Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 An oracle: the word of our Father is against the land of Hadrach, and Damascus is its resting place—for the eyes of mankind and all the tribes of Israel are toward our Father, Yon revelasyon. Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la, e l ap poze sou Damas, paske zye a lòm ak tout trib Israël se vè SENYÈ a,
2 and against Hamath also, which borders on it, and against Tyre and Sidon, though they are very wise. epi osi vè Hamath, ki nan lizyè li a; Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.
3 Tyre built herself a fortress and heaped up silver like dust, and fine gold like the mud of the streets. Paske Tyr te bati pou kont li yon fò; li te fè depo ajan tankou pousyè, ak depo lò tankou labou nan lari.
4 But look—the Sovereign Father will dispossess her and strike down her power on the sea, and she will be devoured by fire. Gade byen, SENYÈ a va rache tout sa li posede, e jete tout richès li yo nan lanmè. Li va devore nèt ak dife a.
5 Ashkelon will see it and be afraid; Gaza too will writhe in anguish, and Ekron, for her hope withers away. The king will perish from Gaza, and Ashkelon will not be inhabited. Askalon va wè l e vin pè. Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè; epi Ékron, pou sa li te atann va desi. Anplis ke sa, wa a va peri Gaza e Askalon va vin pa gen moun.
6 "A mongrel people will settle in Ashdod, and I will cut off the pride of the Philistines. Yon ras mele va vin rete Asdod e Mwen va rache ògèy a Filisten yo.
7 I will take away the blood from its mouth and its abominations from between its teeth; it too will be a remnant for our Father, and it will be like a clan in Judah, and Ekron like the Jebusites. Mwen va retire san li, soti nan bouch li, ak abominasyon soti nan mitan dan l yo. Konsa, yo va devni osi yon retay pou Bondye nou an. Yo va tankou yon chèf pou Juda, e Ékron va tankou Jebizyen yo.
8 Then I will encamp at my house as a guard, so that no one marches back and forth; no oppressor will ever again overrun them, for now I am watching with my own eyes." Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a, pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen. Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò. Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.
9 Rejoice greatly, daughter of Zion! Shout aloud, daughter of Jerusalem! Look—your king is coming to you; righteous and victorious is he, humble and riding on a donkey, on a colt, the foal of a donkey. Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
10 I will cut off the chariot from Ephraim and the warhorse from Jerusalem, and the battle bow will be cut off; and he will speak peace to the nations. His rule will reach from sea to sea, and from the River to the ends of the earth. Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.
11 "As for you also, because of the blood of my covenant with you, I will set your prisoners free from the waterless pit. Menmjan an pou ou menm tou, akoz san akò Mwen an ki avèk ou, Mwen te mete prizonye ou yo an libète soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.
12 Return to your stronghold, you prisoners of hope; today I declare that I will restore to you double. Retounen nan sitadèl la, O prizonye ki gen lespwa a! Nan jou sa a menm, Mwen deklare ke Mwen va remèt ou doub de sa.
13 For I have bent Judah as my bow and laid Ephraim to it as the arrow. I will rouse your sons, O Zion, against your sons, O Greece, and make you like the sword of a warrior." Paske Mwen te koube Juda konsi se te banza Mwen. Mwen te plen banza a avèk Éphraïm. Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion, kont fis ou yo, O Grèce, e Mwen va fè ou vin tankou nepe a yon gèrye pwisan.
14 Then our Father will appear over them, and his arrow will go out like lightning; the Sovereign Father will sound the trumpet and march out in the whirlwinds of the south. Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.
15 The Father of heaven's armies will shield them, and they will devour and trample the sling stones; they will drink and roar as with wine, and be full like the bowl, drenched like the corners of the altar. SENYÈ dèzame yo va defann yo. Yo va devore, e yo va foule anba pye ak tout wòch fistibal yo. Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè. Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis, tankou kwen lotèl yo.
16 On that day their Father will save them, as the flock of his people; for like the jewels of a crown they will sparkle over his land. Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va sove yo nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a; paske yo tankou wòch presye, bijou yon kouwòn k ap klere toupatou anwo tout peyi Li a.
17 How great is his goodness, and how great his beauty! Grain will make the young men flourish, and new wine the young women. Paske a la gran, bonte Li va gran, e a la gran, bèlte Li va gran! Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere ak diven nèf pou vyèj yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]