Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Balaam saw that it pleased our Father to bless Israel, so he did not seek omens as before, but turned toward the wilderness. Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè dezè a.
2 Balaam looked up and saw Israel camped tribe by tribe; then the Spirit of our Father came on him. Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.
3 He lifted his oracle and said: "The oracle of Balaam son of Beor, the oracle of the man whose eye is opened, Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;
4 the oracle of one who hears the words of our Father, who sees the vision of the Almighty, bowing down with eyes wide open: Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo, ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe, men zye li gen tan vin debouche.
5 How lovely are your tents, Jacob, your dwelling places, Israel! Ala tant nou yo bèl, O Jacob, ak abitasyon nou yo, O Israël!
6 Like valleys stretching far, like gardens beside a river, like aloes our Father has planted, like cedars beside the waters. Tankou vale ki vin ouvri byen laj, tankou jaden ki bò kote rivyè yo, tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a, tankou bwa sèd ki bò kote dlo yo.
7 Water will flow from his buckets, and his descendants will have abundant water. His king will be higher than Agag, and his kingdom will be exalted. Dlo yo va koule nan bokit li yo, e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo. Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.
8 Our Father brings Israel out of Egypt; Israel is like the horns of the wild ox to them. Israel will devour the nations who oppose them, break their bones, and pierce them with arrows. Bondye mennen l sòti an Égypte. Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon. Li va devore nasyon ki advèsè li yo. Li va kraze zo yo an mòso, Li va kraze yo avèk flèch li yo.
9 He crouches, he lies down like a lion, like a lioness—who dares rouse him? Blessed are those who bless you, and cursed are those who curse you." Li koube ba, li kouche tankou yon lyon; tankou yon manma lyon. Se kilès ki kab tante deranje l? Beni se tout moun ki beni ou, e modi se tout moun ki modi ou.”
10 Balak's anger flared against Balaam, and he clapped his hands. Balak said to Balaam, "I called you to curse my enemies, but you've blessed them three times now! Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo!
11 Now flee home! I said I would richly honor you, but God has kept you from honor." Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.”
12 Balaam answered Balak, "Did I not tell the messengers you sent me, Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di mesaje ke ou te voye kote mwen yo:
13 'Even if Balak gave me his house full of silver and gold, I couldn't go beyond my God's command to do good or bad on my own; I can only say what my God tells me'? ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal nan pwòp volonte pa m. Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale?
14 And now I am going back to my people. Come, let me warn you what this people will do to your people in the days to come." Epi koulye a, veye byen, mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va fè a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo.”
15 Then he lifted his oracle, saying: "Oracle of Balaam son of Beor, oracle of the man whose eye is opened, Li te reprann diskou li e te di: “Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,
16 the oracle of one who hears the words of our Father, who knows the knowledge of the Most High, who sees the vision of the Almighty, bowing down with eyes wide open: Li di ki tande pawòl Bondye yo, ki gen konesans a Trè Wo a, ki wè vizyon a Toupwisan an, k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.
17 I see him, but not now; I gaze on him, but not near. A star will come out of Jacob, and a scepter will rise out of Israel; it will crush the brow of Moab and break down all the sons of Sheth. Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.
18 Edom will be conquered, and Seir, his enemies, will be conquered, while Israel grows strong. Édom va yon posesyon pou li. Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li, pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.
19 One from Jacob will rule, and will destroy the survivors of the city." Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa, li va detwi retay lavil la.”
20 Then Balaam saw Amalek, took up his message, and said: "Amalek was first among the nations, but his end is utter destruction." Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di: “Amalec se te premye nan nasyon yo, men lafen li pi lwen se destriksyon.”
21 He looked at the Kenite, took up his oracle, and said: "Your dwelling place is firm, your nest set in the rock. Epi li te gade Kenizyen nan, li te reprann diskou li e li te di: “Kote ou rete a, gen andirans. Nich kote ou chita nan falèz la.
22 Yet Kain will be consumed when Asshur takes you away captive." Malgre, Cain va gate nèt, jis lè Asiryen yo pote nou ale an kaptif?”
23 He took up his oracle and said: "Who can live when God does this? Epi li te vin reprann diskou li. Li te di: “Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?
24 Ships will come from the coasts of Kittim; they will afflict Asshur and afflict Eber, but they too will come to utter destruction." Men gwo bato yo va sòti nan kòt Kittim. Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Éber. Men li menm tou va vin detwi.”
25 Then Balaam rose and went back to his home, and Balak also went on his way. Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan plas li, e Balak osi te al fè wout li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]