Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

2 Timothy 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I solemnly charge you before our Father and Christ Jesus, who will judge the living and the dead, by his appearing and his kingdom: Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an:
2 Preach the word; stand ready in season and out; correct, rebuke, and encourage, with complete patience and teaching. Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
3 For a time will come when they won't tolerate sound teaching, but will pile up teachers to fit their own desires, since their ears itch, Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo.
4 and will turn their ears away from the truth and wander off into myths. Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
5 But you: stay clear-headed in everything, endure hardship, do an evangelist's work, fulfill your service. Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.
6 For I am already being poured out like a drink offering; my time to depart has come. Paske mwen deja ap vide kòm yon ofrann bwason, e lè pou m ale a gen tan rive.
7 I have fought the good fight, I have finished the race, I have kept the faith. Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.
8 Now a crown of righteousness awaits me, which the Lord, the righteous judge, will give me on that day—not only to me but to all who have loved his appearing. A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.
9 Do your best to come to me soon. Fè tout efò pou vini kote mwen byen vit,
10 Demas loved this present world, abandoned me, went to Thessalonica. Crescens went to Galatia, Titus to Dalmatia. paske Démas, ki renmen mond prezan sila a, te abandone m, e te ale Thessalonique. Crescens te ale Galatie, Tite te ale Dalmatie.
11 Only Luke is with me. Pick up Mark and bring him with you—he's useful to me for service. Se sèl Luc ki avè m. Pran Marc e mennen l vini avè w, paske li itil a mwen pou zèv mwen an.
12 I have sent Tychicus to Ephesus. Men Tychique, mwen te voye li Éphèse.
13 When you come, bring the coat I left with Carpus at Troas, and the scrolls, especially the parchments. Lè ou vini, pote manto ke m te kite Troas avèk Carpus la, menm ak liv yo, sitou woulo yo.
14 Alexander the coppersmith did me great harm; the Lord will repay him according to his deeds. Alexandre, bòs fòjewon an, te fè mwen anpil mal. Senyè a va rann li sa selon zèv li.
15 Watch out for him yourself, for he strongly opposed our message. Veye kont li ou menm, paske li te opoze ak fòs a enstriksyon nou an.
16 No one stood with me at my first defense—all abandoned me. May it not be charged against them. Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo.
17 But the Lord stood with me and strengthened me, so through me the message would be fully proclaimed and all nations would hear it. I was rescued from the lion's mouth. Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
18 The Lord will rescue me from every evil deed and carry me safely into his heavenly kingdom. Glory to him forever and ever. Amen. Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
19 Greet Prisca and Aquila, and the household of Onesiphorus. Salye Prisca ak Aquillas, ak tout kay Onésiphore a.
20 Erastus stayed at Corinth, and I left Trophimus, who was ill, at Miletus. Éraste te rete Corinthe, men Trophime, mwen te kite li malad Milet.
21 Try hard to come before winter. Eubulus, Pudens, Linus, Claudia, and all the brothers and sisters greet you. Fè tout efò pou vini avan sezon livè a. Eubulus salye ou, Pudens, Linus, Claudia, ak tout frè yo salye ou osi.
22 The Lord be with your spirit. Grace be with you all. Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]