Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 10 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Mande pou lapli ki sòtinan SENYÈ a nan epòk prentan.Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo;epi se Li ki bay lapli lejè a toutpou jaden plant yo.

2Paske zidòl lakay yo pale inikite;divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè,ke yo repete kòn fo rèv.Yo bay rekonfò an ven.Konsa, pèp la mache egare tankou mouton;yo aflije akoz yo pa gen bèje.

3Kòlè Mwen limen kont bèje yo.Mwen va pini mal kabrit yo,paske SENYÈ dèzame yo te vizitebann mouton li an lakay Juda,e Li va fè yo vin tankou chevalmajeste Li nan batay la.

4De li menm, va vin parèt wòch ang lan,de li menm, pikèt tant lan,de li menm, banza batay la,de li menm, tout wa yo ansanm.

5Yo va tankou mesye pwisan yo,k ap foule lènmi yo anba pye yo,nan labou lari a nan batay la.Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo;epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye.

6Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen vasove lakay Joseph la, emwen va fè yo retounen;paske Mwen gen konpasyon pou yo.Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo,paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo,e mwen va reponn yo.

7Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisane kè yo va kontan konsi se ak diven.Anverite, pitit yo va wè sa,e yo va kontan,kè yo va rejwi nan SENYÈ a.

8Mwen va soufle pou yopou yo kab vin rasanble yo,paske Mwen te rachte yo.Konsa, yo va vin anpil,jan yo te ye oparavan an.

9Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo,yo va sonje Mwen nan peyi lwen yo.Yo va viv ak pitit yo,e yo va retounen.

10Mwen va mennen yo retounensoti nan peyi Égypte la,e rasanble yo soti Assyrie.Mwen va mennen yo antre nan peyiGalaad ak Liban jiskaske pa gen espas pou yo.

11Li va pase nan lanmè afliksyon an,e Li va frape lanm lanmè yo,jiskaske tout pwofondè Rivyè Nil lan vin sèch.Epi ògèy Assyrie va vin bese ebaton Égypte la va sòti.

12Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a.Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]