Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After the plague, our Father said to Moses and to Eleazar son of Aaron the priest, Konsa, li te vin rive apre gwo epidemi an ke SENYÈ a te pale avèk Moïse e avèk Éléazar, fis Aaron an, prèt la. Li te di:
2 "take a census of the whole Israelite community by ancestral house, everyone twenty and older able to serve in Israel's army." “Fè yon kontwòl sou tout kongregasyon a fis Israël la soti nan laj ventan oswa plis, pou lakay zansèt a papa yo, nenpòt moun ki kapab sòti pou fè lagè an Israël.
3 Moses and Eleazar the priest spoke with them on the plains of Moab, by the Jordan across from Jericho: Se konsa ke Moïse avèk Éléazar te pale avèk yo nan plèn Moab la, akote Jourdain an, anfas Jéricho. Di yo:
4 "Count the people twenty years old and up, as our Father commanded Moses." These were Israel's people who came from the land of Egypt: Fè yon kontwòl a pèp la soti nan laj a ventan oswa plis, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.”
5 Reuben, Israel's firstborn. Sons of Reuben: Hanoch, clan of the Hanochites; Pallu, clan of the Palluites, Ruben, premye ne an Israël la, fis a Ruben yo: a Hénoc, fanmi a Enokit yo; a Pallu, fanmi a Paliyit yo;
6 of Hezron, the clan of the Hezronites; of Carmi, the clan of the Carmites. a Hetsron, fanmi a Estwonit yo; a Carmi, fanmi a Kamit yo.
7 These are the clans of the Reubenites; they numbered 43,730. Sila yo se fanmi a Ribenit yo: sila ki te konte nan yo a se te karann-twa-mil-sèt-san-trant (43,730).
8 The sons of Pallu: Eliab. Fis a Pallu yo: Éliab.
9 Eliab's sons: Nemuel, Dathan, and Abiram—the same Dathan and Abiram, community representatives who challenged Moses and Aaron in Korah's assembly, when they challenged our Father. Fis a Éliab yo: Nemeul, Dathan ak Abiram. Sila yo se te Dathan avèk Abiram ki te rele pa kongregasyon an, ki te kont Moïse ak Aaron nan konpanyen Koré yo lè yo te kont SENYÈ a,
10 The earth opened its mouth and swallowed them and Korah, when the company died and the fire consumed 250 men—they became a warning. epi tè a te vin ouvri bouch li e te vale yo ansanm avèk Koré, lè konpanyen sa yo te vin mouri, lè dife a te devore de-san-senkant (250) mesye. Konsa, yo te devni yon egzanp.
11 But the sons of Korah did not die. Sepandan, fis a Koré yo pa t mouri.
12 Simeon's sons by clan: Nemuel's, the Nemuelite clan; Jamin's, the Jaminite clan; Jachin's, the Jachinite clan, Fis a Siméon yo selon fanmi pa yo: a Nemeul, fanmi Nemilit yo, a Jamin, fanmi a Jaminit yo; a Jakin, fanmi a Jakinit yo;
13 of Zerah, the clan of the Zerahites; of Shaul, the clan of the Shaulites. a Zérach, fanmi a Zerakit yo; a Saül, fanmi a Saoulit yo.
14 These are the clans of the Simeonites: 22,200. Sila yo se fanmi a Simeyonit yo, venn-de-mil-de-san (22,200).
15 Gad's sons by clan: Zephon's clan, the Zephonites; Haggi's clan, the Haggites; Shuni's clan, the Shunites, Fis a Gad selon fanmi pa yo: a Tsephon, fanmi a Sefonit yo; a Haggi, fanmi a Agit yo; a Schuni, fanmi a Chounit yo;
16 of Ozni, the clan of the Oznites; of Eri, the clan of the Erites; a Ozni, fanmi a Oznit yo; a Éri, fanmi a Erit yo;
17 of Arod, the clan of the Arodites; of Areli, the clan of the Arelites. a Arod, fanmi a Awodit yo; a Areéli, fanmi a Areyelit yo.
18 These are the clans of the sons of Gad as they were numbered: 40,500. Sila yo se fanmi a fis a Gad yo selon sila ki te konte nan yo, te karant-mil-senk-san (40,500).
19 Judah's sons were Er and Onan; Er and Onan died in the land of Canaan. Fis a Juda yo te Er avèk Onan, men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaran.
20 Judah's sons by clan: from Shelah, Shelanite clan; from Perez, Perezite clan; from Zerah, Zerahite clan. Fis a Juda yo selon fanmi pa yo te: Schéla, fanmi a Chelanit yo; a Peret, fanmi a Peretit yo; a Zérach, fanmi a Zerakit yo.
21 Perez's sons: Hezron, clan of the Hezronites; Hamul, clan of the Hamulites. Fis a Peret yo te: a Hetsron, fanmi a Etswonit yo; a Hamul, fanmi a Amilit yo.
