Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In King Darius's fourth year, our Father's word came to Zechariah on the fourth day of the ninth month, Chislev. Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.
2 The people of Bethel sent Sharezer and Regem-melech and their men to plead for our Father's favor, Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou chache favè SENYÈ a,
3 and to ask the priests of the house of the Father of heaven's armies, and the prophets, "Should I weep and fast in the fifth month, as I have these many years?" pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”
4 Then the word of the Father of heaven's armies came to me: Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
5 Say to all the people of the land and the priests: When you fasted and mourned in the fifth and seventh months these seventy years, was it really for me that you fasted? “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan?
6 When you eat and drink, isn't it for yourselves that you eat and drink? Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou?
7 Aren't these the very words our Father proclaimed through the earlier prophets, when Jerusalem and her surrounding towns were settled and at peace, and the Negev and foothills were inhabited? Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’”
8 And the word of our Father came to Zechariah: Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di:
9 What the Father of heaven's armies says: Render true justice; show kindness and compassion to one another. “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vrè jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li.
10 Do not oppress the widow, the fatherless, the foreigner, or the poor; and do not plot evil against one another in your hearts. Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’
11 But they refused to listen, stubbornly turned their backs, and covered their ears so they wouldn't hear. Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
12 They made their hearts as hard as flint, refusing to hear the law and the words the Father of heaven's armies had sent by his Spirit through the earlier prophets. So great anger came from the Father of heaven's armies. Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo.
13 "Just as I called and they would not listen, so when they called I would not listen," says the Father of heaven's armies. Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo.
14 I scattered them with a whirlwind among all the nations they had not known. The land was left desolate behind them, with no one passing through, coming or going. This is how they made the pleasant land a wasteland. Men Mwen va gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]