Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Say to your brothers, "My People," and to your sisters, "Shown Mercy." “Di a frè ou a ‘Pèp mwen yo’! Epi a sè ou yo, ‘Byen ame mwen an!’
2 Plead with your mother, plead—for she is not my wife, and I am not her husband—that she put away her whoring from her face and her unfaithfulness from between her breasts, Rebike manman ou! Rebike, paske li pa madanm mwen; ni mwen pa mari li. Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li, ak adiltè li yo soti antre tete li yo;
3 or I will strip her bare and leave her as naked as the day she was born; I will make her like a wilderness, turn her into a parched land, and let her die of thirst. sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt toutouni menm jan ak jou li te fèt la; pou fè l vin tankou yon peyi dezè e touye li ak swaf.
4 I will show her children no compassion, for they are the children of whoring. Anplis, Mwen p ap fè mizerikòd sou pitit li yo, akoz yo se pitit a pwostitiye.
5 Their mother has prostituted herself; she who carried them acted in shame. She said, "I will chase after my lovers, who give me my bread and my water, my wool and my flax, my oil and my drink." Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’
6 Therefore I am about to block her path with thorns; I will wall her in so she cannot find her paths. Akoz sa, Mwen va fè monte yon kloti pikan, e Mwen va bati yon mi kont li pou l pa ka twouve ti wout li yo.
7 She will chase her lovers but not catch them; she will look for them but not find them. Then she will say, "I will go back to my first husband, for it was better for me then than now." Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo, men li p ap ka rive sou yo. Li va chache yo, men li p ap jwenn yo. Konsa li va di: ‘M ap prale retounen kote premye mari Mwen an, paske lè sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.’
8 She has not realized that it was I who gave her the grain, the new wine, and the oil, I who lavished silver and gold on her—which they spent on Baal. Paske li pa t konnen ke se te Mwen ki te bay li sereyal la, diven nèf ak lwil la, e ki te bay li anpil lò ak ajan ke yo te fè sèvi pou Baal yo.
9 Therefore I will take back my grain when it ripens and my new wine in its season; I will reclaim my wool and my flax, given to cover her nakedness. Akoz sa, Mwen va reprann sereyal Mwen an nan lè rekòlt la ak diven Mwen an nan sezon li an. Mwen va, anplis, retire lenn Mwen an ak len Ki te pou kouvri pou li pa t toutouni an.
10 Now I will expose her shame before the eyes of her lovers, and no one will rescue her from my hand. Konsa, Mwen va dekouvri wont li devan zye a tout moun ki renmen li yo, e pèsòn p ap mande fè l soti nan men Mwen.
11 I will put an end to all her rejoicing—her festivals, her New Moons, her Sabbaths, all her appointed festivals. Anplis, Mwen va mete fen a tout kè kontan l; fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a, ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.
12 I will lay waste her vines and fig trees, of which she said, "These are my wages that my lovers gave me." I will turn them into a thicket, and the wild animals will devour them. Mwen va detwi pye rezen li yo ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di: ‘Sa yo se salè mwen, ke moun ki renmen m yo te ban mwen.’ Mwen va fè yo tounen yon rakbwa, e bèt chan va devore yo.
13 I will hold her accountable for the days she burned offerings to the Baals, when she decked herself with rings and jewelry and chased after her lovers—but me she forgot, declares our Father. Mwen va pini li pou jou Baal yo, kote li te brile lasan nan, lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo, pou l swiv moun ki renmen li yo, epi tebliye Mwen” deklare SENYÈ a.
14 "Therefore, look, I am going to win her back: I will lead her into the wilderness and speak tenderly to her heart. Pou sa, gade byen, Mwen va atire li mennen li antre nan dezè a pou pale dous avèk li.
15 There I will give her back her vineyards and make the Valley of Achor a doorway of hope. There she will respond as in the days of her youth, as on the day she came up out of Egypt." Epi soti la, Mwen va bay li chan rezen yo, ak Vale Akò a kon yon pòt espwa. Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo, tankou nan jou lè l te vin monte soti nan peyi Égypte la.
16 On that day, declares our Father, you will call me "my husband," and no longer will you call me "my Baal." Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, “ke ou va rele Mwen: ‘Mari mwen’ e ou p ap rele M ankò: ‘Met mwen’.
17 I will remove the names of the Baals from her mouth; never again will they be invoked by name. Paske Mwen va retire non a Baal yo soti nan bouch li, pou yo pa nonmen pa non yo ankò.
18 On that day I will make a covenant for them with the wild animals, the birds of the sky, and the creatures that move along the ground; I will banish bow and sword and war from the land, so that all may lie down in safety. Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò pou yo ak bèt chan yo, zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo. Mwen va aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a, e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite.
19 I will betroth you to me forever; I will betroth you to me in righteousness and justice, in covenant love and compassion. Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan. Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis, nan lanmou dous ak konpasyon.
20 I will betroth you to me in faithfulness, and you will know your Father. Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite. Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.
21 On that day I will respond, declares our Father—I will respond to the heavens, and they will respond to the earth; “Li va vin rive nan jou sa a ke Mwen va reponn”, deklare SENYÈ a. “Mwen va reponn a syèl yo, e yo va reponn a tè a.
22 and the earth will respond to the grain, the new wine, and the oil, and they will respond to Jezreel. Epi Latè va reponn a sereyal la, diven nèf ak lwil la; epi yo va reponn a Jizreel.
23 I will plant her for myself in the land. I will show mercy to "No Mercy," and I will say to "Not My People," "You are my children"; and they will say, "You are my Father." Mwen va simen li kote M nan tè a, Mwen va genyen mizerikòd pou li, fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la. Konsa, Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an: ‘Ou se pèp Mwen an!’ Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]