22 These are the clans of Judah as they were numbered: 76,500. Sila yo se fanmi a Juda selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-sèz-mil-senk-san (76,500).
23 Issachar's sons by clan: Tola, clan of the Tolaites; Puvah, clan of the Punites, Fis a Issacar yo selon fanmi pa yo: a Thola, fanmi a Tolatit yo; a Puva, fanmi a Pivit yo;
24 of Jashub, the clan of the Jashubites; of Shimron, the clan of the Shimronites. a Jaschub, fanmi a Jachoubit yo; a Shimron, fanmi a Chimwonit yo.
25 These are the clans of Issachar as they were numbered: 64,300. Sila yo se fanmi a Issacar, selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-twa-san (64,300).
26 Zebulun's sons by clan: from Sered, the Seredite clan; from Elon, the Elonite clan; from Jahleel, the Jahleelite clan. Fis a Zabulon yo selon fanmi pa yo: a Séred, fanmi a Seredit yo; a Élon, fanmi a Elonit yo; a Jaheel, fanmi a Jayelit yo.
27 These are the clans of the Zebulunites as they were numbered: 60,500. Sila yo se fanmi a Zabilonit yo selon sila yo ki te konte nan yo, se te swasant-mil-senk-san (60,500).
28 The sons of Joseph according to their clans were Manasseh and Ephraim. Fis a Joseph yo selon fanmi pa yo: Manassé ak Ephraïm.
29 Manasseh's sons: Machir's clan, the Machirites; Machir fathered Gilead; Gilead's clan, the Gileadites. Fis a Manassé yo: a Makir, fanmi a Makirit yo; epi Makir te devni papa a Galaad; a fanmi Galaadit yo;
30 Sons of Gilead: Iezer, clan of Iezerites; Helek, clan of Helekites, Sila yo se fis a Galaad yo: a Jézer, fanmi a Jezerit yo; a Hélek, fanmi a Helekit yo,
31 and of Asriel, the clan of the Asrielites; and of Shechem, the clan of the Shechemites; epi a Asriel, fanmi a Asriyelit yo; epi Sichem, fanmi a Sichemit yo;
32 and of Shemida, the clan of the Shemidaites; and of Hepher, the clan of the Hepherites. epi a Schemida, fanmi a Schemidayit yo; epi a Hépher, fanmi a Eferit yo.
33 Zelophehad son of Hepher had no sons, only daughters: Mahlah, Noah, Hoglah, Milcah, and Tirzah. Alò, Tselophchad, fis a Hépher a, pa t gen fis, men sèlman fi; epi non a fi a Tselophchad yo se te Machla, Noa, Hogla, Milca, ak Thirtsa.
34 These are the clans of Manasseh; they numbered 52,700. Sila yo se fanmi a Manassé yo; epi sila ki te konte nan yo, se te senkann-de-mil-sèt-san (52,700).
35 These are Ephraim's descendants by family: Shuthelah, family of the Shuthelahites; Becher, family of the Becherites; Tahan, family of the Tahanites. Sila yo se fis a Ephraïm yo selon fanmi pa yo: a Schutélach, fanmi a Chutelachit yo; a Béker, fanmi a Bekerit yo; a Thachan, fanmi a Tachanit yo.
36 And these are the sons of Shuthelah: of Eran, the clan of the Eranites. Sila yo se fis a Schutélach yo: a Éran fanmi a Eranit yo.
37 These are the clans of Ephraim's sons, by their count: 32,500. These are Joseph's sons by their clans. Sila yo se fanmi a fis a Ephraïm yo selon sila ki konte nan yo, se te trann-de-mil-senk-san (32,500). Sila yo se fis a Joseph yo selon fanmi pa yo.
38 Benjamin's sons by clan: Bela, clan of the Belaites; Ashbel, clan of the Ashbelites; Ahiram, clan of the Ahiramites, Fis a Benjamin yo selon fanmi pa yo: a Béla, fanmi a Belit yo; a Aschbel, fanmi a Achbelit yo; a Achiram, fanmi a Achiramit yo;
39 of Shephupham, the clan of the Shuphamites; of Hupham, the clan of the Huphamites. a Schupham, fanmi a Choufamit yo; a Hupham, fanmi a Oufamit yo.
40 Bela's sons: Ard and Naaman—from Ard, the Ardite clan; from Naaman, the Naamite clan. Fis a Béla yo se te: Ard ak Naaman: nan Ard, fanmi a Adit yo; nan Naaman, fanmi a Naamanit yo.
41 These are the sons of Benjamin by their clans; they numbered 45,600. Sila yo se fis a Benjamin selon fanmi pa yo; epi sila ki te konte nan yo, se te karann-senk-mil-sis-san (45,600).
42 These were Dan's sons by clan: from Shuham, the Shuhamite clan. These were Dan's clans by clan. Sila yo se fis a Dan yo selon fanmi pa yo: a Schucham, fanmi a Chouchamit yo. Sila yo se fanmi a Dan selon fanmi pa yo.
