Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Titus 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 But as for you, speak what is fitting for sound teaching. Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Older men are to be sober-minded, dignified, self-controlled, sound in faith, love, and patient endurance. Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Older women likewise: deeply respectful in behavior, not slanderers, not enslaved to much wine, but teachers of what is good, Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon
4 so that they may train the young women to love their husbands and to love their children, pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo,
5 self-controlled, pure, working at home, good, submissive to their own husbands, so our Father's word isn't insulted. pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
6 Likewise urge the younger men to be self-controlled. Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye.
7 In everything be an example of good works, with integrity and dignity in your teaching, Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi,
8 healthy words beyond criticism, so any opponent is ashamed, with nothing bad to say about us. rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
9 Slaves must submit to their own masters in everything, pleasing them, not talking back, Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon,
10 not stealing, but showing complete, good faithfulness, so they adorn, in everything, the teaching of our Father, our Savior. pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
11 For the grace of our Father has appeared, bringing salvation to all people, Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun
12 teaching us to reject wickedness and worldly desires, and live self-controlled, upright, and godly lives in this present age, kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a;
13 waiting for the blessed hope and glorious appearing of our great God and Savior, Jesus Christ, nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri
14 who gave himself for us to redeem us from all lawlessness and purify for himself a people of his own, eager for good works. ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
15 Declare these things; encourage and rebuke with all authority. Let no one disregard you. Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]