Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of the Father of heaven's armies came to me, saying: Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di:
2 This is what the Father of heaven's armies says: I am jealous for Zion with great jealousy; with burning wrath I am jealous for her. Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
3 This is what our Father says: I have returned to Zion and will live within Jerusalem. Jerusalem will be called the City of Truth, and the mountain of the Father of heaven's armies, the Holy Mountain. Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
4 This is what the Father of heaven's armies says: Old men and women will again sit in Jerusalem's streets, each holding a staff for great age. Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li.
5 And the streets of the city will be full of boys and girls playing in its streets. Epi ri vil yo va vin ranpli ak jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.”
6 This is what the Father of heaven's armies says: If it seems too marvelous to the remnant of this people in those days, should it also be too marvelous to me? says the Father of heaven's armies. Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonnan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt etonnan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo.
7 This is what the Father of heaven's armies says: See, I am saving my people from the land of the sunrise and the land of the sunset. Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi lès la, e soti nan peyi lwès la.
8 I will bring them home to live within Jerusalem. They will be my children, and I their Father, in truth and righteousness. Mwen va mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”
9 This is what the Father of heaven's armies says: Let your hands be strong, you who in these days hear these words from the mouth of the prophets who spoke when the foundation of the house of the Father of heaven's armies was laid, so the temple could be built. Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati.
10 Before then no wages came for man or beast, and no one going out or coming in was safe from the enemy, for I set everyone against his neighbor. Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, akoz lènmi li yo. Paske Mwen te mete tout moun kont pwochen yo.
11 But now I will not treat the remnant of this people as in former days, declares the Father of heaven's armies. Men koulye a, Mwen p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo.
12 There will be a sowing of peace: the vine gives its fruit, the land its produce, the heavens their dew. And I will give the remnant of this people all these as an inheritance. “Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo.
13 As you were a curse among the nations, house of Judah and house of Israel, so I will save you, and you will be a blessing. Do not fear; let your hands be strong. Li va vin rive ke menm jan nou te yon madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”
14 This is what the Father of heaven's armies says: As I planned disaster for you when your ancestors provoked me to anger, and did not change my mind, says the Father of heaven's armies, Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa t ap repanti,
15 so again in these days I have determined to do good to Jerusalem and the house of Judah. Don't be afraid. konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè!
16 Do these things: Speak truth to each other; judge with truth and justice for peace in your gates. Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo.
17 Do not plot evil in your hearts against your neighbor, and do not love a false oath, for I hate all these, declares our Father. Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
18 And the word of the Father of heaven's armies came to me, saying: Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di:
19 This is what the Father of heaven's armies says: The fasts of the fourth, fifth, seventh, and tenth months will become joy, delight, and cheerful feasts for the house of Judah. So love truth and peace. Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”
20 This is what the Father of heaven's armies says: Peoples will yet come, residents of many cities. Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil.
21 The people of one city will go to another, saying, 'Let us go at once to seek the favor of our Father, to seek the Father of heaven's armies; I myself will go.' Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’
22 Many peoples and strong nations will come to seek the Father of heaven's armies in Jerusalem and to seek our Father's favor. Konsa anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou mande favè SENYÈ a.”
23 This is what the Father of heaven's armies says: In those days ten men from all languages of the nations will grasp the robe of a Jewish man, saying, 'Let us go with you, for we've heard God is with you.' Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]