43 All the clans of the Shuhamites numbered 64,400. Tout fanmi a Chouchamit yo selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-kat-san (64,400).
44 Asher's sons by clan: Imnah, clan of the Imnites; Ishvi, clan of the Ishvites; Beriah, clan of the Beriites. Fis a Aser yo, selon fanmi pa yo: a Jimna, fanmi a Jimnit yo; a Jischvi, fanmi a Jischvit yo; a Beria, fanmi a Berit yo.
45 Sons of Beriah: Heber, clan of Heberites; Malchiel, clan of Malchielites. A fis a Beria yo: Héber, fanmi a Eberit yo; a Malkiel, fanmi a Malkyelit yo.
46 Asher had a daughter named Serah. Fi a Aser a te rele Sérach.
47 These are the clans of the sons of Asher as they were numbered: 53,400. Sila yo se fanmi a fis Aser yo selon sila ki te konte nan yo, se te senkant-twa-mil-kat-san (53,400).
48 Naphtali's sons by clan: Jahzeel, clan of Jahzeelites; Guni, clan of Gunites, Fis a Nephtali yo, selon fanmi pa yo: a Jahtséel, fanmi a Jatseyelit yo; a Guni, fanmi a Gounit yo;
49 of Jezer, the clan of the Jezerites; of Shillem, the clan of the Shillemites. A Jetser, fanmi a Jetsrit yo; a Schillem, fanmi a Chilemit yo.
50 These are the clans of Naphtali; they numbered 45,400. Sila yo se fanmi a Nephtali yo selon fanmi pa yo, epi sila ki te konte avèk yo, se te karann-senk-mil-kat-san (45,400).
51 This was the total number of the people of Israel: 601,730. Sila yo se sa yo ki te konte nan fis Israël yo, sis-san-en-mil-sèt-san-trant (601,730).
52 Then our Father said to Moses, Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
53 "Among these the land is to be divided for inheritance according to the number of names. Pami sila yo, peyi a va divize kòm yon eritaj selon fòs kantite pèp la.
54 Give the larger group more land, the smaller less—each share sized to its census count. Nan sila ki pi gran yo, ou va ogmante eritaj pa yo, e nan pi piti yo, ou va diminye eritaj yo. Chak va bay eritaj yo selon sila ki te konte nan yo.
55 But the land must be divided by lot; they will inherit according to their fathers' tribal names. Men peyi a va divize pa tiraj osò. Yo va resevwa eritaj yo selon fòs kantite ki te konte pami yo.
56 Their inheritance is to be apportioned by lot between the larger and the smaller." Selon tiraj osò a, eritaj pa yo a va divize antre sila ki pi gran ak sila ki pi piti yo.
57 These are the numbered Levites by their clans: Gershon's clan, the Gershonites; Kohath's clan, the Kohathites; Merari's clan, the Merarites. Sila yo se sa yo ki te konte pami Levit yo selon fanmi pa yo: a Guerschon, vin desann fanmi a Gèchonit yo; a Kehath, fanmi a Keyatit yo; a Merari, fanmi a Merarit yo.
58 Levi's clans: Libnite clan, Hebronite clan, Mahlite clan, Mushite clan, Korahite clan. Kohath fathered Amram. Sila yo se fanmi a Levi yo: fanmi a Libnit yo, fanmi a Ebwonit yo, fanmi a Machlit yo, fanmi a Mouchit yo, fanmi a Korit yo. Kehath te devni papa a Amram.
59 Amram's wife was named Jochebed, Levi's daughter, born to Levi in Egypt; she bore Amram Aaron, Moses, and their sister Miriam. Non a madanm Amram nan se te Jokébed, fi pou Levi a, ki te ne a Levi an Égypte; epi li te fè pou Amram: Aaron avèk Moïse avèk sè yo, Marie.
60 And to Aaron were born Nadab and Abihu, Eleazar and Ithamar. Pou Aaron te ne Nadab avèk Abihu, Éléazar ak Ithamar.
61 But Nadab and Abihu died when they offered unauthorized fire before our Father. Men Nadab avèk Abihu te mouri lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a.
62 The Levites counted numbered 23,000, every male a month old and up. They were not counted among the Israelites, since no inheritance was given them among the Israelites. Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil (23,000), tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo.
63 Moses and Eleazar the priest counted these on the plains of Moab by the Jordan, across from Jericho. Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho.
64 None of these had been counted by Moses and Aaron the priest in the wilderness of Sinai. Men pami sila yo, pa t gen yon mesye nan sa yo ki te konte pa Moïse avèk Aaron, prèt la, ki te konte fis a Israël yo nan dezè a Sinaï a.
65 For our Father had said of them, "They would surely die in the wilderness." None remained, except Caleb son of Jephunneh and Joshua son of Nun. Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]