Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 While Israel lived in Shittim, the people began sexual sin with Moab's daughters. Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo.
2 They invited the people to their gods' sacrifices; the people ate and bowed to their gods. Paske yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a.
3 So Israel joined himself to Baal of Peor, and the anger of our Father burned against Israel. Konsa, Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël.
4 Our Father said to Moses, "Take all the people's leaders and execute them before me in daylight, so my burning anger turns away from Israel." SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.”
5 Moses told Israel's judges, "Each of you kill his men joined to Baal of Peor." Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo mem avèk Baal Peor la.”
6 Then an Israelite man brought a Midianite woman to his brothers in front of Moses and Israel's whole assembly, while they wept at the entrance of the tent of meeting. Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a.
7 Phinehas son of Eleazar, son of Aaron the priest, saw this, rose from the assembly, and took a spear in his hand. Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l,
8 He followed the Israelite man into the chamber and pierced them both—the Israelite man and the woman, through her belly. Then the plague against the Israelites stopped. epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann.
9 Those who died in the plague were 24,000. Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000).
10 Then our Father said to Moses, Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
11 "Phinehas son of Eleazar, son of Aaron the priest, has turned my anger from the Israelites by his zeal for my zeal among them, so I didn't destroy the Israelites in my zeal. “Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an.
12 Therefore say: I am giving him my covenant of peace. “Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li akò lapè Mwen.
13 He and his descendants after him will have a covenant of lasting priesthood, because he was passionate for me and made atonement for the Israelites." Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”
14 The name of the Israelite killed with the Midianite woman was Zimri son of Salu, a Simeonite clan leader. Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo.
15 The Midianite woman killed was named Cozbi, daughter of Zur, head of a clan in Midian. Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian.
16 Then our Father said to Moses, Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
17 "Treat the Midianites as enemies and strike them down, “Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo;
18 for they are your enemies through their trickery, by which they tricked you in the matter of Peor, and of Cozbi, daughter of Midian's leader, their sister, struck down on the day of the plague over Peor." paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]