Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Titus 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Paul, servant of our Father and apostle of Jesus Christ, for the faith of our Father's chosen ones and knowledge of truth leading to devotion to God, Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak konesans verite ki an akò avèk vi sentete a,
2 in the hope of eternal life, which our Father, who never lies, promised before the ages began, nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo.
3 and at his own time he revealed his word through the message entrusted to me by command of our Father, our Savior. Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an,
4 To Titus, my true child in shared faith: grace and peace from our Father and Christ Jesus our Savior. a Tite vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.
5 I left you in Crete for this reason: to finish what remained and appoint elders in every town, as I instructed you. Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.
6 An elder must be blameless, husband of one wife, with faithful children not accused of wild living or rebellion. Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.
7 For an overseer, as our Father's steward, must be blameless—not arrogant, not quick-tempered, not a drunkard, not violent, not greedy for dishonest gain, Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;
8 but hospitable, a lover of what is good, self-controlled, upright, holy, and disciplined. men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li,
9 He must hold firmly to the trustworthy message as taught, so he can encourage with sound teaching and refute those who oppose it. ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
10 For many are rebellious, talking nonsense and misleading others—especially the circumcision group. Paske gen anpil moun rebèl moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo,
11 They must be silenced, because they wreck whole households, teaching what they shouldn't, for shameful profit. ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse tout kay yo nèt, nan enstwi bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.
12 One of their own prophets said it: "Cretans are always liars, evil beasts, lazy gluttons." Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: “Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”.
13 This testimony is true. Therefore rebuke them sharply, so that they will be sound in the faith, Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa,
14 and ignore Jewish myths and rules from those who reject the truth. pa nan prete atansyon a vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.
15 Everything is pure to the pure; but for the corrupted and unbelieving, nothing is pure—both mind and conscience made unclean. Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.
16 They claim to know our Father, but deny him by their actions—detestable, disobedient, unfit for any good work. Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]