; he will gently lead those that have young. Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.
12 Who has measured the waters in the hollow of his hand, and marked off the heavens with the breadth of his hand, enclosed the dust of the earth in a measure, and weighed the mountains in scales and the hills in a balance? Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L? Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, ki te peze mòn yo nan gwo balans, e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
13 Who has directed the Spirit of our Father, or as his counselor has instructed him? Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a, oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
14 Whom did he consult, and who made him understand? Who taught him the path of justice, and taught him knowledge, and showed him the way of understanding? Ak kilès Li te konsilte, e se kilès ki te bay Li bon konprann? Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la, ki te enstwi Li nan konesans, e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
15 The nations are like a drop from a bucket, and are counted as the dust on the scales; he takes up the islands like fine dust. Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit; yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la. Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
16 Lebanon is not enough to burn, nor its animals enough for a burnt offering. Menm Liban pa kont pou brile, ni bèt li yo pa kont pou fè ofrann brile.
17 All the nations are as nothing before him; they are regarded by him as less than nothing and emptiness. Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L, Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.
18 To whom then will you liken our Father? Or what likeness will you compare to him? A kilès, alò, nou ta konpare Bondye? Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?
19 An idol! A craftsman casts it, and a goldsmith overlays it with gold and casts silver chains for it. Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l, ak òfèv ki kouvri l ak lò e fè chenn li an ajan,
20 Anyone too poor for such an offering chooses wood that will not rot; he seeks out a skillful craftsman to set up an idol that will not topple. Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a, pran yon pyebwa ki pa konn pouri; li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare yon zidòl ki p ap deplase.
21 Do you not know? Do you not hear? Has it not been told you from the beginning? Have you not understood from the foundations of the earth? Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande? Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman? Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?
22 He sits enthroned above the vault of the earth, its people below like grasshoppers; he spreads the skies like a thin veil, pitching them as a tent to live in. Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
23 He brings princes to nothing, and makes the rulers of the earth as emptiness. Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen, ki fè jij latè yo vin san sans.
24 They are barely planted, barely sown, their stem has barely taken root in the ground, when he blows on them and they wither, and the storm sweeps them away like chaff. Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen, apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a, Li sèlman soufle sou yo, e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.
25 "To whom then will you compare me, that I should be like him?" says the Holy One. “Alò, ak kilès ou va konpare Mwen, pou M ta kapab vin egal avè l?” pale Sila Ki Sen an.
26 Look up into the heavens and see: who created these? He who brings out their host by number, calling them all by name; because he is great in strength and mighty in power, not one is missing. Leve zye nou anlè, e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo; Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo. Li rele yo tout pa non yo. Akoz grandè a pwisans Li ak fòs pouvwa Li, nanpwen youn nan yo ki manke.
27 Why do you say, Jacob, and complain, Israel, "My way is hidden from our Father, and my Father disregards my right"? Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël: “Chemen Mwen an kache de SENYÈ a e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
28 Have you not known? Have you not heard? Our Father is the everlasting Father, the Creator of the ends of the earth. He does not faint or grow weary; no one can fathom his understanding. Èske nou pa konnen? Èske nou pa tande? Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a, Kreyatè a dènye pwent latè a, pa konn fatige, ni bouke. Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 He gives power to the weary, and increases strength for the powerless. Li bay fòs a sila ki fatige yo, e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Even youths will grow faint and weary, and young men will fall exhausted; Malgre moun jenn yo febli e vin bouke, e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 but those who wait for our Father will renew their strength; they will soar on wings like eagles; they will run and not be weary; they will walk and not faint. sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]